“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse jodi a akoz gwo vag ogmantasyon viris COVID-19 la nan kominote a, ane lekòl 2020-2021 an ap kòmanse lendi 31 out, avèk elèv yo ki pral itilize nouvo modèl konpreyansif aprantisaj a distans Distri a “My School Online (MSO)” (Lekòl Mwen sou Entènèt). Desizyon Distri a pou ouvè avèk MSO pou tout elèv yo se rezilta plizyè semèn konsiderasyon pridan ki baze sou konsèy gwoup travay reouvèti M-DCPS la ki pifò gen ladan ekspè medikal, reyinyon avèk ofisyèl nan konte a ak analiz ki kontinye ap konsantre sou dènye done syans ak sante piblik yo, ki ap evolye kontinyèlman. Anplis, “Florida Chapter of the American Academy of Pediatrics” (Asosyasyon Akademi Pedyatri Seksyon Florid) bay rekòmandasyon jodi a konsènan reouvèti lekòl ki sipòte desizyon Distri a pou retade kòmansman lekòl fizik la.
Sipèentandan Alberto Carvalho di, “Lekòl Leta Miami-Dade County fyè pou ofri fanmi nou yo estrikti ak estabilite yo bezwen pandan nou ap adapte ak yon nouvo reyalite. Desizyon pou kòmanse ane akademik la sou platfòm a distans “My School Online” (Lekòl Mwen sou Entènèt) la reprezante angajman nou pou sovgade sante ak byennèt elèv ak mendèv nou yo, pandan nou ap bay yo tout yon edikasyon kalite siperyè."
Apati 24 out, M-DCPS pral lanse yon Semèn Byenveni avèk aktivite ak yon semèn oryantasyon ki fèt pou ede elèv ak fanmi yo prepare pou ane lekòl 2020-2021 an. Semèn Byenveni an ap konsantre sou plizyè sijè, tankou kòman yon jounen lekòl nòmal yon elèv ap ye; machasuiv pou konekte e navige anviwònman sou entènèt la; ladrès metòd pou elèv òganize yo; byennèt fizik ak mantal; ansanm ak resous pou sipòte elèv ak fanmi yo. Fanmi yo kapab jwenn aksè sou zouti fòmasyon ak yon varyete seminè sou entènèt nan vizite www.parentacademymiami.com. Anplisde fòmasyon entans nou te bay pandan mwa ete yo, pwofesè yo pral patisipe nan senk jou fòmasyon sou aprantisaj a distans pou MSO ansanm ak pwotokòl sekirite pou yo suiv lè elèv yo retounen nan bilding lekòl yo.
MSO pral fonksyone avèk yon nouvo platfòm aprantisaj a distans ki solid. Elèv yo ap kenbe kondisyon anwolman yo nan bilding lekòl kote yo enskri a, men yo prale lekòl sou entènèt pandan lè lekòl regilye e y ap suiv yon orè lekòl estanda ki gen ladan poz pou sèvo yo, rekreyasyon, ak lè pou repa midi. Nou ap dokimante e kenbe pou chak klas prezans lekòl ofisyèl. Nou ankouraje trè fòtman pou elèv mete inifòm lè yo ap patisipe nan MSO. Atravè platfòm inovatif la, pwofesè yo ap rankontre ak elèv yo chak jou nan itilize teknoloji konferans sou entènèt; e yo ap bay yo sèvis sipò konplè, tankou sipò konsèy, terapi ak sante mantal.
Distri a ap kontinye revize opòtinite pou kòmanse bay opòtinite ansèyman fasafas pou elèv ki ka gen bezwen plis tan aprantisaj. Nan yon fason ki kontwole ak prekosyon, Distri a pral eksplore potansyalite pou yon reouvèti ak dekalaj pou elèv ki ka gen eka nan aprantisaj yo akòz anpil tan yo te pase pa ale lekòl. Sa ap pèmèt tranzisyon sougwoup elèv nan bilding lekòl la ki baze sou bezwen ak frajilite akademik yo.
