“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekol Leta Miami-Dade County) te fè seremoni pou pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) maten an nan Doral – youn nan zòn ki ap devlope pi vit nan konte a. Sipèentandan Alberto M. Carvalho ak manm Komisyon Konsèy Lekòl Susie V. Castillo, Dtè. Lawrence Feldman ak Mari Tere Rojas, Majistra Vil Doral Juan Carlos “JC” Bermudez ak Direktè Edward R. Smith te nan nouvo Lekòl Segondè J.C. Bermudez Doral. Yo te gen avèk yo reprezantan ki soti nan Vil Doral ansanm ak Miami-Dade County.
Carvalho di, “Etablisman dènye kri 21èm syèk sa a se yon opòtinite aprantisaj pou elèv Lekòl Segondè J.C. Bermudez nan Doral… Nou te fè yon pwomès, nou reyalize li - se nan sa nou kwè.”
J.C. Bermudez Doral Senior High pote non Majistra karismatik ki te fonde Vil Doral. Se yon pwojè san parèy paske se yon lekòl mwayen nou konvèti an lekòl segondè. Se Silva Architects ki reyalize li avèk yon envestisman total $40 milyon, e renovasyon ki fèt nan lekòl sa a gen ladan yon nouvo bilding nou ajoute avèk yon jimnaz ak bilding pou aktivite atletik,
nouvo espas pou moun manje deyò, ak nouvo laboratwa vokasyonèl ak teknolojik. Yon fwa li fini, lekòl la ap gen anviwon 1,800 elèv. Premye ane sa a, lekòl segondè a gen sèlman 9èm ane eskolè. Nou ap ajoute plis klas chak ane. Nou ap fè konstriksyon an sou plizyè faz pou lekòl la ka kontinye opere san okenn enpak sou enstriksyon elèv yo.
Nan mitan foto a avèk sizo: Chèmann Komisyon
Konsèy Perla Tabares Hantman, Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon
Konsèy Susie V. Castillo ak Direkte Adolfo L. Costa ap koupe riban an pou ofisyèlman ouvri Akademi Preparatwa Andrea
Castillo.
Nou te fè yon evènman koupe riban nan nouvo Akademi Preparatwa Andrea Castillo. Nou bay lekòl la pote non yon jèn ki te aspire pou l vin yon pwofesè e ki te rezidan Doral pandan lontan. Pasyon li pou edikasyon te enspire elèv parèy li pou yo te fè menm wout avèk li. Youn nan elèv sa yo se Nicholas Martinez ki gen 17 ane. Se li ki te sijere pou nou bay lekòl la pote non Madmwazèl Castillo pandan yon reyinyon Komite Limit Prezans la nan mwa fevriye ki sot pase a.
Martinez ki pral etidye edikasyon di, “Te gen yon moun ki te eksrtrawòdinè nan vil la. Li finalman resevwa rekonesans li merite a, e kounye a li gen yon lekòl la a. Chak elèv pral konnen kijan Andii te ekstrawodinè.”
Madmwazèl Castillo, ki te mouri nan laj 21 ane, te pitit fi Castillo ki se Manm Komisyon Konsèy Lekòl.
Sipèentandan Carvalho
ak manm Komisyon Konsèy Lekòl yo te genyen avèk yo Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl
la Perla Tabares Hantman, Direktè Adolfo L. Costa, ak manman e pitit gason
Susie Castillo, May Garcia-Clissent ak Kevin Castillo, respektivman, ansanm ak
plizyè reprezantan Distri ak gouvènman lokal la.
Manm Komisyon Konsèy Castillo di, “Mwen te gen yon konvèsasyon avèk manman mwen. E fason li konsirede sa; se yon onè pou Andrea nou an kite bèl eritaj sa a pou lanmou li genyen pou ansèyman kapab toujou rete pou tout elèv ki pral resevwa edikasyon nan bilding sa a.”
Lekòl sa a, Zyscovich Architects te desine, e Thornton Construction Company te bati, fèt avèk yon envestisman total $18.6 milyon. Nouvo espas nou ajoute a se yon bilding 59,000 pye kare, de (2) etaj ki pral genyen 750 plas pou elèv; 39 salklas, zòn pou aprantisaj avanse, yon laboratwa atistik, chanm pou resous, sant medya, zòn pou kuizin ak espas pou moun manje, ak biwo administratif. Pwojè a gen ladan tou yon espas pou “P.E” (Edikasyon Fizik), teren kasketbòl, kote pou timoun jwe avèk yon ovan, yon pakin avèk zòn pou depoze elèv.
Pwojè bon obligasyon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo te bay Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya. Nou ap itilize bon an pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kantite elèv; amelyore sekirite lekòl yo; e modènize teknoloji nan tout lekòl.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
FOTO: Nan foto a soti bò goch rive bò dwat: Direktè Edward R. Smith, Sipèentandan rejyon Santral Dtè. John D. Pace, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence Feldman, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Mari Tere Rojas, Majistra Doral J.C. Bermudez, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Susie V. Castillo, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Depite Sipèentandan/Ofisye Anchèf Operasyon Valtena G. Brown, Chèf Kabinè Jaime Torrens ak Ofisye Anchèf Etablisman yo Raul Perez ap selebre ouvèti nouvo Lekò Segondè J.C. Bermudez Doral.
# # #
20-DGD/049/HD/CM