Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/19/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Defi Anyèl 5K Sipèentandan an Ap Fèt sou Entènèt Ane sa a Enskri Jodi a!

Nan mezi pridans ak konsiderasyon pou byennèt sante kominote a, 6yèm edisyon Defi 5K Anyèl Sipèentandan an ap fèt konplètman a distans ane sa a. Patisipan yo ka kouri distans yo nenpòt kote nenpòt lè ant 6 mas ak 13 mas 2021. Yo dwe fini ak evènman an e dokimante pwogrè yo ak aplikasyon RaceJoy sou yon aparèy mobil.

Se ‘‘The Foundation for New Education Initiatives (FNEI)’’ (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon), ki ap òganize evènman anyèl Kous pou Edikasyon pou benefisye lekòl leta lokal yo. Nou ankouraje tout lekòl leta Miami-Dade yo kreye ekip epi ogmante patisipasyon yo. Tout benefis biwo administrasyon ak moun ki ap kouri yo kolekte pral finanse inisyatif Distri yo tankou ‘The Parent Academy, Cultural Passport, Project UP-START’, peye estaj pou elèv, e achte aparèy elektwonik avèk aksè entènèt pou elèv. 

Patisipan yo kabap enskri sou entènèt nan www.giveourstudentstheworld.org. Enskripsyon dwe ranpli anvan 11:59 diswa nan jedi 4 mas 2021.

Adilt ka enskri kòm yon Kourè/Machè avèk yon frè enskripsyon $30.00 + $2.74. Elèv gen de opsyon distans pou yo chwazi soti: 5K Kous oubyen 1-“mile” (apeprè yon kilomèt). Enskripsyon pou chak opsyon elèv se $10.00 + $1.58 frè enskripsyon. Patisipan gen opsyon pou enskri poukont yo oubyen avèk yon ekip ki deja egziste.

N ap bay mayo ak meday pou tout patisipan ki anrejistre. Pou plis enfòmasyon, kontakte Ann de las Pozas, Direktris M-DCPS Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon nan  adelaspozas@giveourstudentstheworld.org oubyen 305-995-7317.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

Nòt Editè a: Atachman Feyè.

 


# # #

21-DGD/090/HD/RD/SD

Follow us