Pou asire tout fanmi yo byen ekipe pou MSO, Distri a mete disponib plizyè milye aparèy dijital ak ‘hotspots’ Wi-Fi, anplisde 119,000 nou te deja distribye bay tout elèv ki te mande yo. M-DCPS ap kolabore tou avèk divès patnè gouvènmantal, kòporasyon, ak òganizasyon ki pa pou pwofi pou ede nan eliminasyon dezè dijital nan kominote a.
Distribisyon manje yo ap kontinye tou pou elèv M-DCPS nan andwa lekòl yo atravè tout kominote a. Nou te distribye bay elèv plis pase 5.8 milyon dejene ak repa midi tou pare pou ale lakay depi fèmti lekòl nan mwa mas la. Nou ap fè w konnen dat ak lè distribisyon otòn yo men yo pral fèt andeyò lè lekòl la. Anplisdesa, elèv yo ap kapab pran manje yonsèl fwa pou plizyè jou.
Mwa sa a, nou te mande tout paran M-DCPS pou yo chwazi modèl aprantisaj yo prefere pou pitit yo pou ane akademik 2020-2021 an. Prèske mwatye nan tout paran yo te chwazi Modèl Tradisyonèl bilding lekòl la, ki reprezante yon retou fizik nan anviwònman lekòl la, ak plizyè modifikasyon enpòtan pou asire ranfòsman sante ak prekosyon sekirite. Nou devlope plan reouvèti M-DCPS la pou chanje pami modèl yo, lè sa nesesè, baze sou kondisyon sante piblik lokal yo. Yon fwa kondisyon lokal la sipòte yon retou lekòl fizik, lekòl yo ap kapab akomode elèv paran yo te chwazi Modèl Bilding lekòl la, pou senk jou pa semèn, pandan nou ap suiv machasuiv sante yo. Distri a te elimine modèl ibride a ki te konsidere aprantisaj atan pasyèl nan bilding lekòl ak aprantisaj atan pasyèl a distans paske li pa bay fanmi k ap travay yo sipò apwopriye e elèv yo ka pa byen pwofite nan sa ki konsène enstriksyon ak kontni konpare ak lòt modèl yo.
Pandan tout mwa septanm nan, M-DCPS ap kontinye kontwole kondisyon lokal yo pou detèmine si ap gen sekirite pou reouvri bilding lekòl yo. Nou ap anonse vè 30 septanm, desizyon sou si M-DCPS ap kòmanse aplike Modèl Bilding lekòl la kòmanse 5 oktòb oubyen kontinye avèk modèl anviwònman a distans la.
Yon fwa Distri a detèmine gen ase sekirite pou elèv yo retounen nan lekòl yo, nou pral fè tout efò posib pou kenbe distans sosyal la. Nou devlope divès pwotokòl ak pwosedi pou amelyore sekirite, tankou kouvri figi nan otobis yo ak kanpous lekòl yo, modifye fason pou depoze/vin chèche elèv, distribisyon manje nan salkals yo ak pwosedi tranzisyon klas, mezi sanitasyon ak ijyèn adisyonèl, ak plase siy yon fason estratejik pou ranfòse sekirite. An patenarya avèk Miami-Dade County, Distri a ogmante tou nivo kantite enfimyè nan lekòl yo e enplemante yon pwogram pou siveye kontak konplè e otomatik, pou anpeche plis pwopagasyon si yo rapòte yon ka. Nou ap ofri transpòtasyon, swen anvan ak apre lekòl, atletik ak lòt aktivite andeyò lekòl yo yon fwa lekòl reouvri.
Pou wè plan konplè reouvèti M-DCPS la, vizite reopening.dadeschools.net. Ap gen yon Machasuiv ofisyèl pou Ouvèti Lekòl la tou ki ap disponib semèn pwochèn.
Nou
ankouraje paran yo pou revize enfòmasyon kontak yo e kenbe nimewo telefòn ak
imèl yo ajou. Pou aksepte resevwa mesaj tèks ijan, tèks Y nan 67587. Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/012/HD/SD/RL