|
|
|
Ouvèti
Lekòl
AKSELERASYON
ATRAVÈ OPÒTINITE POU DOUB ENSKRIPSYON
18 jiyè 2003
Tout elèv ki satisfè kalifikasyon minimòm, ki
genyen ladan kòmansman nan 10yèm, 11yèm oubyen
12yèm ane eskolè nan dat 1mye jiyè 2003, elijib
pou anwole nan klas doub enskripsyon, ki ofri toude yon diplòm
lekòl segondè e kredi kolèj. Atravè
pwogram akselerasyon akademi sa a, elèv yo ap pran klas yo nan
yon kolèj oubyen inivèsite apre lè lekòl
yo oubyen diran ete a. Yo pap chaje yo pou frè lekòl
la, e distri a ap peye pou liv yo. Elèv yo responsab pou
transpòtasyon yo.
Elèv yo dwe bay konseye high school yo transkrip kolèj
la pou yo kab resevwa kredi pou kou yo pran.
Pou enfòmasyon adisyonèl, kontakte Divizyon pou Pwogram
Akademik Avanse nan 305-995-1993.
03-MV187/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
SANT AKSÈ
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County a sibdivize an sis (6) Sant
Aksè (ACCESS Centers): Sant Aksè 1 a 6.
Yon asistan sipèentandan alatèt li ak yon anpwlaye ki
reskonsab pou founi sipò ak asistans pou paran, elèv
nan chak sant yo.
Lè paran yo gen kesyon oubyen lòt bagay ki relate ak
lekòl pitit yo ki pa rezoud nan nivo lekòl yo, li kab
adrese li a yon direktè sant yo. Si paran yo pa satisfè
ak rezilta a, yo kab mande yon odyans sou desizyon an devan asistan
sipèentandan Sant Aksè an.
Kesyon konsènan limitasyon zòn lekòl, regleman
sou prezans ak transfè ap jwenn repons yo nan Sant Aksè
yo. Men adrès ak telefòn Sant Aksè yo:
733 East 57 St.
Hialeah, FL 33013
305-687-6565
Asistan Sipèentandan: Margarita Alemany-Moreno
Direktè yo: Charles Hankerson, Marie Harrison,
Dtè. Marjorie Figueira
1515-3 N. W. 167 St., #300
Miami, FL 33169
305-624-8802
Asistan Sipèentandan: Enid Weisman
Direktè yo: Dtè. Ronald Hunter, Dtè.
Carmen Marinelli, Maria Llerena
1080 LaBaron Dr.
Miami Springs, FL 33166
305-883-0403
Asistan Sipèentandan: Carol Cortes
Direktè yo: Dtè. Geneva Woodard, Robert
Kalinsky, Verdell King
2201 S.W. Fourth St.
Miami, FL 33135
305-642-7555
Asistan Sipèentandan: Essie Pace
Direktè yo: Myra Silverstein, Dtè. Ruby
Johnson, Henry Ferrer,
9040 S.W. 79 Ave.
Miami, FL 33156
305-595-7022
Asistan Sipèentandan: John Gilbert
Direktè yo: Carlos Fernandez, Cynthia Clarke, Kenneth
Wheeler
30910 S.W. 157 Avenue
Homestead, FL 33033
305-246-5934
Asistan Sipèentandan: Freddie Woodson
Direktè yo: Jorge Garcia, Neyda S. Navarro, Kamela
Patton
Chak Sant Aksè sipèvize "senior high schools" ak
pwòp lekòl "feeder pattern" yo. Men lis "high school"
yo ak nan Sant Aksè yo ye:
American Senior High
Barbara Goleman Senior High
Hialeah Senior High
Hialeah-Miami Lakes Senior High
Miami Carol City Senior High
Dr. Michael M. Krop Senior High
Miami Beach Senior High
Miami Norland Senior High
North Miami Senior High
North Miami Beach Senior High
Design and Architecture Senior High
Miami Central Senior High
Miami Coral Park Senior High
Miami Northwestern Senior High
Miami Springs Senior High
Coral Gables Senior High
Maritime and Science Technology Senior High (MAST
Academy)
Miami Edison Senior High
Miami Jackson Senior High
Miami Senior High
Booker T. Washington Senior High
New World School of the Arts
G. Holmes Braddock Senior High
Miami Killian Senior High
Miami Palmetto Senior High
South Miami Senior High
Southwest Miami Senior High
Coral Reef Senior High
Homestead Senior High
Miami Southridge Sr. High
Miami Sunset Senior High
South Dade Senior High
Felix Varela Senior High
03-MV134/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
LEKÒL LETA
MIAMI-DADE COUNTY OFRI KLAS EDIKASYON ADILTE APLIKASYON TEKNOLOJI
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County ofri plis pase 100 pwogram nan
edikasyon adilt e aplikasyon teknoloji. Plis pase 1137,556
elèv patisipe nan klas lajounen e le swa nan 22 sant pou adilt
atravè County a.
Pwogram Aplikasyon Teknoloji ofri yo genyen ladan agribiznis, biznis
teknoloji, syans fanmi e syans konsomatè, syans sante,
pwomosyon, sèvis edikasyon piblik. Pwogram Edikasyon Jeneral
pou Adilt ofri enstriksyon:
Atravè règleman
ouvè-antre, ouvè-soti, nan sèvi ak kourikouloum
konpetans-debaz, adilt kab avanse daprè nivo pwogrè yo
sou lekti, lang, redaksyon, matematik. Anplisdesa, elèv kab
sèvi ak òdinatè ki gen Entènèt pou
resevwa enstriksyon nan sèvi ak kourikouloum esklisif nan
pwogram sou sijè akademik oubyen vokasyonèl.
Èd finansyèl kab disponib pou endividi ekonomi yo ba
oubyen travayè ki andikape. Silvouplè kontakte sant
adilt, sant ladrès, oubyen sant pou sijè teknik ki pre
ou pou enfòmasyon, oubyen vizite sant "Florida Workforce,"
sant milti sèvis nan zòn nan.
Pou plis efòmasyon, kontakte nimewo telefòn
305-995-2500.
03-MV155/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
ABISYON PLAN CHWA
LEKÒL POU KÒMANSE AN OTÒN SA A
18 jiyè 2003
Yon anbisyon ki pou dire senkan pou bay elèv nan Miami-Dade
pli gran chwa nan ki lekòl leta yo vle ale ap kòmanse
an otòn sa a nan ouvèti premye lekòl ou kab
kondui ale nan Sid Florid la, pou elèv paran yo travay nan
zòn nan pre anba lavil Miami (downtown Miami).
Li fonde anba yon bous federal ki vo 14.6 milyon e ki fè
pwomosyon anba slogan "Mwen Chwazi: Lekòl Leta Miami-Dade
County," plan an ap enskri elèv nan senk faz anyèl
jiska 2008.
