Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/8/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Resevwa Don $26.6 Milyon ‘USDOE’ pou Valorize Pwofesyon Ansèyman Atravè Konpansasyon, Devlopman Pwofesyonèl

“U.S. Department of Education (USDOE)” (Depatman Edikasyon Etazini) bay “Miami Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yon don prèske $27 milyon pou twazan, pou angajman li pou valorize pwofesyon ansèyman an atravè pwogram “Teacher and School Leader Incentive (TSL)” (Prim pou Pwofesè ak Lidè Lekòl).

Nan M-DCPS, don an pral finanse inisyativ “Miami Leading Educator Advancement and Recognition through Networks of Support (Miami LEARNS)” (Edikatè Miami ki Antèt nan Avansman ak Rekonesans atravè Rezo Sipò), ki vize ogmante akonplisman elèv e fèmen eka akonplisman nan lekòl ki gen gwo bezwen yo. Miami LEARNS asire aksè a pwofesè e lidè lekòl ki trè efikas atravè enplemantasyon sistèm konpansasyon ki baze sou bonjan pèfòmans ki efikas, ki rekonèt, devlope, sipòte, e konpanse ekselans enstriksyonèl ak ekselans nan dirije.


Sipèentandan lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Edikatè enkwayab nou yo merite meyè opòtinite devlopman pwofesyonèl ki kapab, ansuit, mennen nan devlopman karyè… Gwo don sa a pral ede M-DCPS ranpli angajman nou pou sipòte avansman pwofesè nou yo.”

Pami benefis don finansman pou Miami LEARNS pral genyen:

·      elaji opòtinite preparasyon pou pwofesè yo ka vin nan pozisyon lidè

·      defini e kalifye kat pozisyon direksyon 21èm syèk pou pwofesè ki baze nan salklas  

·      revize e realiyen modèl konpansasyon ki genyen kounye a pou pozisyon ak wòl lidè pou pwofesè

·      ogmante klète nan kominikasyon nan tout pwen aksè yo pou kandida ekstèn ak kandida entèn konsènan antre nan yon pozisyon, kondisyon pou avansman nan karyè, devplopman pwofesyonèl, ansanm ak opòtinite preparasyon ak avansman

·      enplemantasyon yon sistèm ki pi rijid pou konekte edikatè avèk opòtinite aprantisaj pwofesyonèl ki pèsonalize, ki gen yon objektif, ki aplikab, ansanm ak done ki ap soti nan obsèvasyon ak evalyasyon

·      amelyore efikasite enstriksyonèl ak konsèvasyon pou pwofesè debitan ak sa ki pa te nan domèn ansèyman

·      ogmante konfyans ak validite nan pwosesis obsèvasyon an ansanm ak sistèm evalyasyon pou edikatè yo 

·      amelyore efikasite lidè enstriksyonèl yo atravè aprantisaj pwofesyonèl ak sipò ki konekte ak travay

·      sipòte fidelite enplemantasyon meyè pratik ki baze sou rechèch pou amelyore efikasite  enstriksyonèl ak rezilta aprantisaj elèv nan lekòl ki gen anpil bezwen yo.

 

USDOE fè 13 prim nasyonalman pou sipòte ajans edikasyon lokal yo nan devlope, ogmante e amelyore sistèm konpansasyon pou pwofesè ak direktè lekòl. Pami enstans ki resevwa fon yo genyen 11 distri lekòl piblik ak rezo lekòl ‘charter’ nan tout peyi a, ak de (2) òganizasyon ki pa la pou pwofi. 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

20-DGD/037/HD/RL/CM

Follow us