Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/7/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Envite Paran Elèv Klas Matènèl – 5èm Ane Eskolè yo Fè Kòmantè Konsènan Platfòm Aprantisaj K12

Nan yon efò pou amelyore eksperyans “My School Online (MSO)”, (Lekòl Mwen Sou Entènèt), e resevwa kòmantè konsènan patfòm K12 la, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) devlope yon sondaj pou paran elèv klas matènèl jiska 5èm ane eskolè.

 

Nou mande paran pou yo antre sou Pòtal Paran an, nan dadeschools.net/parents pou ranpli sondaj la, ann Anglè, Espayòl oubyen Kreyòl. Sondaj la pa gen yon dat final, men nou mande paran pou yo patisipe pi vit posib.  

 

Difikilte teknik ki te pote anpil fristrasyon pou elèv, paran, pwofesè ak administratè yo pandan premye semèn lekòl la te fè Distri a chwazi pou li separe platfòm klas matènèl jiska klas 5èm ane eskolè a ak platfòm klas 6-12èm ane eskolè a, omwen pou kounye a. Distri a ak K12, vandè yon antite endepandan, ap evalye aktivman pwoblèm platfòm nan, nan konsantre sou pàn ki pa t gen rapò ak pwoblèm koneksyon jeneralize entènèt ki te twouble aprantisaj a distans pandan premye semèn lekòl la. K12 detèmine pou l fè yon seri tès sou amelyorasyon platfòm nan pandan tout semèn nan, e M-DCPS ap kontwole pwogrè yo deprè jiska 11 septanm.

 

Angajman elèv ak pwofesè sou K12 la te vin amelyore nan fen premye semèn nan pou klas matènèl jiska 5 èm ane eskolè, men te toujou gen pwoblèm koneksyon kèk kote. Sondaj sa a, ki pral plis mezire eksperyans paran apre yo fin itilize K12, pral ede M-DCPS ak K12 ogmante amelyorasyon pèfòmans sistèm nan. Nou bay pwofesè yo tou yon lyen sou entènèt pou yo pataje kòmantè dirèkteman sou platfòm nan.

 

Nou poko pran oubyen anonse okenn desizyon konsènan tranzisyon nan Etap II ak retou fizik nan bilding lekòl yo. Pou kounye a, ansèyman ak aprantisaj nan M-DCPS rete sou entènèt. Distri a ap kontinye eksplore yon retou lekòl an plizyè etap, ki ap bay elèv ki pi vilnerab yo priyorite, ki gen ladan sa yo ki gen andikap. Nou poko deside yon dat egzak pou retou nan lekòl. Kondisyon sante kominotè ak kritè pwoteksyon ki te deja etabli, baze sou konsèy ekspè medikal yo, se faktè ki pral detèmine yon dat reouvèti pou M-DCPS.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 


# # #

20-DGD/030/NZ/SD/CM

Follow us