Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/10/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Yo Onore Meyè Direktè pou Ane a Rafael Villalobos avèk Lokasyon yon Machin Pikòp Gratis

Meyè Direktè pou Ane nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Rafael Villalobos ap kondui ale lakay li ak yon Toyota Tacoma 2020 tou nèf pou onore sèvis ak devouman eksepsyonèl li. Sipènentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Dtè. Marta Pérez, reprezantan ki soti nan “Dade Association of School Administrators” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade) ak administratè Distri yo te rankontre nan Lekòl Segondè John A. Ferguson pou selebre Villalobos, pandan Anthony Damato ki soti nan Toyota of North Miami te ap prezante li kle pikòp lokasyon konplemantè a.

 

Villalobos di “Se yon fyète pou m resevwa prim sa a, ki reprezante plizyè ane travay ak sakrifis non sèlman pou mwen, men tou pou tout direktè ak lòt anplwaye M-DCPS yo… Nou tout travay di pou asire elèv nou yo resevwa meyè kalite edikasyon an pou prepare yo pou siksè.”

 

Lanmou ak pasyon Villalobos, yon lidè inovatif, te rezone nan tout sis lekòl segondè li te dirije nan 20 dènye ane yo. Fason li dirije fè gwo efè atravè Miami-Dade County, jan sa parèt nan ogmantasyon konsiderab nan to gradyasyon, pèfòmans akademik, reyalizasyon aktivite andeyò salklas, e dèske li te fonde pwogram edikasyonèl inovatif ki se baz karyè li. Efò Villalobos pou kontinye remèt elèv li yo sa kominote a te fè pou li, fè li vin jwenn admirasyon paran, kòlèg, lidè kominotè, ak jèn fi ak gason sa yo li ap sèvi chak jou.


Direktè Lekòl Segondè Ferguson Rafael Villalobos nan nouvo Toyota Tacoma li a

 


Villalobos di li chwazi pikòp la ak twazan lokasyon gratis la pou kado, paske depi limenm ak madanm li Elizabeth te wè l, yo te dètèmine ansanm li te pafè. Li di yo gen nan ajanda yo pou yo fè yon pwochen vwayaj pou ale Sarasota. Kòm gayan Meyè Direktè pou Ane a, Villalobos resevwa tou $2,000 ak yon pànye kado ki vo plis pase $2,000.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 

FOTO:  Direktè Lekòl Segondè John A. Ferguson Rafael Villalobos, nan mitan, Manm Komisyon Konsèy Dtè. Marta Pérez, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho (adwat) ak lòt moun ki ap admire nouvo pikòp Tacoma Toyota of North Miami an, youn nan prim gayan pou Meyè Direktè pou Ane a.


# # #

20-DGD/192/HD/CM

Follow us