Faz I genyen ladan re-ouvèti lekòl istorik Ada Merritt
la, kite premye bati an 1923 e ki fèmen depi an 1979,
kòm premye lekòl nan rejyon an ou kab kondui ale. Yo te
agrandi e rekonstri li daprè desen orijinal la, lekòl
yo limite nan 660 S. W. 3rd Street, chèz ki disponib pou
elèv jadendanfan ki kalifye jiska elèv twazyèm
ane nan Miami-Dade, Broward e Monroe Counties.
Lekòl la ap fè lonwanj li pou yon pwogram
entènasyonal trè sevè, ki genyen ladan doub
enstriksyon langaj ann Anglè e chwa Pòtigè
oubyen Espayòl. Lekòl la tou ap chèche jwenn
otorizasyon pou ofri nan varyete Pwogram Bakaloreya
Entènasyonal nan Ane Primè yo, lekòl
kourikouloum pi vigoure nan lemond, disponib nan sèlman yon
ponyen lekòl ozetazini e Ewòp. Pou yon aplikasyon
oubyen plis enfòmasyon paran kab rele 305-642-7555 oubyen
vizite paj Entènèt ki se
adamerritt.dadeschools.net.
Yo ap revele faz II an out 2004, ki ap pèmèt 35,000
elèv nan northwest Miami-Dade "Chwa Zòn Lekòl 1"
pou travèse limit zòn lekòl ou kab ale e enskri
nan sèt chwa lekòl elemantè e yon lekòl
mwayen ki ofri yon varyete pwogram espesyal ki vize nan matyè
etid entènasyonal e ar medya. Jiska sèt zòn chwa
lekòl ki ap ajoute nan lòt pati konte an nan ane ki ap
suiv yo, ki ap depann sou siksè faz II a.
Pou plis enfòmasyon sou "Mwen Chwazi," rele distri
lekòl la Biwo Chwa Lekòl e Opsyon Parantal nan
305-995-1922 oubyen vizite paj Entènèt http://choice.dadeschools.net.
03-MV/J193/CF
Ouvèti
Lekòl
ZÒN RESTRIKSYON
VITÈS
1 jiyè 2003
Gen yon limit vitès presi 15 mil alè ke yo
ranfòse pou tout motoris/chofè k ap kondi bò
lekòl leta yo nan jou lekòl yo e nan lè ki fikse
nan tablo siy yo.
Lè a depann de endividi lekòl la. Chak lekòl gen
dwa gen yon lè lejèman diferan pou aplikasyon
restriksyon vitès la.
Pou sekirite timoun yo li enpòtan pou chofè yo li
avèk prekosyon tablo limit vitès yo lè y ap pase
nan zòn lekòl yo. Plis ankò, se yon vyolasyon
règleman trafik la pou depase limit vitès yo enpoze nan
zòn lekòl yo.
Anplisdesa, timoun yo dwe okouran pou yo veye machin k ap
vini.
03-MV135/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
SIVEYE ANVAN, APRE LEKÒL NAN LEKÒL PRIMÈ
18 jiyè 2003
Ane sa a 205 lekòl primè leta nan Miami-Dade Count y ap
ofri pwogram etid siveye apre lekòl nan jou lekòl yo.
Ap gen pwogram etid siveye anvan lekòl nan 130 lekòl
primè.
Pwogram apre lekòl yo fèt osito lekòl lage jiska
6 zè diswa. Pwogram anvan lekòl yo kòmanse
apeprè inèdtan anvan klas.
Nan pwogram apre lekòl yo, yo bay timoun yo yon ti bagay pou
yo pase nan bouch yo, tan pou yo fè devwa yo epi tan pou
rekreyasyon ak aktivite. Pwogram anvan lekòl yo ofri timoun yo
aktivite trankil ki sou siveyans.
Pri pwogram etid siveye apre lekòl se $30 pa semèn e
pwogram etid siveye anvan lekòl koute $15 pa semèn.
Se youn nan kat ajans nou pral site la yo ki ofri piblik la chak
pwogram sa yo: lekòl kominotè "Miami-Dade County Public
Schools" yo, "YMCA," "YWCA" oubyen "Family Christian Association of
America" (FCAA).
Paran ki enterese dwe kontakte direksyon lekòl pitit yo pou yo
konnen ki pwogram yo ofri. Ou ka gen plis enfòmasyon lè
w rele "Office of Community Education" ki fè pati
sistèm lekòl la a nan 305-995-1242, oubyen ale sou
Entènèt www.dadeschools.net pou dènye
enfòmasyon.
Pou plis enfòmasyon toujou ou kab rele "YMCA" lan
305-357-4000, eks.126, "YWCA" lan -305-377-9922 ak "Family Christian
Association of America" lan 305-685-4881.
03-MV-136/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PWOGRAM POU SÈVI
PARAN BILENG
18 jiyè 2003
Divizyon pou edikasyon Bilang e"World Languages" Lang nan Mond la nan
Lekòl Leta Miami-Dade County ofri Pwogram pou Sèvi
Paran Bileng ki se yon sèvis pou imigran ki fèk antre.
Bi pwogram nan se pou ofri imigran ki fèk antre ak fanmi yo
enfòmasyon sou edikasyon, sèvis kominotè e
opòtinite pou travay atravè seminè, ke yo
prezante an Espayòl e/oubyen an Kreyòl Ayisyen. Yo ofri
patisipan nan seminè yo gadri gratis.
Ou kab resevwa orè seminè yo lè ou rele Dr.
Beatriz Diaz, Divizyon pou Edikasyon Bileng e "Word Languages," Lang
nan Mond la nan 305-995-1247 oubyen vizite paj Entènèt
nan www.dade.k12.fl.us.bfls.
03-MV137/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
LEKÒL
"CHARTER"
18 jiyè 2003
Lekòl "charter" se lekòl leta ki fonksyone anba yon
akò kontra ak komisyon Konsèy lekòl nan
zòn nan. Yo se yon enstitisyon ki pa la pou pwofi ki tipikman
gouvène anba yon gwoup paran, pwofesè, yon
òganizasyon, minisipal, inivèsite e/oubyen yon
konbinezon ki gen plis pase yon gwoup. Genyen 25 lekòl
"charter" kounye a k ap fonksyone nan Miami-Dade County.
Pou plis enfòmasyon, sou lekòl "charter" ki genyen
ladan kote yo lokalize, silvouplè rele sistèm
lekòl la School Choice and Parental Options (Chwa Lekòl
e Opsyon Paran) nan 305-995-1922 oubyen vizite lekòl "charter"
sou Entènèt http://choice.dadeschools.net.
03-MV138/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
SANT ENFÒMASYON
POU SITWAYEN
18 jiyè 2003
Sant Enfòmasyon pou Sitwayen (Citizen Information Center), nan
Lekòl Leta Miami-Dade County, la pou reponn tout moun ki gen
kesyon sou sistèm lekòl la.
Li tabli kò l nan sal 158 Bilding Administrasyon Konsèy
Lekòl la ki nan 1450 N.E. Second Ave., epitou sant lan founi
piblik la dokiman, enfòmasyon jeneral ak ajanda pou reyinyon
Konsèy Lekòl la.
