Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/16/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS ap Bay Elèv ak Fanmi yo Sipò Pandan Fèmti Lekòl la

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County ap kontinye efò li yo pou bay elèv ak fanmi yo sipò pandan fèmti lekòl la, ki ap kòmanse demen 16 mas. Soti nan aprantisaj a distans, ak bay kominote a manje, e fasilite gadri pou pèsonèl medikal esansyèl yo, M-DCPS kanpe fèm nan angajman li pou l sipòte kominote Sid Florid la pandan epòk tan ensètitid sa a.

 


Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Depi kèk semèn, nou t ap swete pou tout bagay pase an byen, men nou t ap prepare pou si sa pase mal… Nou te gen tan pran etap nesesè pou kontinye bay elèv nou yo edikasyon e asire yo pa grangou. Sepandan, menm jan ak nenpòt ki sitiyasyon difisil, nou dwe rekonèt tou pral gen difikilte sou wout la. Nou ap mande paran yo ak manm kominote a pou yo pran pasyans pandan n ap navige nan sitiyasyon sa a ki nouvo pou nou.

 

Efò Koneksyon Dijital

Depi vandredi maten, M-DCPS te distribye plis pase 42,000 aparèy mobil pou moun ki pa t genyen yo, pou asire tout elèv atravè distri a ap kontinye aprann lakay yo.

 

Kòmanse lendi, Comcast ap ofri ‘WiFi’ gratis atravè ‘hotspots’ pou 60 jou kote gen sèvis ‘Xfinity’ disponib. Sa vin ajoute sou “Enternet Essentials Program” (Pwogram Entènèt Fondamantal), yo nòmalman peye 9.95 chak mwa, ki pral bay yon modèm nan kay la pou 60 jou sèvis gratis pou fanmi ki pa gen gwo salè ki elijib nan M-DCPS. Nou ankouraje moun nan bezwen yo anpil pou yo patisipe nan pwogram sa a.  Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sèvis Entènèt gratis la nan http://distancelearning.dadeschools.net/. Aksè a koneksyon ‘hotspots’ la dwe limite sèlman pou itilizasyon sèvis edikasyonèl oubyen lòt sèvis sante esansyèl ak fonksyon sekirite. Comcast te dakò tou pou bay fleksibilite sou frè peman an reta ak opsyon peman. Moun ki gen difikilte pou peye pou sèvis Entènèt yo dwe kontakte 1-800Comcast.

 


Estrikti Aprantisaj A Distans

Depi enkyetid sou coronavirus la te kòmanse, M-DCPS te kòmanse ap prepare plan detaye “Instructional Continuity Plan (ICP) ” (Plan Kontinite Enstriksyonèl) e li te pataje l avèk pwofesè, elèv ak paran. Ou ka jwenn enfòmasyon sa a nan http://icp.dadeschools.net/. Kòm yon pati nan plan ki etabli a, Distri a te adapte tou kontni ki dwe aksesib pou

elèv ki gen bezwen espesyal. Elèv yo ka jwenn aksè aplikasyon yo atravè Pòtal Elèv la.  

 

Atant la se pou elèv yo kontinye pwogrese nan aprantisaj yo avèk konsiltasyon ak konsèy pwofesè yo ansanm ak kolaborasyon paran/gadyen yo.  

 

Elèv yo te ale lakay yo avèk yon “School Closure Student Checklist” (Lis pou Tcheke pou Fèmti Lekòl) vandredi. Li te gen ladan tou ICP pou pwofesè yo. Si paran yo pa t jwenn li yo dwe kontakte lekòl pitit yo. ICP M-DCPS pa baze sou ‘Cloud’. Elèv yo pa bezwen yon aparèy ki soti nan M-DCPS si yo gen aksè òdinatè oubyen aparèy mobil lakay yo.

 

Lendi, Distri a pral òganize yon ‘‘webinar’’ (atelye sou Entènèt) pou bay pwofesè yo plis fòmasyon devlopman pwofesyonèl sou ICP ak Ekip Microsoft yo pou sipòte aprantisaj a distans. 

 

Nou etabli yon liy dirèk pou sipòte pwofesè, elèv, ak paran/gadyen k ap chèche asistans ak aprantisaj a distans. Nimewo pou liy telefòn nan se 305-995-HELP. Li pral fonksyone soti 8è dimaten pou 4è nan aprèmidi semèn semen sa a.


Distribisyon Manje pou Elèv yo

Ensekirite alimantè se yon enkyetid grav nan kominote nou an. M-DCPS ofri dejne gratis pou tout elèv e manje midi gratis oubyen nan pri redui pou plis pase 73 pousan elèv yo. Avèk sipò patnè kominotè lokal yo, M-DCPS pare pou aplike yon plan pou bay manje nan kominote a pou bay TOUT elèv manje.

