Akoz jou ferye fèt ‘Thanskgiving’ nan ak jou konje a, distribisyon repa elèv pou semèn pwochèn nan ap fèt lendi 23 novanm ak madi 24 novanm, soti 4è pou rive 5:30 nan aprèmidi. Pap genyen okenn distribisyon repa jedi 26 novanm 2020.
Mèkredi 25 novanm se yon jou planifikasyon pou pwofesè. Pap genyen lekòl pou elèv yo, swa nan bilding lekòl la oubyen nan “My School Online (MSO)” (Lekòl Mwen sou Entènèt) nan jou sa a.
Pandan Lekòl Leta Miami-Dade County ap kontinye priyorize sante ak byennèt tout moun ki konsène nan edikasyon, Distri a ankouraje tout anplwaye, elèv ak fanmi yo pou yo pwofite jou konje sa yo pandan y ap suiv règleman CDC ki konsène jou konje ansanm ak rasanbleman an ti gwoup pandan jou sa yo.
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
20-DGD/056/HD/RD/CM