Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/19/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Bay Dènye Enfòmasyon Konsènan Aprantisaj a Distans Ak Fonksyonman Sistèm Lekòl la

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye ap kalibre efò li yo nan tout kapasite pou pèmèt siksè enplemantasyon aprantisaj a distans, estabilite alimantè pou kominote a, ak operasyon sistèm lekòl la.

Livrezon Enstriksyonèl ak Bay Nòt

Plizyè santèn milye elèv ak pwofesè kontinye ap itilize platfòm aprantisaj sou Entènèt la pou angaje nan aprantisaj a distans.Depi M-DCPS te lanse Plan Kontinite Enstriksyonèl la, lendi 13 mas gen plis pase 1.5 milyon elèv ki konekte sou aplikasyon enstriksyonèl ‘Edgenuity’ e plizyè dizèn milye elèv ak pwofesè te reponn sou ‘Edmodo.’ Sa se sèlman de (2) nan plizyè platfòm dijital ki disponib pou pwofesè konekte dirèkteman avèk elèv ak paran/gadyen yo.

 

Pandan faz 1 aprantisaj a distans la (16 - 20 mas, 2020), pwofesè ak elèv yo ap ajiste yo pou anseye e aprann nan yon nouvo fason.  Pandan faz sa a nou pap penalize elèv yo akademikman. Pwofesè yo gen opsyon pou bay nòt pou devwa pandan semèn 16-20 mas la sèlman si yo fè enpak pozitif sou nòt final endividyèl pandan peryòd nòt 3 a. Anplis, nou pral voye enfòmasyon konsènan fason pou bay nòt pou peryòd nòt 4 yo.

Pandan nou ankouraje pou elèv yo kontinye aprantisaj yo pandan Vakans Prentan an, li pa egzijib e nou pap kontwole l. M-DCPS swete pou tout elèv, fanmi, ak pwofesè yo pran tan pou yo amize yo pandan vakans la, menm nan moman difisil sa yo.


Aprantisaj a distans ap rekòmanse ankò lendi 30 mas e li ap rete enpòtan anpil pou paran/gadyen yo ankouraje li e bay èd pou l ka pi fasil.

Elèv ak paran yo ka jwenn aksè sou plan detaye “Instructional Continuity Plan (ICP)” (plan kontinite enstriksyonèl) M-DCPS la lè yo ale nan http://icp.dadeschools.net/.  Kòm yon pati nan plan nou etabli a, Distri a te adapte tou pou kontni ki aksesib pou elèv ki gen bezwen espesyal ak Elèv ki ap Aprann Lang Anglè. Elèv yo ka jwenn aksè sou aplikasyon yo atravè Pòtal Elèv la.


Nou ap jwenn yon nouvo paj enfòmasyon sou kesyon yo poze souvan ki gen rapò ak aprantisaj a distans nan http://covid19.dadeschools.net.

Liy Enfòmasyon pou Aprantisaj a Distans la se (305-995-HELP) li ouvè chak jou kòmanse 8è dimaten – 4è nan aprèmidi jiska vandredi, 20 e li ap rekòmanse fonksyone aprè Vakans Prentan yo. Pandan Vakans Prentan yo, silvouplè vizite icp.dadeschools.net pou plis enfòmasyon ak resous dijital.

M-DCPS ap prepare l pou l egzekite plan aprantisaj a distans la, kòmanse 30 mas pou edikasyon teknik ak karyè pou adilt, baze sou fleksibilite finansman nou jwenn nan men “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid).   

Depi vandredi 13 mas, M-DCPS te deplwaye plis pase 54,000 aparèy pou asire l tout elèv ap patisipe nan aprantisaj a distans. Nou pwolonje dat limit pou elèv yo resevwa oubyen chanje aparèy yo te deja genyen. Elèv ki bezwen aparèy ka vin pran yo nan lokal lekòl yo nan fen jounen vandredi 20 mas la.

