To gradyasyon “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se 89.6 pousan pou ane akademik 2019-2020 an, yon ogmantasyon 4 pwen pousantaj konpare ak 85.6 pousan pou ane avan an. To sa a reprezante pi gwo to gradyasyon M-DCPS reyalize depi Depatman Edikasyon Florid te kòmanse suiv estatistik sou gradyasyon yo avèk metòd modèn nan fen ane 1990 yo. Si nou retire lekòl ‘charter’ nan kalkil yo, to gradyasyon pou lekòl Distri a ap jere yo se 93.1, yon ogmantasyon parapo ak 89.2 pousan pou ane avan an.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Ogmantasyon nan to gradyasyon an se yon Gwo akonplisman ki merite pou nou selebre li… Malgre defi nou te rankontre an 2020, elèv nou yo kontinye briye e mendèv edikasyonèl klas mondyal nou an merite felisitasyon pou rezilta sa yo.”
Depi 2006-2007, to gradyasyon Distri a ogmante de prèske 31 pwen pousantaj, soti 58.7 pousan rive 89.6 pousan an 2019-20. Li enpòtan pou nou note, akoz pandemi COVID-19 laak fèmti lekòl yo, elèv ki nan klas ki t ap gradye yo te jwenn dispans parapò ak egzijans egzamen estandadize yo.
Men kèk gran liy nan pèfòmans Distri a:
· Elèv nwa yo amelyore de 6.1 pousan pwen pousantaj pou rive 85.6 pousan, lè yo reyalize pi gwo ogmantasyon nan tout gwo distri nan gran vil yo ansanm ak eta yo.
· Elèv ispanik yo amelyore de 3.6 pousan pwen pousantaj pou rive 90.3 pousan. Yo depase to eta a ki se 89.5.
· Elèv blan yo amelyore de 0.7 pousan pwen pousantaj pou rive 92.5 pousan. Yo depase to eta a ki se 91.7.
· To Distri a pou “Students with Disabilities (SWD)” (Elèv ki Gen Andikap) yo amelyore de 2.3 pousan pwen pousantaj pou rive 84.4 pousan. Yo depase to eta a ki se 82.6 pousan.
· Elèv ki ekonomikman defavorize yo amelyore de 4.1 pousan pwen pousantaj pou rive 89.0 pousan. Yo depase to eta a ki se 86.9 pousan.
· To amelyorasyon pou elèv M-DCPS yo depase pa kamarad yo atravè eta a nan kategori sa yo: Global, Nwa, Elèv ki Gen Andikap, ak sa ki Ekonomikman defavorize.
Chèmann
Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Nan non kòlèg mwen nan Komisyon
Konsèy Lekòl la mwen aplodi efò pwofesè ak lidè lekòl nou yo ki reyalize gwo rezilta
nan to gradyasyon elèv yo pandan ane lekòl sa parèy sa a.”
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
21-DGD/079/DGD/CM