 

Lekòl yo ap bay yon sache repa cho pou ki tou pake pou elèv yo pote lakay yo ni pou dejne ni pou repa midi ant 9è dimaten pou 12:30 nan aprèmidi kòmanse lendi jiska vandredi semèn pwochèn. Se anplwaye sèvis manje M-DCPS yo ki pral prepare repa sa yo. Elèv yo ka ale nan lekòl yo enskri a oubyen nan lekòl katye yo pou pran manje yo. Distribisyon manje yo pral fèt nan yon zòn ki nan perimèt ekstèn bilding lekòl la.


Efò Sanitasyon

M-DCPS ap toujou kontinye fè gwo sanitasyon anpwofondè nan lekòl yo. Kòmanse lendi depi 6è dimaten, ekip ki gen ladan gadyen rejyonal yo, gadyen sipèvizè anchèf ap sipèvize, pral kòmanse vizite tout lekòl ki ap fè bonjan netwayaj. Nèf ekip, ki fòme de 20 a 30 gadyen chak (180 gadyen), pral ale nan lekòl e sèvi avèk pwodui pou tiye mikwòb lopital sèvi pou netwaye planche, salklas, twalèt, kafeterya, jimnazyòm, ak tout zòn komen yo, pwen kontak, siye e pase mòp sou sifas yo e vaporize kote sa nesesè. Pèsonèl mentnans la ap adrese kesyon kalite le a nan netwaye filtè ak bobbin èkondisyone yo. Ekip yo pral suiv pwotokòl maladi kontajye ki gen ladan kostim pou pwoteksyon pèsonèl ak lave tout bagay yo itilize.

 

Sipò Polis Lekòl

“Miami-Dade Schools Police Department (M-DSPD)” (Depatman Polis Lekòl Leta Miami-Dade) pral bay pwoteksyon pou aplikasyon lalwa nan lekòl pandan tout semèn nan. Ofisye yo pral ede nan sant distribisyon manje yo, reponn apèl pou sèvis nan tout  andwa distri yo, bay pwoteksyon vennkat sou vennkat nan Sant Kòmand Polis yo a. M-DSPD pral asiste tou minisipalite lokal ak Konte Miami-Dade yo ak nenpòt ensidan ki enplike jèn e yo ap kontinye kolabore avèk ajans lokal, eta, ak federal yo, ki gen ladan Depatman Sekirite Teritoryal, kontwole aktivite medya sosyal yo. 


Enfòmasyon pou Anplwaye M-DCPS

Gwoup anplwaye M-DCPS sa yo ap kontinye bay sèvis esansyèl: tout administratè lekòl ak Distri yo ak pèsonèl sipò administratif yo chwazi; pèsonèl pwoteksyon ak sekirite

limite; e ekip travay manje yo chwazi, ekip sanitasyon ak antretyen. Administratè andwa travay yo ap kontakte anplwaye nan gwoup sa yo ki oblije rapòte nan travay.

 

Pandan anplwaye a tan pasyèl yo pap rapòte nan travay, kòm yon pati nan Règ 8420 Komisyon Konsèy Lekòl la etabli, Fèmti Ijans Lekòl yo, nou pral fè tout efò pou bay anplwaye a tan pasyèl yo opòtinite ki pat travay pandan ijans la travay pita pou ratrape tan yo pèdi yo.

 

Avèk Vakans Prentan ki ap apwoche, anplwaye yo gen anpil chans fè plan pou yo vwayaje. Nou rekòmande anpil pou evite vwayaje nan zòn kounye a ki nan Nivo 3 oubyen Nivo 2, e ranvwaye vwayaj kwazyè bato. Si yon anplwaye ta chwazi vwayaje alankont konsèy sa yo, yo dwe pote atansyon a konsèy CDC bay ki gen rapò avèk pwotokòl konsènan izolasyon pwòp tèt yo.

 

Avètisman vwayaj ak konsèy ki gen rapò avèk yo kontinye ap evolye pandan antite federal, eta, ak lokal yo ap aprann plis sou COVID-19 ak enpak li yo. Konsa, nou ankouraje anplwaye yo revize sit Entènèt CDC a regilyèman.

 

Anplwaye ki anwole nan yon plan sante Distri a pap gen okenn depans ki soti nan pòch yo pou tès COVID-19, si li medikalman nesesè.

