Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/30/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Apwouve Premye Lekti Bidjè Pwovizwa 2020-2021 an

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Apwouve pwovizwaman bidjè “Fiscal Year (FY)” (Ane Fiskal) distri lekòl la pou 2020-2021 yèswa, pandan odyans piblik li pou mwa jiyè a. Yon fwa ankò, moun k ap peye taks yo pral wè yon diminisyon nan pousantaj taks sou pwopriyete, soti 7.148 rive 7.129 pou yon diminisyon total 0.019.   

Votè yo te apwouve eksepsyonèlman yon evalyasyon an novanm 2018, nou ka itilize sèlman pou salè pwofesè ak sekirite lekòl. Nouvo revni ki disponib la te mennen nan yon ogmantasyon $30 milyon envestisman nan pwoteksyon ak sekirite pou elèv, nan asire genyen yon ofisye polis ki pral prezan nan chak lekòl yonfwa kanpous lekòl yo re-ouvè.  

Premye angajman bidjè $5.5 milya nou pwopoze a gen ladan asire sekirite ak byennèt elèv ak anplwaye, kontinye eksele nan akonplisman elèv, ofri sèvis pou bezwen sante mantal elèv, e sipòte pèsonèl enstriksyonèl nou an ki trè efikas.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Atravè efò Komisyon Konsèy Lekòl nou an ki gen vizyon ak ekip finansye nou an ki ranpòte prim, pousantaj taks eta a egzije e Komisyon Konsèy la kontwole ap pi ba pase ane pase, anplis, ap gen ogmantasyon sou salè mwayen pou pwofesè, ak alokasyon pou pwoteksyon ak sekirite. Li enpòtan anpil pou nou bay elèv yo priyorite atravè bidjè sa a ki baze sou valè, espesyalman fas ak kriz ekonomik ki ap menase nou an.”  

Bidjè a reflete tou angajman Distri a pou akonplisman elèv nan sipòte ogmantasyon nan opsyon chwa pou paran, pwoteje sèvis pou elèv ki gen andikap e finanse nouvo inisyativ nan Distri a.

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade pral fè yon dènye odyans piblik e l ap adopte bidjè FY 2020-2021 an 9 septanm 2020 a 6è diswa. Nou ap poste plis enfòmasyon konsènan reyinyon sa a nan dadeschools.net/schoolboard.

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho 


# # #

20-DGD/008/HD/CM/RL

Follow us