Distri a ap kontinye kolabore ak patnè nan sektè prive ak piblik la pou asire yo adrese zòn jewografik ki manke konektivite Entènèt yo, pou ka elimine kèlkeswa pwoblèm dijital ki te ka egziste. M-DCPS ap travay aktyèlman pou ajoute plis liy enfòmasyon pou pwofesè, elèv, ak paran pou adrese pwoblèm konektivite a espesifikman.  

Pou ede ak koneksyon Entènèt, Comcast ap kontinye bay ‘Wi-Fi’ gratis atravè ‘Xfinity hotspots’ kote sèvis Xfinity disponib pou 60 jou. Nou ajoute sa anplis sou Pwogram Fondamantal Asistans Entènèt nòmal la, $9.95 chak mwa a, ki pral bay yon modèm nan kay la ak 60 jou sèvis gratis pou fanmi M-DCPS ki pa gen gwo mwayen ki kalifye.

Nou ankouraje pou moun ki gen gwo bezwen yo pou yo patisipe nan pwogram sa a. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sèvis Entènèt gratis sa a nan http://distancelearning.dadeschools.net/.  Aksè koneksyon ‘WiFi’ gratis la atravè ‘hotspots’ la ta dwe limite pou sèvis edikasyonèl oubyen lòt fonksyon esansyèl sante ak sekirite. Comcast dakò tou pou yo bay fleksibilite sou frè pou peman an reta ak opsyon peman yo. Moun ki gen difikilte pou peye pou sèvis Entènèt yo dwe kontakte 1-800-Comcast.

Efò Sanitizasyon

Ekip ki gen ant 20 a 30 gadyen, anba sipèvizyon gadyen prensipal la, ap dezenfekte lekòl yo depi byen bonè lendi maten. Ekip yo dezenfekte plis pase 35 lekòl nan premye semèn nan, nan itilize dezenfektan lopital sèvi pou netwaye planche, salklas, twalèt, kafeterya, jimnaz, tout zòn komen ak pwen kontak yo; siye e mòpe sifas atè yo e vaporize kote li nesesè.

 

Pèsonèl antretyen yo tou ap adrese kontwòl kalite lè respirasyon a tou nan ranplase filtè klimatizè yo netwaye woulo yo. Jiska prezan nou ranplase 12,000 filtè lè. Ekip yo ap suiv pwotokòl maladi kontajye ki gen ladan itilize kostim pwoteksyon pèsonèl e lave tout bagay yo itilize.


Pwojè Amelyorasyon Kapital  

Fèmti lekòl la pèmèt Distri a akselere pwojè amelyorasyon kapital yo nan andwa lekòl yo. Jiska dat jodi a, nou akselere 31 pwojè konstriksyon jiska prezan, malgre Distri a pa antisipe pwoblèm alavni ki gen rapò ak chèn distribisyon materyèl ki ap soti nan sektè prive a.

Distribisyon Manje pou Elèv

Distri a ap kontinye ofri elèv ak fanmi dejne ak repa midi “tou pare pou yo pote lakay,” nan zòn ki sou deyò lekòl yo ant 9:00 dimaten – 12:30 nan aprèmidi semèn sa a.

Pandan Vakans Prentan an andwa lekòl yo ap fèmen, sepandan Distri a ap travay avèk patnè li yo pou òganize distribisyon manje bay kominote a. Nou ap bay enfòmasyon sou orè distribisyon ak andwa yo pita nan semèn nan.

Pandan twa premye jou fèmti lekòl la, pèsonèl sèvis manje M-DCPS yo distribye plis pase 100,000 repa cho pou pote lakay, ki demontre nivo gwo bezwen ki gen nan kominote nou an. Tout distribisyon manje yo suiv te règ Depatman Sante Florid etabli, ki gen ladan tan manje ka fè nan estokaj.  Nan yon efò pou respekte rekòmandasyon distans sosyal yo, M-DCPS ap travay pou asire pa gen liy nan lekòl yo pou elèv yo vin pran manje yo. Anplwaye kafeterya yo tou ap suiv demand distans sosyal la, e nou limite yo ak mwens pase 10 anplwaye nan lekòl la alafwa.