 

Lòt Enfòmasyon ki enpòtan

Notifikasyon aplikasyon Magnet, ki pwograme pou 15 mas yo te ranvwaye. Aplikasyon yo pap gen okenn pwoblèm e elèv oubyen paran yo pa gen okenn aksyon ki nesesè pou yo pran nan moman sa a. Yon fwa yo pèmèt lekòl ouvè, nou ap rekòmanse ak pwosesis notifikasyon an. Paran ka vizite http://choice.dadeschools.net/ pou voye kesyon bay anplwaye Magnet yo. Anba Fòm nan

 

“Miami-Dade Online Academy” (Akademi sou Entènèt Miami-Dade), akademi K-12 aplentan a distans Distri a pa t afekte akoz fèmti lekòl yo. Elèv nan lekòl sou Entènèt dwe kontinye travay sou pwogram vityèl yo.

 

Andwa lekòl ki pwograme pou sèvi kòm biwo vòt pou Jou Eleksyon madi 17 mas la ap ouvè pou piblik la an jeneral pou vote jan li te planifye.

 

Pandan sispansyon klas yo, konstriksyon ak pwojè amelyorasyon etablisman yo ap kontinye nan yon delè akselere. Tout kontraktè yo ak founisè yo te jwenn lòd pou yo suiv pwotokòl CDC te etabli pou coronavirus la.

 

Distri a ap fè rekòmandasyon tou pou fè pwovizyon pou finansman pou sipòte kontinite sèvis fon pou sipòte kontinite sèvis ak èd pou anplwaye ki afekte akoz fèmti lekòl la, maladi yon manm fanmi oubyen anplwaye a li menm, ansanm ak pèt salè. Aktyèlman kongrè a ap konsidere H.R. 6201, Premye Akò Repons pou Fanmi konsènan Coronavirus.   

 

Nan yon efò pou sipòte sèvis sante ki trè enpòtan nan Miami, M-DCPS ap travay pou ofri gadri pou anplwaye ‘University of Miami Health System’ ak ‘Jackson Health System’ ki toupre twa kanpous Jackson yo, nan zòn nò, santral ak sid konte a, ansanm ak enplwaye yo chwazi nan sistèm sante University of Miami an. Pèsonèl M-DCPS yo ap dezenfekte gadri ki lokalize nan lekòl yo, nan nuit, e tout anplwaye gadri yo dwe suiv menm estanda avèk anplwaye M-DCPS yo pou depistaj ak pwotokòl coronavirus la. Ap gen yon pwofesyonèl swen sante sou plas nan chak sant sa yo pou evalye chak elèv avan yo antre nan etablisman sa a. Ap gen de (2) administratè distri ak yon ofisye polis sou plas tou.  

De (2) administratè Distri ak yon ofisye polis ap prezan nan chak sant tou. 

 

Liy Telefòn Sipò M-DCPS yo:

·         Liy pou Operasyon Ijans Distri a: 305-995-3000

o   Pou reponn kesyon elèv, paran, ak lòt manm kominote a konsènan efò sekou ki ap fèt nan lelòl distri a konsènan coronavirus la.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 8è dimaten – 5è nan aprèmidi


·         Liy pou Plan Aprantisaj Enstriksyonèl: 305-995-HELP (4357)

o   Pou sipote elèv, paran, ak pwofesè pou angaje elèv nan aprantisaj a distans.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 8è dimaten – 4è nan aprèmidi

 

·         Liy pou Sèvis Sante Mantal: 305-995-7100

o   Liy pou ede elèv ak fanmi yo avèk sèvis sante mantal pandan moman twoublan sa a.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 9è dimaten – 5è nan aprèmidi

 

·         Pwogram Asistans pou Anplwaye M-DCPS: 305-995-7111

o   Pwogram pou ede avèk sipò pou byennet anplwaye M-DCPS.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 9è dimaten – 5è nan aprèmidi

 

Resous M-DCPS sou Entènèt

 

·         http://covid19.dadeschools.net

Kontinye ofri dènye enfòmasyon konsènan aksyon M-DCPS ki gen rapò ak epidemi coronavirus la.

·         http://distancelearning.dadeschools.net/

o   Ofri enfòmasyon sou Entènèt Comcast gratis ansanm ak bonjan zouti ak gid dijital.

 

·         http://icp.dadeschools.net/

o   Ofri plan M-DCPS pou aprantisaj a distans pou elèv klas matènèl-12èm ane eskolè.

 

Distri a ap kontinye suiv tout devlopman ki ap fèt nan sitiyasyon sa a ki kontinye ap devlope e nou ap kominike atravè lyen ki anwo yo, ansanm ak mesaj otomatik, anons sou medya ak media sosyal.

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/157/NZ/SD/CM

Follow us