Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/2/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Resevwa Sibvansyon $100,000 Pou Kreye Eksperyans Antreprenarya Pou Elèv CTE yo

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te youn nan pami 22 enstitisyon edikasyon ki te resevwa yon sibvansyon resamman pou edikasyon ak fòmasyon nan Antreprenarya nan ‘Florida Department of Education’ (Depatman Edikasyon Florid). Yo te kreye sibvansyon yo pou finanse pwojè inovatè ki kiltive lespri antreprenarya ak kapasite lakay elèv CTE yo. Distri a te resevwa yon sibvansyon $100,000 dola.

 

“Department of Career and Technical Education (CTE)” (Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik) nan M-DCPS kolabore avèk “Network for Teaching Entrepreneurship” (Rezo pou Ansèyman Antreprenarya), South Florida Educational Federal Credit Union (SFEFCU), Miami-Dade College ak konsèy konsiltatif distri NAF la, ap itilize sibvansyon an pou kreye pwogram ‘Tomorrow's Entrepreneurs Today’, yon pwogram solid ki ofri opòtinite pou elèv 6èm rive 12èm ane nan 13 lekòl leta Miami-Dade sa yo:


·       Coconut Palm K-8 Academy

·       Georgia Jones-Ayers Middle

·       John F. Kennedy Middle

·       Horace Mann Middle

·       Norland Middle

·       W.R. Thomas Middle

 

·       G. Holmes Braddock Senior High

·       Homestead Senior High

·       Miami Edison Senior High

·       Miami Jackson Senior High

·       Miami Lakes Educational Center

·       Miami Norland Senior High

·      North Miami Beach Senior High




Pami kèk nan inisyativ ak aktivite yo ap genyen:

     ‘Innov@te CTEC Miami Challenge Business Plan Pitch Competition’ ki pral bay elèv lekòl mwayèn ak segondè yo yon platfòm pou pataje lide antrepriz biznis yo pou yo ka jwenn fon pou lanse ide antreprenarya yo.

     ‘Teacher Bootcamp’ yon pepinyè ti antrepriz ki pral bay enstriktè yo resous ak sipò ki nesesè pou lanse biznis ki konplètman fonksyonèl.

     ‘Certified Financial Counselors’ elèv lekòl segondè ki resevwa fòmasyon nan SFEFCU, pral sèvi kòm konsiltan finansye pou ede elèv yo lanse antrepriz pa yo.

     ‘Academy of Future Entrepreneurs Summer Camp’ ki pral ofri elèv yo opòtinite pou fè kreyativite yo, pasyon ak rèv yo vin tounen biznis antrepriz solid.

     ‘Summer Youth Internship Program’ te fèt kreye pou elèv yo travay avèk konseye nan antreprenarya.

     ‘Incubator/maker space’ ki pral ankouraje ak kiltive bonjan aktivite antreprenarya enpòtan ki pèmèt eksperyans aprantisaj travay nan lekòl la ak apre lekòl.

 

Youn nan domèn M-DCPS konsantre atansyon l sou li se prepare mendèv elèv yo - sa vle di, prepare elèv yo pou yo reyisi nan yon mendèv k ap evolye rapidman. Pou plis enfòmasyon sou pwogram ‘Tomorrow's Entrepreneurs Today’, silvouplè vizite http://dcte.dadeschools.net.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 


# # #

21-DGD/087/HD/RD/CM

Follow us