Anplis, Distri a fè patenarya avèk lòt patnè pou asire popilasyon elèv sanzabri nou yo resevwa resous nesesè pandan epòk difisil sa a.

M-DCPS Fasilite Swen Gadri pou Anplwaye Sante yo

M-DCPS ap kontinye asiste nan fonksyonman sant swen gadri pou timoun anplwaye medikal swen sante yo ki nan Sistèm Jackson Health ak University of Miami Health Systems. Piske nou konprann wòl kritik paran sa yo gen pou kominote sante a, nou ap kontinye bay sèvis sa a jis rive nan Vakans Prentan an e pi lwen toujou.

Efò Defans Federal

Nou kontinye ap fè defans nan nivo federal la pou fleksibilite pou bay elèv ak fanmi yo manje, pwolonje aksè sou Entènèt, pwolonje aksè sou Entènèt, ak finansman pou sipòte kontinite sèvis ak soulajman pou anplwaye ki afekte akoz fèmti lekòl yo. M-DCPS ap travay tou pou soulaje nenpòt rediksyon bidjè potansyèl pou ane sa a ak ane pwochèn pou kontinye ofri yon edikasyon klas mondyal pou tout elèv.

Anons FLDOE

Kòm yon rapèl, byen ta nan madi swa FLDOE te anonse tout kanpous lekòl K-12 ak sant karyè ak teknik yo ap rete fèmen jiska 15 avril. Tout evalyasyon obligatwa eta yo anile pou rès ane lekòl la. Tout lòt evalyasyon pou preparasyon pou antre lekòl, evalyasyon klas matènèl volontè ak K-12 yo anile. Nou pral evalye demand pou gradyasyon ak pwomosyon yo, ak nòt fen kou yo kòmsi evalyasyon ki anile sa yo pa t egziste. Anplis, nou pap kalkile nòt pèfòmans lekòl pou ane akademik 2019-2020 an.

Liy Telefòn Sipò M-DCPS yo:

         Liy pou Operasyon Ijans Distri a: 305-995-3000

o   Pou reponn kesyon elèv, paran, ak lòt manm kominote a konsènan efò sekou ki ap fèt nan lekòl distri a konsènan coronavirus la.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 8è dimaten – 5è nan aprèmidi

        Liy pou Plan Aprantisaj Enstriksyonel: 305-995-HELP (4357)

o   Pou sipote elèv, paran, ak pwofesè pou angaje elèv nan aprantisaj a distans.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 8è dimaten – 4è nan aprèmidi

    Liy pou Sèvis Sante Mantal: 305-995-7100

o   Liy pou ede elèv ak fanmi yo avèk sèvis sante mantal pandan moman twoublan sa a.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 9è dimaten – 5è nan aprèmidi   

    Pwogram Asistans pou Anplwaye M-DCPS: 305-995-7111

o   Pwogram pou ede avèk sipò pou byennèt anplwaye M-DCPS.

o   Orè Fonksyònman: Lendi – Vandredi soti 9è dimaten – 5è nan aprèmidi  

Resous M-DCPS sou Entènèt 

     http://covid19.dadeschools.net

Kontinye ofri dènye enfòmasyon konsènan aksyon M-DCPS ki gen rapò ak epidemi coronavirus la. 

     http://distancelearning.dadeschools.net/

o   Bay enfòmasyon sou resous dijital pou edikatè ak elèv.

o   Ofri enfòmasyon sou Entènèt Comcast gratis ansanm ak bonjan zouti ak gid dijital.

     http://icp.dadeschools.net/

o   Ofri plan M-DCPS pou aprantisaj a distans pou elèv klas matènèl-12èm ane eskolè.

Distri a ap kontinye suiv devlopman sitiyasyon sa a ki ap evolye e l ap kominike atravè lyen ki anwo yo, e atravè mesaj otomatik, anons sou medya ak medya sosyal. Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/161/NZ/SD/CM

Follow us