Sitwayen yo kapab kontakte sant lan nan 305-995-1128 oubyen vizite l
lendi jiska vandredi depi 8:00 dimaten jiska 4:30 nan
aprèmidi. Paj Entènèt Lekòl Leta
Miami-Dade County se, www.dadeschools.net,
epitou li ofri yon varyete enfònmasyon sou sistèm
lekòl la.
03-MV139/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PATISIPASYON KOMINOTE
YO
18 jiyè 2003
Kòmanse sou paran yo, biznis yo, lidè kominotè
yo, gouvènman lokal, elèv kolèj ak elèv
inivèsite, rive sou tigranmoun, patisipasyon sitwayen lan
Lekòl Leta Miami-Dade County ofri tout moun yon
opòtinite pou ede ofri elèv yo fè yon bèl
eksperyans lekòl ki pi satisfezan.
Sitwayen ak moun ki nan konpayi k ap fè volontè,
konsakre ant inèdtan ak dezèdtan pa semèn pou
anseye elèv, ede lan pwomnad lekòl yo òganize,
nan salkas epi patisipe lan lòt aktivite lekòl yo
fè. Nou ankouraje tigranmoun yo espesyalman pou yo pataje tan
yo ak tijèn yo.
Volontè lekòl ofri sèvis yo lan plis pase 30
domèn ki genyen ladan moun elèv kab pwofite de
eksperyans yo e elèv ka pran leson sou matyè yo, depi
sou matematik, lekti, rive sou òdinatè (computer). Pou
timoun ki bezwen yon zanmi granmoun, volontè "Listener" yo vin
enpòtan anpil. Lan pwosesis la, yo ede tijèn yo devlope
imajinasyon ak kreyativite yo, epi yo ede elèv yo devlope
amoupwòp yo. Yo ofri pwogram sa a an espanyòl (Oyentes)
tou. Yo pran pati nan pwogram Sipò pou Timoun ki ede yo gradye
soti nan lekòl segondè e jenn bous pou kolèj.
Pou plis enfòmasyon sou pwogram volontè ki resevwa prim
nan Lekòl Leta Miami-Dade County silvouplè rele
(305-995-1215).
Gen yon branch "Parent-Teacher Association/PTA" (Asosyasyon Paran ak
Pwofesè) lan prèske chak lekòl leta lan
Miami-Dade. Ak plis pase 60.000 manm, Konsèy PTA/PTSA Dade
County a se twazyèm pi gwo asanble PTA lan peyi a. PTA a, ki
patisipe lan plizyè aktivite lekòl yo, ede anpil. Nou
ankouraje paran yo pou yo fè yo manm PTA a. Pou yo patisipe,
paran yo ka telefone lekòl pitit yo oswa biwo PTA/PTSA a lan
305-995-1102.
Pou rete ann akò ak sistèm Florid la pou amelyore
lekòl pran responsablite pou edikasyon, "Educational
Excellence School Advisory Councils (EESACs) " (Asanble Konsèy
Edikasyonèl Lekòl Ekselan te) egzite nan tout
lekòl. Chak "EESAC," ki genyen ladann reprezantatif
pwofesè, paran, elèv, administratè ak
biznis/kominote a, ki aktif nan patisipe nan devlopman e siveye Plan
Pèfòmans Ekselan anyèl Lekòl. Pou w
patisipe, kontakte direktè(tris) lekòl la oubye rele
Divizyon Dekalite pou Amelyore Lekòl nan 305-995-2744.
Pwogram "Dade Partners," yo selebre nasyonalman, gen plis pase 3.200
biznis, òganizasyon sivik ak manm kominotè ki "adopte"
lekòl ki lan katye yo. "Dade Partners" travay ansanm pou
amelyore pwogrè elèv yo e anrichi pwogram
edikasyonèl yo. Kèk nan òganizasyon "Dade
Partners" yo sèvi lan tout Dade la kòm patnè
tout distri eskolè a. Anplisdesa, biznis ak lidè nan
kominote a genyen opòtinite pou patisipe nan edikasyon nan
patisipe kòm Direktè Lekòl pou yon Jounen nan
distri a e/oubyen nan inisyatif Patnè Egzekitif la. Pou
enfòmasyon sou "Dade Partners" rele 305-995-1215.
"Intergenerational Program," ki se Pwogram Tèt ansanm ant
Diferan Jenerasyon, ofri tigranmoun yo opòtinite pou yo travay
endividyèlman ak yon elèv. Atravè pwogram
"Senior Mentor" la endividi ki depase laj 50 tan mache an pè
ak yon timoun. Yon "Senior Mentor" travay ak yon elèv pou sis
a dis semèn sou pwojè ki baze nan enterè yo
pataje.
Pou plis enfòmasyon sou patisipasyon sitwayen nan lekòl
leta yo, rele lekòl ki lan zòn ou an oubyen "Bureau of
Community Services" lan 305-995-1215.
03-MV140/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PWOGRAM ÈD POU
ETID KOLÈJ
18 jiyè 2003
Elèv lekòl segondè yo ak paran yo pi
enfòme pase anvan sou opòtinite pou fè etid
kolèj gras a Pwogram Èd Pou Etid Kolèj (College
Assistance Program /CAP) Lekòl Leta Miami-Dade County a.
Nan chak lekòl konseye "CAP" yo ede elèv yo nan ranpli
aplikasyon pou egzamen pou yo antre nan kolèj, enskripsyon nan
enstitisyon apre lekòl segondè, e èd
finansyèl, bousdetid.
"CAP" fè atelye pou enfòme paran yo èd sou
finansyèl ak bous detid. M-DCPS e National Association for
College Admission Counseling patwone an kolaborasyon yon ekspozisyon
kolèj anyèl ki ap prezante plis pase 150 kolèj e
inivèsite atravè peyi a e yo planifye li pou chak
prentan.
College Assistance Program of Dade County Inc., yon
òganizasyon 501(c)(3) ki pap chèche pwofi, bay milye de
dola pou ede elèv ki prepare pou yo antre nan kolèj.
Chak prentan sipèentandan lekòl yo fè
"Scholarship Saturday, ki yon seri evennman espòtif
kominotè pou ede jwenn fon pou CAP ki gen ladan jwèt
"softball", domino, boling, e kous/mache 5k. Yo fè CAP kado
tout lajan yo antre nan evenman yo.
Pou plis enfòmasyon, elèv yo dwe kontakte konseye "CAP"
ki nan Depatman Sèvis Elèv osnon rele biwo distri a pou
"College Assistance Program la, nan 305-995-1743.
03-MV141/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
LEKÒL
KOMINOTÈ OFRI OPÒTINITE EDIKASYONÈL NAN YON PRI
OU KAB PEYE
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County genyen 56 kote pou lekòl
kominotè ki ofri klas nan prèske tout sijè--
depi kòmanse sou yoga pou rive sou fèmanje pou rive sou
lang etranje e fotografi -- swa yo gratis oubyen yo nan yon pri moun
nan kab peye. Yo ofri pi fò kou yo nan apremidi oubyen nan
aswè.
Pliske 98,000 moun pran avantaj sou opòtinite
edikasyonèl sa a, e si yon gwoup vle aprann yon nouvo
ladrès, Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè
aranjman pou yo genyen klas la nan lekòl ki nan katye a.
