“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap fèmen tout andwa lekòl yo pou semèn 16 mas nan, akòz COVID-19 (coronavirus) la. Semèn ki ap suiv la, Vakans Prentan yo, ap kontinye jan sa te planifye.
Depi nan kòmansman epidemi an, M-DCPS te kontinye ap dekri sitiyasyon an kòm yon sitiyasyon ki ap chanje detanzantan e ki ap evolye. Depi yè aprèdi, sitiyasyon an te akselere rapidman e konsiderableman, avèk notifikasyon yon ka coronavirus ki konfime nan Vil Bay Harbor Islands Bay, ki te fè yo oblije fèmen Sant K-8 Ruth K. Broad/Bay Harbour. Nan fen aprèmidi jedi yè a, Kolèj Miami Dade tou te dirèkteman avize elèv nan Lekòl pou Etid Avanse ak elèv k ap patisipe nan kou anwolman doub yo, tout kanpous yo fèmen. Desizyon kolèj la te afekte plizyè milye elèv ak fanmi M-DCPS yo.
Finalman, 24 èdtan ki sot pase yo te soulve anpil enkyetid konsènan ponktyalite ak presizyon nan kominikasyon ant ajans yo, ansanm ak disponibilite e repòtaj sou tès coronavirus la.
Kòm rezilta nan sitiyasyon entenab sa a, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te pran desizyon difisil pou fèmen tout lekòl Distri yo pou semèn nan, nan envoke Règ Komisyon Konsèy Lekòl 8420, ki deklare fèmti ijan tout lekòl pou semèn ki ap kòmanse 16 mas la.
Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho di, "Desizyon pou fèmen lekòl nou yo se pa youn nou pran alalejè; paske nou konnen lè timoun pa lekòl, kominote nou an afekte dirèkteman… Gen yon gwo diferans ant prepare pou yon siklòn ak prepare pou enpak potansyèl coronavirus la. Siklòn natirèlman suiv yon tras; COVID-19 enkonvansyonèl e enprevizib. Nou pa konnen ki lè, ki kote oubyen ki moun li pral touche. Nou lite pou pran desizyon ki nan pi bon enterè elèv, fanmi, ak anplwaye yo. Nou dwe valorize byennèt elèv ak anplwaye nou yo anvan tout bagay."
Distri a te ap prepare pou posiblite fèmti lekòl depi premye jou a. Nou te devlope e pataje avèk pwofesè atravè M-DCPS yo ‘‘The instructional continuity plan (ICP)’’ (plan kontinyite enstriksyonèl (ICP) nou ka jwenn nan http://icp.dadeschools.net/. Nou atann pou tout elèv kontinye pwogrese nan aprantisaj yo anba konsiltasyon ak konsèy pwofesè yo. Distri a ap bay pwofesè yo devlopman pwofesyonèl adisyonèl, sou Entènèt, pou sipòte aprantisaj distans lendi. Pwofesè yo ap resevwa enfòmasyon sa yo nan men "District’s Office of Human Capital Management” (Biwo Jesyon Kapital Imèn nan Distri a).
Kòm yon pati nan plan ki te deja etabli, Distri a te adapte tou kontni ki pou aksesib pou elèv ki gen bezwen espesyal.
Nou te etabli yon liy dirèk sipò pou pwofesè, elèv, ak paran k ap chèche asistans pou aprantisaj distans. Nimewo pou liy enfòmasyon an se 305-995- HELP. Li pral aktif jiska 8:00 diswa aswè a e li ap rekòmanse fonksyone soti 9:00 dimaten pou 5:00 nan aprèmidi semèn pwochèn.
Kòm yon pati nan plan nou te etabli, Distri a te adapte tou kontni ki te dwe aksesib pou elèv ki gen bezwen espesyal.
Nou te etabli yon liy dirèk sipò pou pwofesè, elèv, ak paran k ap chèche asistans ak aprantisaj a distans. Nimewo a pou liy telefòn enfòmasyon an se 305-995-HELP (4356). Li ap aktif jiska 8:00 diswa aswè a, samdi kòmanse 8è dimaten - midi, e li ap rekòmanse fonksyone kòmanse 9:00 dimaten pou 5:00 nan aprèmidi semèn pwochèn.
Nou te avize tout paran pou ranpli yon sondaj sou aparèy mobil pou preparasyon pou ijans pandan semèn dènye a, pou ede Distri a asire elèv yo gen aksè a aparèy dijital ak Entènèt, si nou ta dwe fèmen lekòl. Distri a te kòmanse distribisyon aparèy bay fanmi ki te fè konnen yo pat gen yon aparèy mobil lakay yo, byen bonè maten an. Distribisyon yo ap kontinye nan tout lekòl jiska 7:30 diswa aswè a; eksepte nan ka Sant K-8 Ruth K. Broad/Bay Harbor, kote nou ap mete yon lòt andwa disponib pou yo. M-DCPS ap rekòmanse distribisyon aparèy yo samdi, e nou ap kominike dirèkteman ak paran yo atravè mesaj otomatik lè espesifik pou yo vin pran aparèy yo. Aktivite ki te pwograme nan lekòl yo, tankou ‘‘Saturday Academy’’ (Akademi Samdi) ak lokasyon etablisman yo, ap fonksyone jan sa te pwograme pandan fen semèn nan.
