“Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” ap aknouraje paran/gadyen pou yo tcheke dosye
vaksinasyon pitit yo pou wè si yo bezwen pran vaksen yo mande pou antre lekòl
la. Patikilyèman pandan pandemi ‘COVID-19’, li enpòtan pou timoun yo resevwa
vaksinasyon pou pwoteje yo kont maladi ak epidemi ki evitab. Pandan sezon gwo
grip ki ap vini an, “flu shot” (vaksen kont gwo grip) pral trè enpòtan pou
redui efè maladi respiratwa nan kominote a.
Nou mande
pou tout elèv M-DCPS resevwa vaksen ki obligatwa pou laj yo pou ane lekòl
2020-2021 an, ki gen ladan sa yo ki ap patisipe antyèman nan “My School Online”
(Lekòl Mwen sou Entènèt).
Paran/gadyen pa
dwe rete tann pou yo kontakte founisè medikal yo pou pwograme yon randevou. Non
sèlman Vaksinasyon selon laj obligatwa pou lekòl, vaksinasyon yo sèvi tou kont
prevansyon maladi ki abouti a vizit medikal ki pa nesesè, ospitalizasyon ak plis
presyon nan sistèm swen sante a.
‘Florida
Department of Health in Miami-Dade County’, plizyè ‘Federally Qualified Health
Centers’, ‘University of Miami Pediatric Mobile Clinic’ ak ‘Jessie Trice
Community Health System’ pral ofri vaksen GRATIS oubyen a bon mache. Nan atachman an w ap jwenn feyè anons tout kat òganizasyon
sa yo avèk adrès yo e lè yo ouvri.
Pou
dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou
aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
KLIKE
SOU FEYÈ ANBA YO POU PLIS ENFÒMASYON
·
Florida Department of Health
·
Federally Qualified Health Centers
·
University of Miami Pediatric Mobile
Clinic
·
Jessie Trice Community Health System
# # #
20-DGD/013/HD/RL/SD