Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
12/8/2020
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Tradisyon Anyèl ‘Principal TODAY’ ap Kontinye Atravè Vizit sou Entènèt


“Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) lanse 27èm edisyon anyèl “Principal TODAY” (Direktè JODI A), pou kontinye gwo tradisyon pou ankouraje biznis ak lidè kominote yo sèvi kòm direktè lekòl pou yon jou. Ane sa a, akoòz restriksyon COVID-19 yo, patnè nou yo pral konekte sou entènèt. Evènman ane sa a ap pèmèt direktè yo patisipe epi chwazi yon jou nan semèn 7-11 desanm 2020 an, pou akeyi envite yo ki se Direktè JODI A. Kòm dabitid chak ane, direktè lekòl yo ka chwazi yon moun yo vle akonpaye yo oubyen Biwo Angajman Kominotè M-DCPS ka chwazi yon lidè nan kominote a. Plis pase 200 lekòl enskri pou patisipe nan evènman ane sa a. 

 

Pami patnè ki pral sèvi kòm Direktè JODI A ane sa a genyen Twan Russell, Direktè Relasyon Kominotè pou Miami Dolphins; Joe A. Martinez, Komisyonè Miami-Dade County; Chelsea Wilkerson, Prezidan-Direktris Jeneral ‘Girl Scout Council of Tropical Florida, Inc.’; e Jono De Leon, Direktè Operasyon pou ‘Guitars Over Guns’.  

 

Manm kominote a pral konekte ak direktè atravè distri a pou suiv aktivite yo; yon fason pou pi byen konprann tout efò li pran pou dirije yon lekòl chak jou; epi pote ekspètiz ak sipò pa yo nan lekòl la. 

 

Men kèk nan fason lidè kominotè yo ka konekte vityèlman ak lekòl M-DCPS yo pou Direktè JODI A:   

 

  • Vizite ak/oubyen ede anseye yon klas 
  • Fè yon vizit vityèl lekòl la ak elèv yo kòm gid  
  • Fè anons nan maten yo 
  • Rankontre sou entènèt ak komite elèv oubyen lòt gwoup lidè elèv yo  
  • Konsantre sou yon aktivite nan klas yo (edikasyon fizik, òkès, magazen, eksetera) 
  • Li awotvwa pou elèv yo 

    Objektif pwogram nan se pou patisipan yo bati relasyon e pèmèt eksperyans jounen an devlope pou li vin tounen yon relasyon ki dire lontane e ki amelyore anviwònman aprantisaj la e sipòte siksè elèv yo. Direktè yo ak patnè yo ka diskite sou objektif alontèm yo e ide patnè a ka kapab kolabore oubyen ede avèk yo. 

    Bank of America ap sipòte evènman sa a avek jenewozite depi plis pase dis (10) ane e plizyè nan anplwaye l yo pral patisipe e sèvi kò. Direktè JODI A.  

    Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM. 

    Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @
    mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho 


# # #

20-DGD/061/HD/RD/CM

Follow us