Lekòl kominotè ofri klas pou tout laj, nan tout nivo
ladrès, e nan kapasite langaj moun nan. Ladrès travay
kab amelyore kay elèv ki enskri nan klas tape oubyen klas
òdinatè. Enpe nan kou yo kab menm sèvi pou kredi
kolèj. Pou plis enfòmasyon sou avantaj ki genyen nan
lekòl kominotè, rele, nan 305-995-1242.
03-MV142CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PWOGRAM KONPREYANSIF POU
MATEMATIK AK SYANS
18 jiyè 2003
An mas 2000, Komisyon Lekòl Miami-Dade County pase yon plan
konpreyansif pou matematik ak syans pou motive elèv pou vin
enterese nan sijè sa yo e pou amelyore pèfòmans
akademik. Plan an ap bay elèv yo konesans sou matematik ak
syans ki nesesè pou siksè nan edikasyon apre
lekòl segondè e kòm anplwaye nan mache travay
la. Devlopman plan an ak ogmantasyon sou demand akademik la vini nan
reponn yon pwojeksyon Miami-Dade Chamber of Commerce fè ki
prevwa 120,000 travay nan domèn matematik, syans ak teknoloji
ap rete ouvè paske anplwaye lekòl yo pa prepare.
Bi pwogram nan e demand lan genyen ladan konponan sa yo:
Sistèm lekòl la ap
travay pou amelyore siksè elèv nan syans ak matematik
anba "Urban Systemic Initiative (USI), Pwogram Sistemik Inisyatif e
Urban Systemic Program (USP), Pwogram Sistemik Iben, ki resevwa fon
anba Fondasyon Syans Nasyonal, ki vize ranfòsman kontni
akademik e enstriktif e an menmtan reyisi nan enskri nan kou pou fi
kòm gason ak diferan etnisite e jwenn rezilta nan
pèfòmans. Yo ap enplemante nan tout lekòl nan
distri a yon kourikouloum ki baze sou estanda pou satisfè
bezwen elèv yo e bi pwogram nan.
Pwogram nan ranfòse kontni akademik e amelyore enstriksyon.
Anplisdesa, li ogmante siksè elèv sou egzamen estanda
nan matematik, li ogmante enskripsyon nan nivo kou nan matematik e
syans, li ogmante nonb elèv ki gradye e li ogmante
patisipasyon paran ak patisipasyon kominote a.
Patnè kominotè yo, ki gen ladan inivèsite
lekòl yo, bibliyotèk, gouvènman minisipalite pou
ede konekte enstriksyon matematik ak syans nan sitiyasyon lavi
reyèl e karyè.
Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Ms. Constance
Thornton, Direktè Administratif, Divizyon pou Edikasyon nan
Matematik ak Syans, nan 305-995-2341.
03-MV143/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
SÈVIS
KONPREYANSIF POU ELÈV PWOGRAM POU SATISFÈ BEZWEN
ELÈV
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County ofri elèv li yo ak fanmi
yo plizyè sèvis. Divizyon Sèvis Elèv mete
yon ekip pwofesyonèl ansanm pou adrese bezwen
pèsonèl, sosyal, edikasyonèl epi devlopman
karyè pou tout elèv ki enskri nan klas
pre-Matènèl jisrive nan edikasyon adilt. Konseye,
sikològ, travayè sosyal, Konseye pou Pwogram Asistans
Kolèj, espesyalis pou plasman pwofesyonèl, e espesyalis
"TRUST"(Konseye kont abi nan itilizasyon dwòg) ap ofri
konsèy akademik, evalyasyon konduit, planifikasyon
karyè apre lekòl segondè, manajman nan kriz,
konsèy, atelye pou paran, prevansyon ak entèvansyon
kont itilizasyon dwòg.
Bonjan bi pwogram nan se pou elèv yo gradye ak ladrès
nesesè pou yo kab dirije tèt yo, pran desizyon pou lavi
reyèl e kontribye ak siksè nan sosyete a.
Pou plis enfòmasyon, kontakte konseye a oubyen "Student
Services Department" Depatman Sèvis Elèv, nan
lekòl pitit ou oubyen rele "Division of Student/Career
Services" Divizyon Sèvis/Karyè Elèv nan
305-995-7338. Ou kab vizite paj "web" yo a tou nan,
www.dade.k12.fl.us/stservices.
03-MV144/RL
Top
Ouvèti
Lekòl
PWOGRAM KONPREYANSIF POU
LEKTI
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County genyen youn nan pwogram
konpreyansif pou lekti ak nan peyi a pou elèv jadendanfan rive
sou 12yèm ane eskolè. Se anplwaye ak asistans nan "Ad
Hoc Reading Committee" Komite Pou Amelyore Lekti, ki te devlope l
kote yo idantifye li nan nivo nasyonal e nan nivo eta a kòm
yon pwogram lekti egzanplè kote rezilta a siyifikan nan
ogmantasyon pwen nan nivo prensipal. Komisyon Konsèy la mande
pou pwogram nan genyen ladan estrateji ak kritè ki suiv anba
a:
Eleman kle pwogram nan se devlopman
pwofesyonèl entansif pou pwofesè yo nan tout nivo, e
yon apwoch estrikti enstriksyon lekti e yo ap mete plis
ranfòsman sou lekti atravè tout materyèl nan
kourikouloum k ap remakab e espektasyon yo defini byen klèman
nan tout nivo ane eskolè. Yo ofri yon sèk sistematik
sipò konsantre kote yon lidè nan lekti nan chak
lekòl e "feeder pattern"(lekòl nan menm katye) ak
espesyalis Edikasyonèl nan e yon anplwaye nan distri a
senkwonize efektif egzekisyon plan an.
Se yon lide yon gran varyete òganizasyon kominotè,
enstitisyon edikasyon ak ajans lokal sipòt inisyatif lekti a
tou sipòte konsèp "Greater Miami Chamber of Commerce"
"Yon Kominote Yon Bi" kote misyon an se pou agrandi kad devlopman
ekonomi kominote a atravè preparasyon pou gen plis
travayè ki alfabetize. Sistèm lekòl la pwomote
inisyatif la atravè kanpay "JUST READ." Pou Plis
enfòmasyon kontakte Dtè. Alicia Moreyra, Direktè
Administratif, Divizyon pou "Languag Arts/ Reading. (Redaksyon ak
Lekti) nan 305-995-1914.
03-MV145/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
OU BEZWEN ÈD
AVÈK DEVWA? ANNIK RELE "DIAL-A-TEACHER"
18 jiyè 2003
Pou jèn yo ak paran yo nan Lekòl Leta Miami-Dade
County, èd avèk devwa tou pre menm jan ak yon
apèl nan telefòn, oubyen peze yon "mouse"
konpitè.
"Dial-A-Teacher," nan nimewo 305-995-1600, ofri èd avèk
devwa pa telefòn nan men pwofesè ki sètifye
apati de 5:30 rive 8:30 diswa, lendi rive jedi, nan jou ki gen
lekòl. N ap jwenn èd nan lang espayòl oubyen
kreyòl.