Kòmanse lendi, fanmi ki nan bezwen pou koneksyon Entènèt kapab jwenn sèvis pou 60 jou, gratis nan Comcast. Nou ap bay enfòmasyon sou sèvis sa a nan http://distancelearning.dadeschools.net.
Gwoup anplwaye sa yo ap kontinye ofri sèvis ki esansyèl: tout Pèsonèl nan posizyon Administratif avèk Egzanpsyon yo ak pèsonèl sipò administratif nou seleksyone; pèsonèl sekirite ak pwoteksyon nou seleksyone; ak ekip sèvis manje, sanitasyon, ak antretyen nou seleksyone. Distri a pral suiv e fè rekòmandasyon pou yon lejislasyon federal ki fèt pou ofri soulajman pou anplwaye ki touche pa èdtan yo e coronavirus la ap afekte. Kòm yon pati nan Règleman Komisyon Konsèy Lekòl la etabli, Distri a ap konsidere tout opsyon ki disponib yo pou pèmèt anplwaye yo resevwa peman pou lè yo pa t travay pandan peryòd ijans la. Distri a an konvèsasyon tou avèk antite federal yo, pou rekòmande ranbousman lajan ki depanse an rapò ak peryòd ijans la ak fèmti lekòl yo.
Avèk Vakans Prentan yo ki ap apwoche, anplwaye yo gen anpil chans fè plan pou vwayaje. Nou ta ankouraje w anpil pou w evite vwayaje nan zòn kounye a ki nan Nivo 3 oubyen Nivo 2, e ranvwaye vwayaj kwazyè bato yo. Si anplwaye ta chwazi vwayaje alankont konsèy sa yo, yo dwe konsidere konsèy CDC rekòmande konsènan pwotokòl pou yo izole pwòp tèt yo.
Anplwaye M-DCPS ki bezwen sipò byennèt mantal ka kontakte Pwogram Asistans pou Ijans la nan 305-995-7111. Nou ap bay sèvis sa a ant 9è dimaten – 5è nan aprèmidi lendi - vandredi.
M-DCPS ap toujou kontinye byen dezenfekte lekòl yo. Andwa lekòl ki pwograme pou sèvi kòm biwo vòt pou Jou Eleksyon madi 17 mas la ap ouvè pou piblik la an jeneral pou vote jan li te planifye.
Pandan nou sispann klas yo, konstriksyon ak pwojè amelyorasyon etablisman yo ap kontinye nan yon delè akselere.
Tout kontraktè ak vandè yo resevwa enstriksyon pou yo suiv pwotokòl CDC sou coronavirus la.
Depatman Sèvis Sante Mantal etabli yon liy enfòmasyon sou sante mantal pou ede elèv ak fanmi yo pandan moman sa a ki gen anpil estrès. Liy enfòmasyon pou sipò a ap fonksyone pandan semèn fèmti lekòl la, soti 9è dimaten – 5è nan aprèmidi. Elèv ak fanmi yo ka kontakte liy sa a nan 305-995-7100.
Distri a konnen ensekirite alimantè se yon pwoblèm serye nan kominote nou an. M-DCPS ofri dejne gratis pou tout elèv ansanm ak repa midi gratis oubyen nan pri redui pou plis pase 73% elèv. Avèk sipò patnè kominotè lokal yo, M-DCPS toutafè pare pou l egzekite yon plan pou nouri kominote a nan ofri manje pou elèv ak fanmi.
Tout lekòl yo ap ofri dejne ak repa midi pou pote lakay ant 9è dimaten ak 12:30 nan aprèmidi, lendi jiska vandredi lòt semèn.
Nan yon efò pou sipòte bonjan sèvis sante nan Sid Florid, M-DCPS ap travay ak patnè yo pou ede ofri gadri pou anplwaye nan Jackson Health System toupre tout sant medikal li yo.
Moun ki gen kesyon ka kontinye rele nan liy enfòmasyon pou Operasyon Ijans Distri a nan 305-995-3000. Distri a ap kontinye siveye tout devlopman nan sitiyasyon sa a ki ap evolye e l ap kominike atravè mesaj otomatik, medya sosyal, anons sou medya yo. Nou ap poste dènye enfòmasyon yo tou nan http://covid19.dadeschools.net .
Pou dènye enfòmasyon yo silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/155/NZ/SD