Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/26/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Apwouve Komisyon Konpayi Achitekti ak Alokasyon Konstriksyon pou Plizyè Pwojè GOB

Mèkredi, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade komisyone yon konpayi achitekti/jeni pou ranplasman etablisman Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons, ak yon konpayi Jesyon Risk pou Nouvo Etablisman Lekòl (6èm-8èm Ane Lekòl) la ak lojman nan pri abòdab nan Brickell. Konstriksyon pral kòmanse tousuit tou nan kat lòt lekòl aprè Komisyon Konsèy Lekòl la te apwouve kontra konstriksyon pou pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) la ki vo a plis pase $24 milyon.   

 

Nou te komisyone Zyscovich, Inc. (ZI) kòm achitèk/enjenyè responsab pou ranplase klas pòtab ki egziste nan Lekòl Mwayen Ammons avèk yon nouvo etablisman lekòl dènye kri ki gen 1,408 plas pou elèv, ki gen ladan salklas a plizyè fonksyon (Anglè, matematik, ak etid sosyal), laboratwa devlòpman ladrès, salklas demonstrasyon syans, salklas “Exceptional Student Education (ESE)” (Edikasyon Elèv Eksepsyonèl), laboratwa ar ak mizik, etablisman edikasyon fizik ak biznis, yon sant media, biwo administratif, etablisman sèvis manje ansanm ak amelyorasyon lòt espas ak andwa sipò yo. 

 

Lekòl Mwayen Ammons ki te bati an 2003, se yon Lekòl Mwayen Pwogram Bakaloreya  

Entènasyonal atravè tout lekòl la ki lokalize nan Sidwès Miami-Dade. ZI pral itilize yon patisipasyon total 20.5 pousan “Sub-Contractor Small/Micro Business Utilization (S/MBE)” (Itilizasyon Soutretans Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis) ak yon patisipasyon 18 pousan “Minority/Women Business Enterprise Utilization (M/WBE)” (Itilizasyon Antrepriz Biznis Minorite/Biznis Fi Posede). Pwojè $37 milyon an pwograme pou l fini vè janvye 2023. 

 

Nou te komisyone Suffolk Construction Company Inc. (SC) kòm yon konpayi Jesyon Risk pou Nouvo Etablisman Lekòl (6èm-8èm Ane Lekòl) ak kay pou mendèv nan zòn Brickell. Pwojè sa a pral gen ladan yon nouvo building sèt etaj pou akomode jiska 610 plas pou elèv;  ki gen ladan salklas a plizyè fonksyon (Anglè, matematik, ak syans sosyal), laboratwa demonstrasyon syans, salklas ESE, etablisman sante, ar, mizik ak edikasyon fiz, yon laboratwa devlopman ladrès, sant media, administrasyon, kote pou resevwa moun, klinik, sal konferans, etablisman sèvis manje, ak tout espas pou divès fonksyon. Pwojè sa a pral gen ladan tou 10 inite de (2) nivo Kay pou Mandèv, ki pral fonksyone yon fason endepandan e separe ak lekòl yo, ki konplè avèk antre/sotik ki endepandan.  

 

(SC) pral itilize yon patisipasyon total 10 pousan S/MBE ak yon patisipasyon 10.8 pousan. Pwojè sa a vo a $36 milyon e li pral fini vè out 2022.  

 

 

Nou te bay Veitia Padron, Inc. (VPI) yon kontra konstriksyon amelyorasyon renovasyon GOB nan Lekòl Elemantè Earlington Heights, ki pral gen ladan yon nouvo kote pou depoze e al chèche elèv avèk estriksti pou bay lonbraj, ranplasman fenèt, modènizayon HVAC, pentire deyò lekòl la, yon nouvo estriksti pou teren jwèt, yon nouvo kay “P.E.” (Edikasyon Fizik) ki gen ladan yon sistèm pano solè konplè, ranplasman poto gòl baskètbòl, filè ak poto volebòl.  

 

Lekòl Mwayen Earlington Heights ki lokalize nan katye Brownsville Miami, te konstwi an 1936 avèk konstriksyon nou te ajoute aprè. Kanpous la gen ladan kounye a uit bilding pèmanan ki chita sou yon moso tè ki apwoksimativman sèt ekta. Etablisman an ka pran 656 plas pèmanan pou elèv. 

 

VPI pral itilize yon patisipasyon total 18.19 pousan S/MBE ak patisipasyon 13.25 pousan M/WBE. VPI pral ofri 20 pousan Itilizasyon Mendèv Lokal pou konstriksyon anndan yon perimèt atravè tout konte a. Pwojè $3.4 milyon an pwograme pou l fini vè septanm 2021. 