Pou rantre an kominikasyon avèk "web site" "Dial-A-Teacher" a,
ale nan www.dial-a-teacher.com. Elèv ak paran ka voye kesyon
sou devwa yo pa lèt elektronik "e-mail" bay anplwaye yo oubyen
yo kab checke "database" la pou kesyon yo mande pi souvan yo.
Se "Office of Adult/Vocational Alternative and Community Education"
an kolaborasyon avèk "United Teachers of Dade" ki pwodui
pwogram "Dial-A-Teacher." Pou plis enfòmasyon, rele
305-995-1822.
03-MV159/RL
Top
Ouvèti
Lekòl
REPREZANTATÈ
"SPEAKERS BUREAU" POU DISTRI A BON RESOUS POU KESYON SOU
OUVÈTI LEKÒL
18 jiyè 2003
Biznis nan zòn nan, paran e gwoup sivik kab ofri anplwaye yo e
manm yo enfòmasyon sou Lekòl Leta Miami-Dade
atravè Biwo Reprezantatè Pou Lekòl yo "Speakers
Bureau."
Distri a genyen ekspè nan diferan matyè sou edikasyon
ki disponib pou pale devan òganizasyon nan yon varyete
sijè, ki genyen ladan pwosedi sou ouvèti lekòl,
sèvis elèv, lekòl/patnè biznis,
volontè, chwa edikasyonèl, teste elèv yo e fon.
Reprezantatè yo disponib pou prezante enfòmasyon ann
Anglè, Espayòl oubyen Kreyòl-Ayisyen.
Chèf Kominikasyon Ofisye Mayco Villafaña te di, "Diran
ane lekòl la, espesyalman nan kòmansman an, sitwayen yo
bezwen enfòmasyon oubyen yo gen kesyon sou edikasyon leta."
Nou menm nan Biwo Reprezantatè an pran desimine
enfòmasyon an nan yon nivo pèsonèl ki
pèmèt diskisyon e ankouraje patisipasyon kominote
a."
Ane eskolè 2003-2004 la ap kòmanse lendi 25 out.
Pou kab mande pou yon reprezantatè, sitwayen kab rele
305-995-1126 oubyen vizite biwo distri a sou paj
Entènèt Relasyon Piblik la sou
www.dadeschoolsnews.net/speakers.htm.
03-MV130/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PWOSEDI NAN KA IJANS
18 jiyè 2003
Elèv yo dwe gen nan dosye lekòl yo enfòmasyon
pou asire yo avèti rapidman paran yo osnon lòt endividi
yo te deziye sou kat ijans lan pou lè gen yon ijans
konsènan pitit yo.
Paran yo dwe founi enfòmasyon sa yo sou kat dosye elèv
la depi premye fwa yo te ap enskri timoun yo nan yon lekòl
leta Miami-Dade County; ansuit fò yo mete enfòmasyon yo
ajou chak ane. Sepandan, li enpòtan pou paran yo mete
enfòmasyon yo ajou alekri diran ane eskolè a si ta vin
gen chanjman non, telefòn oubyen adrès.
Lè yon elèv gen yon ijans nan lekòl li osnon
pandan yon aktivite lekòl la te otorize, responsab yo nan
lekòl la dwe avèti youn nan paran yo imedyatman. Si nou
pa ka kontakte nenpòt paran yo, yo dwe rele yon fanmi oubyen
yon zanmi ki gen non li mansyone sou kat ijans lan. Si yo pa jwenn ni
zanmi, ni fanmi epi maladi oubyen blesi timoun nan grav, yo dwe rele
ekip sèvis sekouris ak/oubyen lapolis.
03-MV146/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PWOGRAM EKSTANSYON LANG
ETRANJE
18 jiyè 2003
Pou kab ofri elèv yo opòtinite pou aprann plizyè
ladrès nesesè pou jwenn travay nan ekonomi global sa a,
Lekòl Leta Miami-Dade County ofri pwogram Ekstansyon Lang
Etranje (EFL).
Pwogram EFL la se yon varyasyon yon "lekòl anndan yon
lekòl" e ki sèvi elèv ki enterese nan devlope
ladrès bileng e alfabetizasyon an Anglè e nan
lòt lang. Patisipan nan pwogram nan kòmanse nan yon laj
byen bonè pou vrèman kab fonksyone nan lang. Nan
pwogram EFL la, swasant pousan enstriksyon an an Anglè e
karant pousan enstriksyon an nan dezyèm lang elèv ap
vize a, pa egzanp Espayòl, Italyen, oubyen Kreyòl
Ayisyen.
Yo ofri pwogram sa a nan chak nivo, elèv ki patisipe nan
pwogram nan pou yon ane konplè otomatikman enskri nan
lòt nivo nan ane ki suiv la. Pwogram nan ofri yon etid bileng
k ap kontinye jisrive nan douzyèm ane eskolè.
Nou ap jwenn yon lis tout lekòl ki ofri pwogram EFL e
enfòmasyon adisyonèl lè nou rele Divizyon pou
Edikasyon Bileng e "World Languages," Lang nan Mond la nan
305-995-1945 oubyen vizite paj Entènèt nan
www.dade.k12.fl.us/bfls.
03-MV147/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
ENSKRIPSYON POU
OTÒN
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County ap ouvri pòt li lendi 25
out pou kòmanse ane eskolè 2003- 2004 la.
Paran ki pa sèten ki lekòl pitit yo prale dwe telefone
"Division of Attendance Services, School Boundaries Department"
Divizyon pou Sèvis Prezans nan Lekòl, Depatman Limit
Zòn Lekòl nan nimewo 305-883-5651.
Byenke pa gen dat limit pou enskripsyon, yo ankouraje elèv yo
enskri bonè pou evite reta nan pwosesis la, konsa y ap ka
rantre lekòl depi jou ouvèti lekòl la.
Elèv k ap rantre nan klas "prekindergarten" dwe gen (4) katran
1ye septanm osnon anvan 1ye septanm 2003.
Elèv k ap rantre nan "kindergarten" dwe gen (5) senkan anvan
osnon 1ye septanm 2003.
Pou rantre nan premye ane (1st grade) elèv la dwe gen (6)
sizan anvan osnon 1ye septanm 2003, e fò li pase klas
"kindergarten" nan.
Elèv ki fèk ap rantre nan sistèm lekòl
leta Miami-Dade la dwe prezante dokiman sa yo: prèv laj,
prèv dènye egzamen fizik ki enkli tès
tibèkiloz (ak tretman apwopriye si tretman te nesesè) e
yon sètifika vaksinasyon. Anplisdesa de prèv
adrès aktyèl sou fòm resi lwaye, deklarasyon
ajans koutye osnon avoka, yon nòt paran an achte kay la oubyen
prezante yon dokiman ofisyèl ki monte ou lwe kay la, resi depo
kouran, telefòn e/oubyen yon kat ki rediksyon pou peye taks
"Homestead Exemption." Si paran an oubyen gadyen an pap ka bay
prèv adrès li, y ap refere li nan biwo rejyon
zòn nan. Epitou yo mande pou li ranpli yon fòm ki rele
"Disclosure" devwale lè li ap fè Enskripsyon."
