“The U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti
Etazini) anonse resamman li ap pwolonje dispans pou fleksibilite repa ete yo,
ki ap pèmèt “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade
County) kontinye sèvi manje gratis pou tout timoun jiska 31 desanm
2020.
règleman Elijibilite dispans pou timoun ki anba 18 ane yo enpòtan
sitou pou kominote ki gen anpil bezwen yo tankou Miami-Dade County. M-DCPS deja
ofri dejene gratis pou tout elèv, men dispans federal sa a pral pèmèt lekòl yo
sèvi dejene ak repa midi bay tout timoun nan mwa otòn yo, kèlkeswa kondisyon
sosyo-ekonomik fanmi yo. Sa ap ede nou asire timoun yo jwenn aksè a manje
nourisan pandan moman difisil sa a nan kominote a.
M-DCPS ap kontinye distribye manje bay elèv nan tout andwa lekòl yo. Distribisyon
manje maten ak manje midi tou pake pou ale lakay ap fèt madi ak jedi, soti 4è
nan aprèmidi pou 6è diswa. USDA mande pou paran/adilt yo bay prèv idantifikasyon
valab pou fè konnen manje yo se pou timoun 18 ane oubyen pi jèn si timoun nan
pa ansanm avèk yo. Idantifikasyon yo ka sou fòm yon kat ID, kanè, oubyen rapò pwogrè
elèv la. Sa yo se menm machasuiv ou te suiv pandan distribisyon manje M-DCPS te
fè nan ete a.
Ensekirite alimantè se yon reyalite nan kominote nou an. Anpil
fanmi depann de manje lekòl yo bay kòm youn nan sèl sous konsistan pou manje nourisan
pou pitit yo. M-DCPS pa janm abandone angajman li pou sipòte elèv ak fanmi yo, nan
bay prèske sèt milyon repa gratis depi fèmti lekòl yo nan mwa mas la.
Anons USDA a se yon devlopman enpòtan e pozitif. Depatman Manje
ak Nitrisyon M-DCPS kontinye travay deprè ak Eta a pou asire yo suiv tout mezi
responsablite pwogram yo.
Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè
telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou.
Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup,
sou Instagram nan @miamischools
ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools
ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/028/HD/SD/CM