 

Nou te komisyone M.A.C. Construction, Inc. (M.A.C.) kòm konpayi pou amelyorasyon renovasyon nan Sant K-8 Coral Way. Pwojè a gen ladan ranplasman fenèt, modènizasyon HVAC, pòt, renovasyon gwoup twalèt, kawo pou plafon, planche an plastik, kawo pou twati, sistèm HVAC nan kwizin nan, modènizasyon elektrik; ansanm ak reparasyon e restorasyon baraj ak baryè pou perimèt deyò a, gazon atifisyèl ak teren baskètbòl. 

 

Sant K-8 Coral Way lokalize nan katye Shenandoah Miami e li te konstwi an 1930, avèk konstriksyon nou te ajoute aprè, e li gen ladan kounye a 15 bilding pèmanan ki sitiye sou yon moso tè ki apwoksimativman 2.6 ekta. Establisman an pral gen yon total 650 plas pou elèv lè li fini.   

 

M.A.C. pral itilize yon patisipasyon total 46.32 pousan S/MBE ak yon patisipasyon 18.29 pousan M/WBE. M.A.C. pral ofri 20 pousan Itilizasyon Mandèv Lokal pou konstriksyon anndan yon perimèt atravè tout konte a. Pwojè $5.7 milyon pwograme pou l fini vè septanm2022.  

 

Florida Lemark te resevwa yon kontra pou reyalize amelyorasyon renovasyon GOB nan Sant K-8 M.A. Milam pou ajoute yon nouvo bilding sis salklas, ki gen ladan andwa renovasyon ak yon nouvo espas pou P.E. avèk pano solè konplè. Pwojè a gen ladan tou demolisyon bilding pòtab ki egziste yo, ki asosye avèk pasaj pou pyeton e eskalye; ak ranplasman sistèm HVAC, fenèt ak pòt, plafon ak planche; ansanm ak pentire deyò lekòl la, modènizasyon sistem dlo ak ego yo. 

 

Sant Milam K-8 lokalize nan Hialeah nan kafou West 16th Avenue ak West 60th Street. Lekòl ki egziste a te konstwi an 1961 avèk konstriksyon nou te ajoute aprè e li chita sou yon moso tè ki apwoksimativman 10 ekta. Lekòl la gen 952 plas pèmanan pou elèv e li pral gen yon total 1,084 plas pou elèv lè li fini. 

 

Florida Lemark pral itilize yon patisipasyon total 12.87 pousan S/MBE ak yon patisipasyon 9.31 pousan M/WBE. Konpayi a pral ofri 20 pousan Itilizasyon Mendèv Lokal pou konstriksyon anndan yon perimèt atravè tout konte a. Pwojè $10.7 milyon an pwograme pou li fini vè me 2022. 

 

Nou te komisyone H.A. Contracting Corp. pou reyalize pwojè renovasyon GOB finanse nan Lekòl Segondè Miami Edison. Pwojè a gen ladan renovasyon twalèt atravè tout kanpous la, reparasyon nan pasaj pyeton ki kouvri ak aliminyòm ki egziste yo, ak refè e retrase sifas teren pakin yo, teren basketbòl yo ak teren kous la; ansanm ak enstalasyon nouvo fontèn dlo, chofaj dlo pou kwizin, limyè nan chanm mekanik yo, ak limyè pou deyò lekòl la. Pentire ak modènizasyon alam dife fè pati pwojè sa a tou.     

  

Lekòl Segondè Miami Edison ki lokalize nan katye Little Haiti, te konstwi an 1948 sou yon teren 23 ekta. Avèk konstriksyon nou te ajoute aprè, Edison gen twa bilding pèmanan ak 1,621 plas pou elèv. 

 

H.A. Contracting pral itilize yon patisipasyon total 15.11 pousan S/MBE ak yon patisipasyon 24.58 pousan M/WBE. Konpayi a pral bay 20 pousan Itilizasyon Mendèv Lokal pou konstriksyon anndan yon perimèt atravè konte a. Pwojè $4.4 milyon an pwograme pou l fini an janvye 2022. 

 

An 2012, votè yo te apwouve GOB a an gran majorite pou renove, remodle e ranplase lekòl; ogmante kantite elèv; amelyore sekirite e modènize teknoloji. Gade pwojè aktyèl yo nan vizite  Capital Improvements @MDCPSCapital sou Twitter oubyen nan itilize #GOBProgress. 

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM. 


Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho 

 


# # #

20-DGD/046/HD/RL/CM

Follow us