Tout pwofesè ak anplwaye “Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) nenpòt ki laj,
tankou gadyen, anplwaye kafeterya ak chofè otobis, nan lekòl Matènèl -12èm ane
eskolè ak anplwaye pwogram swen timoun, ap kapab resevwa kounye a vaksen
COVID-19 la. Se yon nouvèl enteresan pou Distri a, ki te ap fè demand sa a depi
Desanm pou priyorize vaksen an pou anplwaye yo, patikilyèman sa yo ki gen
kontak dirèk avèk elèv yo.
Nan kòmansman semèn sa a, administrasyon
Biden nan te pibliye machasuiv Pwogram Federal Famasi Detayan yo ki priyorize
vaksen COVID-19 la pou anplwaye lekòl depi Matènèl jiska 12èm ane eskolè ak anplwaye
swen timoun yo.
Pwogram Federal Famasi Detayan pou Vaksinasyon
COVID-19 la se yon kolaborasyon ant gouvènman federal la, eta yo ak teritwa yo,
ak 21 patnè famasi nasyonal, ki gen ladan CVS, Publix, Walmart ak Walgreens, ak
rezo famasi endepandan yo pou ogmante aksè a vaksen COVID-19 la nan tout
Etazini. Pwogram federal la ap bay priyorite pou vaksinen tout anplwaye lekòl
ak anplwaye swen timoun, pandan mwa mas la.
Anplwaye yo ka pran yon randevou nan ale
siyen nan Vaccines & Immunizations
| Vaccine Schedule | CVS Pharmacy.
Nou atann pou lis founisè yo ogmante. Pou tèt sa a, nou ankouraje anplwaye yo
vizite sit entènèt andwa vaksinasyon eta a nan https://floridahealthcovid19.gov/vaccines/vaccine-locator/ pou dènye
enfòmasyon sou founisè vaksen ki disponib yo.
Pou verifye
prèv travay ak laj ou, pèsonèl M-DCPS yo dwe pote ID andwa travay/lekòl yo ak
lisans chofè yo nan randevou a.
Tout anplwaye M-DCPS, kèlkeswa laj yo, ka
pran yon vaksen tou nan premye andwa federal Sid Florid la, ki ouvè semèn sa a
nan Kanpous Nò Kolèj Miami Dade la. Andwa a ouvè sèt jou pa semèn soti 7:00 nan
maten pou 7:00 nan aprèmidi. Yo aksepte moun san randevou, men yo prefere ou
pran yon randevou.
Gid sa a te vin elaji akoz Lòd Egzekitif
Gouvènè Ron DeSantis semèn sa a ki ogmante vaksen COVID-19 pou anplwaye K-12 ki
gen 50 ane e pi gran. Pou obsève Lòd la, nan wikenn sa a, Sistèm Sante Jackson
pral administre 1,000 vaksen nan twa andwa Jackson yo pou bay anplwaye M-DCPS
vaksen ki nan laj 50 ane e pi gran. Mil anplwaye deja vaksinen kòm pati nan
patenarya kontinyèl Distri a avèk Jackson. Dènye anons sa a ogmante efò
kolektif nou avèk Jackson pou anpeche pwopagasyon COVID-19 nan kominote nou an.
Nou ap pwograme fiti evènman vaksinasyon.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
21-DGD/095/HD/SD