Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/25/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Anonse De (2) Andwa Adisyonèl ki Pral Patisipe Nan Sèvis Repa Aprè Lekòl pou 2020/2021

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) aktyèlman ofri Pwogram Repa Aprè Lekòl, yon sou-eleman nan Pwogram Repa pou Swen Timoun, anba Depatman Agrikilti Etazini, nan plis pase 300 lekòl. Kòmanse 1ye mas, yo ap ajoute de (2) lekòl na program nan, Highland Oaks Middle School 2375 N.E. 203rd St., Miami, FL 33180 and Jan Mann Educational Center 16101 N.W. 44th Ct., Miami Gardens, FL 33054.

 

Pwogram Repa Aprè Lekòl la asire elèv ki patisipe nan pwogram edikasyonèl/aktivite anrichisman regilye aprè lekòl oubyen nan Akademi Samdi resevwa nitrisyon yo bezwen pou aprann e devlope. Repa aprè lekòl e lè samdi yo satisfè tout demand USDA yo e yo gen ladan fwi ak legim fre. Repa aprè sa yo satisfè tout demand USDA yo. Pou detay espesifik, silvouplè kontakte chak lekòl dirèkteman.

 

Nouvo pwogram ki ap kòmanse nenpòt lè nan ane lekòl 2020-2021 an ka mande pou elèv ki enskri nan pwogram repa aprè lekòl yo nan kontakte “Department of Food and Nutrition” (Depatman Manje ak Nitrisyon) M-DCPS la.

 

Ou ka jwenn andwa distribisyon aktivite anrichisman pwogram pou elèv ki ap resevwa repa aprè lekòl yo nan: http://nutrition.dadeschools.net.

 

Avi ‘USDA’: Ann akò avèk lwa Federal sou dwa sivil ak règleman e règ sou dwa sivil “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini), yo entèdi USDA, Ajans, biwo, ak anplwaye li yo, ansanm ak enstitisyon ki ap patisipe nan administre pwogram USDA yo pou yo fè diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, andikap, laj, oubyen revanj oubyen vanjans pou aktivite dwa sivil yon moun te fè anvan nan kèlkeswa pwogram oubyen aktivite USDA ap fè oubyen finanse. 

 

Moun ki gen andikap ki bezwen mwayen kominikasyon altènatif pou jwenn enfòmasyon sou pwogram nan (egz. Bray, ekriti gwo karaktè, anrejistreman odyo, Lang Siy Ameriken, eks.), dwe kontakte Ajans (Eta oubyen lokal) kote yo te aplike pou benefis yo.  Moun ki soud, mal pou tande oubyen ki gen andikap pou pale ka kontakte USDA atravè Sèvis Relè Federal yo nan (800) 877-8339.  Anplis, enfòmasyon sou pwogram nan ka disponib nan lòt lang ki pa Anglè.

 

Pou pote yon plent kont diskriminasyon nan pwogram nan, ranpli ‘‘USDA Program Discrimination Complaint Form” (Fòm pou Pote Plent Kont Diskrimansyon USDA), (AD-3027) ou ka jwenn sou entènèt nan: How to File a Complaint, (Kòman pou Ranpli yon Plent) e nan nenpòt biwo USDA, oubyen voye yon lèt nan adrès USDA e mete ladan tout enfòmasyon yo mande nan fòm nan. Pou mande yon kopi fòm plent la, rele nan (866) 632-9992.  Voye fòm ki ranpli a oubyen lèt la bay USDA atravè:

 

 

1.    Lapòs: U.S. Department of Agriculture

           Office of the Assistant Secretary for Civil Rights

           1400 Independence Avenue, SW

            Washington, D.C. 20250-9410

      2.   Faks: (202) 690-7442; oubyen

      3.   Adrès elektwonik: program.intake@usda.gov.

 

Enstitisyon sa a ofri menm opòtinite pou tout moun.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.


# # #

21-DGD/092/HD/SD

Follow us