Menmsi elèv yo ap kòmanse ane lekòl 2020-2021 an sou Entènèt oubyen an pèsòn, fè ekonomi sou founiti klasik disponib atravè konje taks anyèl retou lekòl la.
Yon fwa ankò achtè Florid yo pral gen
twa jou, wikenn konje pou pa peye taks nan nouvo ane lekòl la. Konje taks sou
vant ane sa a ap kòmanse a 12:01 dimaten vandredi 7 out e li ap fini a 1:59
nan aprèmidi dimanch 9 out 2020.
Pandan peryòd
pou pa peye taks sou vant sa a,
lwa Florid mande pou pa kolekte okenn taks sou vant oubyen opsyon taks lokal (yo
konnen tou kòm ekstra taks diskresyonè) sou:
·
acha
rad, soulye, ak sèten akseswa ki vann pou $60 oubyen mwens pou chak atik
·
acha
sèten founiti klasik ki vann pou $15 oubyen mwens pou chak atik
·
Premye
$1,000 pri yo vann òdinatè pèsonèl ak sèten akseswa ki gen rapò ak òdinatè, lè ou
achte li pou izaj lakay ki pa komèsyal oubyen pèsonèl.
Taks gratis sou founiti klasik gen ladan: kalsè, kalkilatè, plim koulè, kreyon, plim, papye, bwat pou repa midi, papye pou ranpli klasè, lakòl, papye postè, règ, klipsè, sizo ak plis.
Egzanp founiti klasik ki pa kalifye pou
pa peye taks se liv ki otreman pa ladan, plim likid pou fè koreksyon, adezif, ak papye pou enprime ak pou
òdinatè.
Pou plis enfòmasyon sou yon lis konplè atik ki kalifye, silvouplè
vizite paj Entènèt Depatman Revni Florid la a.
Pou dènye enfòmasyon yo,
silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen
Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/011/HD/SD/RL