Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/18/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Bay Dènye Enfòmasyon Enpòtan Konsènan Aprantisaj A Distans ak Fonksyonman Sistèm Lekòl la

Byen ta aprèmidi a, “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) te anonse tout kanpous lekòl K-12 ak sant karyè ak teknik yo ap rete fèmen jiska 15 avril. Tout evalyasyon obligatwa eta yo anile pou rès ane lekòl la. Tout lòt evalyasyon pou preparasyon pou antre lekòl, evalyasyon klas matènèl volontè ak K-12 yo anile. Nou pral evalye demand pou gradyasyon ak pwomosyon yo, ak nòt fen kou yo kòmsi evalyasyon ki anile sa yo pa t egziste. Anplis, nou pap kalkile nòt pèfòmans lekòl pou ane akademik 2019-2020 la.

FDOE te avize tou nou ka redirije fon definitif ki pa depanse yo, fon yo te asiyen pou objektif espesifik, pou bay elèv defavorize yo aparèy dijital ak sèvis Entènèt.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Nou akeyi desizyon espesifik pou responsablite ak evalyasyon nan tout eta a, e nou felisite Gouvènè a ak Komisyonè a dèske yo bay distri lekòl yo gwo fleksibilite nan itilizasyon finansman an pou adrese bezwen kritik yo… libète sa a ap ede distri yo pou navige avèk siksè nan nouvo reyalite edikasyonèl sa a."

Livrezon Ansèyman

Depi nouvèl epidemi COVID-19 (coronavirus) la te parèt, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te prepare pou aprantisaj a distans.

Depi vandredi 13 mas, M-DCPS te deplwaye plis pase 50,000 aparèy bay elèv pou yo itilize pandan aprantisaj a distans. Aparèy yo ap kontinye disponib pou yo vin pran yo nan lokal lekòl yo nan fen jounen mèkredi 18 mas pou elèv ki bezwen yo.

Premye jou aprantisaj a distans lendi 16 mas la nan M-DCPS te bay yon rezilta enpresyonan, avèk apwoksimativman 16,600 pwofesè k ap resevwa devlopman pwofesyonèl atravè “webinar” (atelye sou Entènèt), ak plizyè santèn milye elèv ki konekte atravè yon gran varyete aplikasyon edikasyonèl sou entènèt.

Koneksyon pwofesè-elèv la pa t pèdi akoz yo pa nan salklas la. Te gen plis pase 86,000 opinyon ak plis pase 25,000 repons elèv-pwofesè sou ‘Edmodo’, youn nan plizyè platfòm dijital ki disponib pou pwofesè konekte dirèkteman ak elèv ak paran/gadyen.

Liy enfòmasyon pou Aprantisaj a Distans la (305- 995-HELP) te ede 800 elèv, paran, ak pwofesè nan lendi sèlman. Liy enfòmasyon an pran apèl adisyonèl jodi a e l ap rete ouvè chak jou kòmanse 8è dimaten rive 4è nan aprèmidi jiska vandredi 20 mas.

Angajman Paran/Gadyen enpòtan anpil pou siksè aprantisaj a distans la. Elèv ak paran yo ka jwenn aksè sou plan detaye “Instructional Continuity Plan (ICP)” (plan kontinite enstriksyonèl) M-DCPS la lè yo ale nan http://icp.dadeschools.net/.  Kòm yon pati nan plan nou etabli a, Distri a te adapte tou pou kontni ki aksesib pou elèv ki gen bezwen espesyal ak Elèv ki ap Aprann Lang Anglè. Elèv yo ka jwenn aksè sou aplikasyon yo atravè Pòtal Elèv la.

Pou ede ak koneksyon Entènèt, Comcast ap kontinye bay ‘Wi-Fi’ gratis atravè ‘Xfinity hotspots’ kote sèvis Xfinity disponib pou 60 jou. Nou ajoute sa anplis sou Pwogram Fondamantal Asistans Entènèt nòmal la, $9.95 chak mwa a, ki pral bay yon modèm nan kay la ak 60 jou sèvis gratis pou fanmi ki pa gen gwo mwayen M-DCPS ki kalifye.

Nou ankouraje pou moun ki nan bezwen anpil pou yo patisipe nan pwogram sa a. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sèvis Entènèt gratis sa a nan http://distancelearning.dadeschools.net/.  Nou limite aksè koneksyon ‘WiFi’ gratis la atravè ‘hotspots’ pou sèvis edikasyonèl oubyen lòt fonksyon esansyèl sante ak sekirite. Comcast dakò tou pou yo bay fleksibilite sou frè pou peman an reta ak opsyon peman yo. Moun ki gen difikilte pou peye pou sèvis Entènèt yo dwe kontakte 1-800-Comcast.

Efò Sanitizasyon

Ekip ki gen ant 20 a 30 gadyen, ak yon sipèvizè gadyen ap sipèvize, ap dezenfekte lekòl yo depi byen bonè lendi maten. Ekip yo dezenfekte plis pase 20 lekòl jiska prezan, nan itilize dezenfektan lopital sèvi pou netwaye planche, salklas, twalèt, kafeterya, jimnaz, tout zòn komen ak pwen kontak yo; siye e mòpe sifas atè yo e vaporize kote li nesesè. Pèsonèl antretyen yo tou ap adrese kontwòl kalite respirasyon lè a tou nan netwaye filtè klimatizè yo ak woulo yo. Ekip yo ap suiv pwotokòl maladi kontajye ki gen ladan itilize kostim pwoteksyon pèsonèl e lave tout bagay yo itilize.

