Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/14/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Apwouve Kontra Prim Konstriksyon GOB pou Renovasyon Lekòl Mwayen, Komisyone Achitèk pou Nouvo Adisyon nan Sant K-8

Konstriksyon pral kòmanse tousuit pou yon renovasyon nan Richmond Heights Middle School aprè Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County apwouve kontra konstriksyon pou yon pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) ki vo $3.6 milyon. Komisyon Konsèy Lekòl la komisyone tou yon konpayi achitekti/jeni pou yon nouvo adisyon salklas nan West Homestead K-8 Center, ki vo $4.7 milyon, jodi a. 

Yo te kontrakte Veitia Padron, Inc. (VPI) pou fè renovasyon konplè klimatizè (HVAC) pou jere klimatizè a ak inite sou tèt twati a nan Richmond Heights Middle School. Pwojè a gen ladan tou renovasyon salklas elèv ak modènizasyon elektrisite. 

Lokalize jis nan sid Kendall, Richmond Heights Middle te konstwi an 1963 avèk adisyon ki te konstwi aprè. Kanpous la aktyèlman gen ladan kat bilding pèmanan ki sitiye sou yon teren apeprè 23 ekta. Etablisman an gen kapasite pèmanan pou 801 plas elèv. 

VPI pral itlize patisipasyon total Soutretans “Small/Micro Business Utilization (S/MBE)” (Utilizasyon Ti/Mikwo Biznis) 13.45 pousan ak patisipasyon “Minority/Women Business Enterprise Utilization (M/WBE)” (Itilizasyon Biznis Minorite/Fanm) 15.65 pousan. VPI pral itilize Mendèv Lokal pou konstriksyon 20 pousan nan yon perimèt atravè tout konte a. Pwojè $3.6 milyon an pwograme pou l fini an novanm 2021. 

Yo komisyone Rodriguez Architects, Inc. (RAI) kòm achitèk/enjenyè responsab pou adisyon 12 nouvo salklas nan West Homestead K-8 Center. Puiske pwojè sa a gen menm dimansyon ak gwosè ak youn RAI ki te devlope nan Coral Park Elementary, li avantajye ekonomikman pou Distri a re-itilize plan an. RAI pral itilize patisipasyon total Soutretans S/MBE 17 pousan ak patisipasyon MWBE10 pousan. 

Pwojè konplè a pral gen ladan an pati bilding 12 salklas la ki gen yon pasaj pyeton ak kouvèti ki konekte nouvo bilding nan ak etablisman ki deja egziste a, ak agrandisman teren pakin nan pou l gen ladan 20 espas adisyonèl. Lekòl la ki te bati an 1959, ka pran 774 elèv. Pwojè $4.7 milyon an pwograme pou l fini vè jen 2022 e l ap gen 216 plas pou elèv. 

Lekòl Leta Miami-Dade County ap ekspedye pwojè konstriksyon yo pandan lekòl yo fèmen, nan suiv tout machasuiv CDC yo e priyorize sante ak sekirite. 

An 2012, vòtè yo te apwouve GOB a an gran majorite pou renove, remodle e ranplase lekòl; ogmante kantite elèv; amelyore sekirite e modènize teknoloji. Gade pwojè aktyèl yo nan vizite “Capital Improvements” (Amelyorasyon Bilding) @MDCPSCapital sou Twitter oubyen itilize #GOBProgress. 

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/027/HD/RL/SD

Follow us