Elèv k ap transfere sot nan lòt distri eskolè
dwe prezante dènye kanè yo osnon lòt dosye
dènye lekòl yo te ye a.
Elèv etranje yo ki enkli rezidan pèmanan ap suiv menm
pwosedi ki pou natifnatal yo. Elèv k ap antre nan
sistèm nan premye fwa, kit se elèv etranje, kit se
elèv ki sot nan lòt eta, gen dwa enskri nan
lekòl yo.
Pwojeksyon sou enskripsyon yo jou ouvèti a pa disponib, kwak
yo espere enskripsyon pou ane eskolè jadendanfan pou rive 12
ane ap rive lan 373.500 nan mitan oktòb 2003 lan. Ane pase
enskripsyon nan premye jou a te 326.451; chif dènye jou a te
362.515.
03-MV148/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
LEKÒL LETA
SÈVIS TOTAL OFRI SÈVIS SANTE E SEVIS IMEN
18 jiyè 2003
Yo deziye ventuit Lekòl Leta Miami-Dade kòm
lekòl sèvis total. Yo entegre edikasyon, medikal
e/oubyen sèvis sosyal e imen sou teren lekòl oubyen nan
lokasyon ki aksesib pou satisfè plizyè bezwen timoun ak
fanmi yo.
Inisyatif Komisyon Lekòl Sèvis Total Miami-Dade vize
pou ofri ensantif pou lekòl, distri lekòl e pou ajans
sèvis sante e imen eta a, lokal piblik e prive pou yo devlope
relasyon kolaboratif k ap amelyore aksè sèvis pou
timoun ak fanmi yo. Epitou, inisyatif la vize pou koòdone
pwovizyon sèvis yo ofri, elimine diplikasyon sèvis ki
pa nesesè atravè ajans yo, e sipòte
pèfòmans timoun yo nan lekòl.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Msye. F. Craig Sturgeon, Asistan
Sipèentandan, Full Service Schools/ABC, nan
305-995-4749.
03-MV150/RL
Top
Ouvèti
Lekòl
NOUVÈL AJOU SOU
DEMAND POU GRADYASYON
18 jiyè 2003
Komanse pou otòn sa a, elèv ki ap antre nan
sizyèm ane eskolè jiska 12yèm ane ap genyen
opòtinite pou chwazi youn nan twa opsyon pou gradye
lekòl segondè.
Elèv nan 9yèm ane jiska 12 ane eskolè kab chwazi
pou patisipe nan pwogram estanda kounye la pou katran, 24 kredi pou
gradyasyon nan lekòl segondè (high school) nan
Lekòl Leta Miami-Dade.
Anplisdesa, de nouvo opsyon disponib tou pou elèv ki vle
patisipe nan pwogram akselerasyon twazan 18 kredi: Pwogram
preparasyon Kolèj e Pwogram Preparasyon Karyè. De
nouvo opsyon akselerasyon sa yo mande mwens kredi men konsantre sou
kou akademik. Toude opsyon yo redui nonb kou elektif e mande pou
elèv yo pran de kredi nan menm lang etranje.
Pwogram Preparasyon Kolèj mande pou gen yon lyen ak
minimòm estanda pou admisyon nan yon sistèm
inivèsitè nan eta Florid.
Pwogram Preparasyon Karyè mande pou vize antre nan yon sant
teknik oubyen yon pwogram kolèj kominotè ki gen yon
lyen ak chwa karyè pitit ou a. Elèv kab toujou pousuiv
yon pwogram preparasyon kolèj oubyen yon pwogram preparasyon
karyè anndan pwogram katran, 24 kredi a.
Pou ane eskolè 2003-04 la, elèv ki ap antre nan
dènye ane eskolè dwe pase egzamen FCAT 10yèm ane
a e yon (GPA) mwayèn kimilatif 2.0 san mezire, pou yo kab
elijib pou chwazi youn nan opsyon 18 kredi gradyasyon an.
Demand pou elèv ki antre nan 9yèm ane eskolè an
1999-2000 oubyen apre sa genyen ladan kat ane lekti/redaksyon, twa
ane matematik, twa ane syans, twa ane syans sosyal, yon trimès
ladrès manajman lavi, yon ane edikasyon fizik, yon
semès ar pratik, yon semès pèfòmans ar
klasik e 8.5 kredi elektif.
Pou elèv ki te antre nan 9yèm ane eskolè an
1999-2000 kritè yo mande yo se kat ane lekti redaksyon, twa
matematik, twa ane syans, twa ane syans sosyal, yon trimès
ladrès manajman lavi, yon semès pèfòmans
ar klasik e nèf kredi elektif.
Chak elèv dwe fè yon pwojè sèvis
kominotè anvan gradyasyon.
Pou yo elijib pou yon diplòm estanda lekòl
segondè (high school), elèv dwe demontre ak
siksè yo gen ladrès sou òdinatè e pase
egzamen "Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT) SSS" egzamen
pou yo gradye. Elèv dwe kenbe yon mweyèn kimilatif 2.0
san mezire sou yon nechèl 4.0.
Pou plis enfòmasyon sou demand gradyasyon e kou espesifik ki
obligatwa, elèv yo kab kontakte konseye lekòl
yo.
03-MV151/CF
Top
KONJE JOU POU PWOFESÈ
FÈ PLANIFIKASYON JOU VAKANS DAT Y AP BAY
KANÈ*
Ouvèti
Lekòl
DAT ENPÒTAN NAN
ANE ESKOLÈ 2003-2004 LA
18 jiyè 2003
Dat sa yo se dat enpòtan nan ane eskolè 2003-2004
la:
*Y ap bay kanè nan dat sa yo oubyen aprè dat sa yo
(Gen kèk lekòl ki ka bay kanè pi
bonè).
Lendi 1 septanm - Fèt Travay
Madi 11 novanm - Fèt Veteran
Jedi 27 novanm - Fèt Aksyon de Gras (Thanksgiving)
Lendi 19 janvye - Obsèvasyon Fèt Dtè.
Martin Luther King
Lendi 16 fevriye - Jou Pou Fèt Tout Prezidan
Lendi 31 me - Obsèvasyon Souvni Moun ki Mouri lan
Lagè (Memorial Day)
Dimanch 4 jiyè - Obsèvasyon Jou
Lendepandans
Jedi 21 out Vandredi 23 janvye
Vandredi 22 out Vandredi 26 mas
Lendi 6 oktòb Vandredi 9 avri
Vandredi 27 oktòb Jedi 10 jen
Vandredi 31 oktòb Vandredi 11 jen
Vandredi, 28 novanm - Vakans pou Jou Remèsiman
(Thanksgiving)
Lendi 22 desanm jiska 2 - janvye - Vakans Ivè
Lendi 29 mas jiska vandredi 2 - avril - Vakans
Prentan
12 novanm 2003
4 fevriye 2004
7 avril 2004
24 jen 2004
03-MV153/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
VAKSEN ETA A MANDE POU
ELÈV JADENDANFAN E SETYÈM ANE ESKOLÈ BEZWEN
ANVAN YO ANTRE LEKÒL
1 jiyè 2003
Timoun ki prepare pou antre nan jadendanfan jisrive 12 ane eskolè pou ane lekòl 2003-2004 bezwen pou yo pran vaksen apwopriye oubyen yo pap kab antre nan lekòl .
Pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv ki nan setyèm ane jis rive nan douzyèm ane eskolè resevwa yon dezyèm dòz vaksen pou sawonpyon, vaksen epatit B ki yon seri (twa dòz). Obligasyon sa aplike to pou timoun ki double klas 7yèm jiska 12yèm ane eskolè.
Tout timoun ki ap antre nan klas matènèl jisrive katriyèm ane eskolè dwe pran yon seri vaksen epatit B anplisde vaksen sa yo te deja mande pou yo pran pou dipterya, koklich, tetanòs, polyo, sawonpyon, malmounton, e lawoujòl.
Tout timoun k ap antre, ki nan oubyen k ap transfere nan klas matènèl, jadendanfan oubyen premye ane eskolè nan Florid yo mande pou yo pran vaksen "varicella" varisèl oubyen yo dwe dokimante yon istwa maladi varisèl sou fòm DH 680 an.
Timoun kab ale lekòl si yo nan pwosesis pou yo pran seri epatit B e yo genyen yon fòm medikal tanporè ki eskize yo ki klase nan dosye lekòl la. Se sèl Sètifika Depatman Sante pou Vaksen, fòm DOH 680, yo kab aksepte kòm verifikasyon yo anrèg pou vaksen.
Nou ankouraje paran pou kontakte doktè yo pou mete yon randevou pou timoun ki afekte daprè demand pou vaksen lekòl. Pifò vaksen yo mande yo kouvri anba regleman asirans sante.
Timoun paran yo pa ka peye pou vaksen yo kab resevwa vaksen anba pwogram "Vaccines For Children," ki ofri vaksen gratis pou 4,000 moun apwosimativman ki ofri swen sante prive nan prèske 1,850 sant nan Florid. Adisyonèlman yo ofri vaksen yo gratis nan tout sant depatman sante nan county an.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Pwogram Vaksen Espesyal nan Depatman pou Sante nan 786 -845-0550.
###
03-MV169/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
AKADEMI KI VIZE ENDISTRI
NAN 16 LEKÒL SEGONDÈ
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County kòm inisyatif Yon Kominote
Yon Bi mete soupye 30 "akademi ki vize endistri" nan 24 lekòl
segondè (senior). Modèl kourikouloum inovantif sa a,
nan senk endistri prensipal yo vize matyè film,ak amizman,
biomedikal, vizitè, sèvis finansyèl ak
enfòmasyon teknoloji/telekominikasyon, ki devlope daprè
bi nimewo en sistèm lekòl la: Lekòl a
Karyè.
Yon Kominote Yon Karyè* yon komite Greater Miami Chamber of
Commerce (Chanm Komès) te etabli pou kreye travay nan endistri
sa yo k ap byen pwofite sa yo, travay byen pwòch ak
sistèm lekòl la sou strateji devlopman mendèv.
Pou plis enfòmasyon kontakte Pat Vegnani, nan
305-995-4993.
03-MV/154/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PWOGRAM "MAGNET" LEKÒL YO CHWAZI YO
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County, ak 72 pwogram ki nan 59 andwa,
gen youn nan pwogram "magnet" (leman) ki pi gwo e pi enteresan nan
peyi a.
Pwogram "magnet" Miami-Dade yo jwenn anpil lwanj nan men
edikatè atravè tout peyi a epitou U.S. News & World
Report te ekri sou sa nan yon atik e pi resan nan magazinn "Child"
la.
Yo rele pwogram nan "magnet" (leman) paske li atire elèv ki
sot toupatou nan tout kote pou yo vin fè etid nan domèn
espesyal, ki genyen ladan tèm Karyè e Pwofesyon,
Kominikasyon e "Humanities", Pwogram Don, Edikasyon
Entènasyonal, Matematik, Syans e Teknoloji, Montessori, e Ar
Teyatral ak Ar Vizyèl.
Pou plis enfòmasyon ki genyen lis tout lekòl ki ofri
pwogram "magnet" yo ak adrès ak telefòn yo ap disponib
lè ou rele biwo pou chwa lekòl ak opsyon Parantal,
"School Choice and Parental Options," nan 305-995-1922 oubyen ou kab
vizite sit magnèt sou Entènèt nan
http://choice.dadeschools.net
03-MV158/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
KOMISYON KONSÈY
LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY
18 jiyè 2003
Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County
egzèse otorite lejislatif li genyen sou sistèm
lekòl la, an konfòmite ak lwa Florid e ki
detèmine regleman yo. Chak manm eli ofisyèl yo nan
nèf (9) manm konsèy reprezante yon distri anpatikilye
nan county an.
Komisyon Konsèy Lekòl yo, anjeneral, fè reyinyon
yon fwa pa mwa lè mèkredi a 1:00 nan aprèmidi,
lan premye etaj la lan oditoryòm Bilding Administrasyon
Konsèy Lekòl yo ki sitiye lan 1450 N.E. 2yèm
Avni. Dat yo apwouve a afiche nan Citizen Information Center e sou
sit Lekòl Leta Miami-Dade County sou Entènè:
www.dadeschools.net/board/meetings/schedule2003.htm. Piblik la kapab
patisipe lan reyinyon yo e li pase lan televizyon sou WLRN, kanal 17
ak lan radyo sou WLRN, bann FM 91.3.
Sitwayen ki enterese kapab adrese komisyon konsèy la sou
sijè ki enskri lan ajanda a oubyen sijè ki pa sou
ajanda man fè yon demann ekri bay "Citizen Information Center"
vè 4:30 nan aprèmidi lan lendi anvan reyinyon an.
Sitwayen yo ka adrese komisyon konsèy la sou sijè ki pa
lan ajanda a, sèlman pandan odyans piblik yo ki fèt nan
konklizyon reyinyon regilyè. Delè ak pwosedi pou enskri
pou patisipe lan yon odyans piblik lè ou pa satisfè
delè lendi a, se rele Sant Enfòmasyon nan 305-995-1128.
Nenpòt moun lan piblik la ki gen pou pale e ki bezwen
sèvis yon entèprèt panyòl osnon
kreyòl, lè l ap pale devan Komisyon Konsèy la,
dwe fè demann nan a lekri nan menm lèt li mande pou l
pale a.
Gen fòm yo lan tout Sant Aksè yo ak lan "Citizen
Information Center," Sal 158, ki lan Bilding Administrasyon Komisyon
Konsèy Lekòl yo. Nimewo faks la se 305-995-1151.
Biwo Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo sitiye lan Bilding
Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl yo (School Board
Administration Building). Yo kab kontakte manm Komisyon Konsèy
Lekòl yo lan 305-995-1334.
