MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States
webmaster@dadeschools.net
(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)
Friday, April 19, 2024
Nan reyinyon regilye li fè chak mwa a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te komisyone yon konpayi achitekti ak de (2) konpayi konstriksyon pou fini pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan Lekòl Lenora B. Smith Elementary, Riviera Middle ak Tropical Elementary, ki totalize apeprè $43.3 milyon dola.
Kontinye li"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), an patenarya avèk "Accelerate - The National Collaborative for Accelerate Learning" (Akselere – Pwojè Kolaboratif Nasyonal pou Aprantisaj Aksele) ak "University of Chicago Education Lab" (Laboratwa Edikasyon University of Chicago), te anonse yon don finansye ki vo $9 milyon dola ki soti nan men Kenneth C. Griffin, ki se fondatè ak Direktè Jeneral konpayi Citadel epi li se manm fondatè konpayi Griffin Catalyst, pou sipòte lansman gwo pwogram leson patikilye wo nivo nan matematik pou elèv Miami-Dade k ap fè ratrapaj aprè kriz edikasyonèl pandemi COVID-19 la te lakòz.
Kontinye liKòmanse lendi 15 avril 2024, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), ap ouvè Pwosesis Aplikasyon Andeyò Peryòd Enskripsyon Magnet la pou bay elèv yo yon lòt opòtinite pou aplike pou plas Magnet pou ane lekòl k ap vini an. Peryòd Aplikasyon Andeyò Epòk Enskripsyon an ap rete ouvè jis rive nan kòmansman ane lekòl 2024-2025 la oswa jiskaske tout plas yo fin ranpli.
Kontinye liSipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Dtè. Jose L. Dotres ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 4, Robert J. Alonso te met ansanm ak Juan Ramirez ki se Direktè Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes; ofisyèl eli ki reprezante vil Miami Lakes nan eta a, konte a, ak gouvènman lokal yo; reprezantan ki soti nan Distri a; ansanm ak pwofesè ak elèv yo pou lanse kòmansman konstriksyon yon nouvo Akademi pou etid Dwa nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes ak renovasyon Planetaryòm Ken Mattingly a.
Kontinye li“The Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj pou Jèn Ete a), ki bay elèv lekòl segondè eksperyans travay pandan ete a nan konekte yo ak plizyè santèn anplwayè, te fè yon evènman pou lanse pwogram nan jodi a. Yo te konsantre sou akeyi nouvo patnè estaj ki ka antre nan pwogram nan ane sa a ansanm ak enskri elev “Miami-dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou ete a.
Kontinye liTout "Miami-Dade County Public Schools" (Lekòl Leta Miami-Dade County), ansanm ak biwo Rejyon ak biwo Distri yo, ap fèmen pou Vakans Prentan soti lendi 25 mas jiska vandredi 29 mas. Elèv ak anplwaye yo, eksepte kèk anplwaye 12 mwa yo chwazi ak anplwaye 'Fraternal Order of Police', pral nan Vakans Prentan.
Kontinye liSipèentandan an Dtè. Jose L. Dotres te rankontre avèk Prezidan Chanm Komès Miami-Dade G. Eric Knowles nan Lakeview Elementary mekredi a pou lanse Inisyativ “The Reading Chamber” (Espas Lekti) a.
Kontinye li