Anilasyon Reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl Mas la

Daprè Règleman Komisyon Konsèy 0165, konsènan Reyinyon Piblik, reyinyon regilye Komisyon Konsèy Lekòl ki te pwograme pou 18 mas 2020 an, anile akoz rezilta fèmti aktyèl lekòl la ki konfòm ak deklarasyon Gouvènè Ron DeSantis sou Eta Dijans akòz pandemi Maladi Coronavirus 2019 (COVID-19) la.

Nan suiv konsèy Depatman Sante Florid la, ki sijere "anilasyon rasanbleman ki gen plis pase 10 moun ..." pou pwoteje kont pwopagasyon COVID-19 la, M-DCPS ap pran tout prekosyon pou asire sekirite mendèv nou yo ak kominote nou an. 

Anilasyon sa a reflete sou kalandriye ofisyèl Distri a, ou ka wè yo nan http://meetings.dadeschools.net/. Nou ap ba ou notifikasyon apwopriye konsènan dat ranplasman pwochen orè reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la.

Enfòmasyon pou Anplwaye M-DCPS

Pou limite rasanbleman plis pase 10 moun, kòmanse demen, nou asiyen anplwaye nan Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la pou yo travay a distans, amwenske administratè andwa travay yo a deziyen yo espesyalman.

Anplwaye, moun ki retrete, ak depandan yo pral gen aksè swen sante san entèripsyon. Kouvèti asirans ap kontinye, menmsi benefisye a pako gen abilite pou peye frè a. Yonfwa operasyon nòmal yo rekòmanse, aranjman ap fèt pou yo peye balans la.

Anplwaye ki anwole nan plan sante Distri a pap fè okenn depans nan fon pa yo pou egzamen COVID-19 la, si li medikalman nesesè. 

Resamman CDC te bay enfòmasyon sou nivo previzyon vwayaj ki elve pou divès zòn, e li te bay konsèy espesifik  ki gen rapò ak nan bato kwazyè. Distri a rekòmande seryezman pou anplwaye yo pa vwayaje nan zòn ki nan Nivo 3 oubyen Nivo 2, e pou yo ranvwaye vwayaj yo te gen pou fè nan bato kwazyè. Si yon anplwaye chwazi pou li vwayaje malgre previzyon sa yo, li ap peye pou absans yo ann akò ak pwosedi pewòl ki anplas yo.  

Distribisyon Manje pou Elèv

Distri a ap kontinye ofri elèv ak fanmi dejne ak repa midi “tou pare pou yo pote lakay,” nan zòn ki sou deyò lekòl yo ant 9:00 dimaten – 12:30 nan aprèmidi semen sa a. Pèsonèl sèvis manje M-DCPS distribye plis pase 50,000 repa cho pou pote lakay nan de (2) premye jou fèmti lekòl yo, sa ki demontre gwo bezwen ki gen nan kominote nou an.  

Liy Telefòn Sipò M-DCPS yo:

        Liy pou Operasyon Ijans Distri a: 305-995-3000

o   Pou reponn kesyon elèv, paran, ak lòt manm kominote a konsènan efò sekou ki ap fèt nan lekòl distri a konsènan coronavirus la.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 8è dimaten – 5è nan aprèmidi

        Liy pou Plan Aprantisaj Enstriksyonel: 305-995-HELP (4357)

o   Pou sipote elèv, paran, ak pwofesè pou angaje elèv nan aprantisaj a distans.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 8è dimaten – 4è nan aprèmidi

 

         Liy pou Sèvis Sante Mantal: 305-995-7100

o   Liy pou ede elèv ak fanmi yo avèk sèvis sante mantal pandan moman twoublan sa a.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 9è dimaten – 5è nan aprèmidi  

 

      Pwogram Asistans pou Anplwaye M-DCPS: 305-995-7111

o   Pwogram pou ede avèk sipò pou byennèt anplwaye M-DCPS.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 9è dimaten – 5è nan aprèmidi 

Resous M-DCPS sou Entènèt

 

    http://covid19.dadeschools.net

                o  Kontinye ofri dènye enfòmasyon konsènan aksyon M-DCPS ki gen rapò ak epidemi coronavirus la.

      http://distancelearning.dadeschools.net/

o   Ofri enfòmasyon sou Entènèt Comcast gratis ansanm ak bonjan zouti ak gid dijital. 

     http://icp.dadeschools.net/

o   Ofri plan M-DCPS pou aprantisaj a distans pou elèv klas matènèl-12èm ane eskolè.

Distri a ap kontinye suiv devlopman sitiyasyon sa a ki ap evolye e l ap kominike atravè lyen ki anwo yo, e atravè mesaj otomatik, anons sou medya ak medya sosyal.

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho



# # #

20-DGD/160/NZ/SD/CM

Follow us