Chèpèsonn Dtè. Micheal M. Krop (Distri 3)
Vis Chèpèsonn Dtè. Robert B. Ingram (Distri 1)
Agustin J. Barrera (Distri 6)
Frank J. Bolaños (Distri 5)
Frank J. Cobo (Distri 7)
Perla Tabares Hantman (Distri 4)
Betsy H. Kaplan (Distri 9)
Dtè. Marta Pérez (Distri 8)
Dtè. Solomon C. Stinson (Distri 2)
Lynda Hunt-Dorta, Konsèy Elèv
###
03-MV157/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
LEKÒL LETA
MIAMI-DADE COUNTY AP PWOGRAME YON ORYANTASYON
POU NOUVO PWOFESÈ
18 jiyè 2003
"Lafanmi" Lekòl Leta Miami-Dade County ap di plis pase 1000
nouvo pwofesè nan Miami kòman yo kontan wè yo e
l ap prepare yo pou yo fè yon tranzisyon dous, soti lan etid
inivèsitè tonbe lan ansèyman, pandan Oryantasyon
pou Nouvo Pwofesè nan ane 2003-2004. Powgram oryantasyon an ap
fèt nan fason k ap swiv yo:
Se plizyè biznis lokal k ap patwone repa midi a. Kòm
yon pati oryantasyon an, nouvo edikatè yo pral patisipe nan
oryantasyon pou nivo lekòl yo ansesye a nan dat19 rive 20 out.
Oryantasyon nan lekòl yo a ap ofri nouvo pwofesè yo tan
pou yo familyarize yo ak anbyans lekòl la e salklas yo.
Radisson Mart Centre
711 N.W. 72nd Ave., Miami
8:00 dimaten rive 3:30 nan aprèmidi
Radisson Mart Centre
711 N.W. 72nd Ave.
7:30 dimaten rive 3:30 nan aprèmidi
G. Holmes Braddock Senior High School
3601 S.W. 147th Ave.
7:30 dimaten rive 3:30 nan aprèmidi.
Radisson Mart Centre
711 N.W. 72nd Ave.
7:30 dimaten rive 3:30 nan aprèmidi
G. Holmes Braddock Senior High School
3601 S.W. 147th Ave.
7:30 dimaten rive 3:30 nan aprèmidi
Pou plis enfòmasyon, rele Dr. Ramona Frischman oubyen Madann
Carlene Nelson, Bureau of Community Services, nan
305-995-1215.
03-MV156/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
M-DCPS CHANM
LAPRÈS SOU ENTÈNÈT OFRI ENFÒMASYON AJOU
SOU DISTRI A
18 jiyè 2003
Biwo Relasyon Piblik distri lekòl la etabli yon chanm pou
laprès sou entènèt nan www.dadeschoolsnews.net
ki souliye dènye nouvèl e pèmèt endividi
fè rechèch sou nouvèl pou laprès ki pase
ak atik ki te pibliye, menmjan tou rete enfòme sou nouvo
pwogram espesyal ak evenman.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Mayco Villafaña,
Chèf Kominikasyon, nan 305-995-4638.
03-MV177/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PATISIPASYON PARAN: EDE
PITIT OU REYISI
18 jiyè 2003
Patisipasyon paran se yon eleman enpòtan lan pwogrè
oswa siksè timoun yo lan lekòl. Lekòl Leta
Miami-Dade County sijere plizyè fason paran yo ka jwe yon
wòl aktif lan edikasyon pitit yo.
Nan laj adolesans ki kriyèl,
paran yo dwe genyen kominikasyon onèt avè pitit yo.
Fè yo vin patnè total lè y ap kominike ak paran
oswa pwofesè yo, lan yon desizyon akademik ki gen pou pran
konsènan avni yo.
Sistèm lekòl Miami-Dade la gen yon biwo pou
patisipasyon nan distri a. Li genyen tou yon direktè pou
siveye e defandwa elèv yo nan chak sis Sant Aksè yo
(ACCESS Center) ki responsab pou ofri paran yo sipò
apwopriye.
Patisipe lan aktivite ak lan reyinyon lekòl la ap fè,
rantre lan Asosyasyon Paran ak Pwofesè ke ou konnen sou non
(PTA) oswa "Educational Excellence School Advisory Council ki
(EESAC)" Asanble Konsèy Edikasyonèl Lekòl
Ekselan se yon bon fason pou fè sa. Ale lan gwo sware
enfòmasyon ak kontak (Open House) lekòl yo fè
pou paran yo chak ane se yon bon fason ou kab patisipe.
Anplisdesa chak lekòl genyen yon plas sou kanpous la kote gen
enfòmasyon pou paran tankou lè gen atelye ak lòt
aktivite.
Pou plis enfòmasyon, paran kab kontakte non (yo) e/oubyen
nimewo (yo) sou notis la, e mande nan lekòl yo, oubyen
kontakte Dtè. Lim-Petersen nan 305-995-1215
03-MV161/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
PARAN ELÈV YO DWE
GEN DYALÒG AK PWOFESÈ YO SOUVAN
1 jiyè 2003
Kenbe yon relasyon dirèk ak pwofesè yon timoun
enpòtan anpil pou ede e amelyore edikasyon elèv la depi
jadendanfan jiska finisman etid segondè l.
Paran yo dwe rankontre pwofesè pitit yo bonè nan
kòmansman ane eskolè a, se kenbe kontak ak
pwofesè yo diran tout ane eskolè a. Konferans paran ak
pwofesè se meyè fason pou yon paran rete enfòme
sou pwogrè yon timoun oubyen diskite sou nenpòt
pwoblèm ki kab genyen.
Yo kab fasilman fikse yon konferans avèk èd direksyon an. Nan lekòl segondè yo, yo kab kontakte konseye a pou asistans ak konferans. Pou paran ki pa kab al nan lekòl pitit yo, voye yon nòt bay pwofesè timoun nan pou fikse yon randevou pou pale ak pwofesè a pa telefòn se yon lòt chwa.
Paran kab ale sou paj Entènèt distri a ki se www.dadeschools.net, ale sou lekòl yo e chèche paj pou lekòl la.
###
03-MV173/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
KLAS
"PREKINDERGARTEN"
18 jiyè 2003
Laplipa lekòl leta Miami-Dade County ap ofri pwogram matènèl "prekindergarten" pou timoun katran ki abite nan zòn lekòl yo, zòn patikilye sistèm lekòl la fikse.
Timoun ki nan pwogram "prekindergarten" yo ap jwenn opòtinite pou yo fè eksperyans pozitif k ap ranfòse pwosesis aprann nan e k ap poze baz pou yon edikasyon dirab.
Pandan kèk pwogram "prekindergarten" deja ranpli oubyen elèv sou lis datant, yon paran, ki enterese gen plis enfòmasyon sou pwogram "prekindergarten" pou pitit li, kab telefone lekòl leta ki nan zòn ni oubyen "Office of Early Childhood Programs" (Biwo Pwogram pou Timoun Piti) nan 305-995-7632.
Pou yon timoun kalifye pou l antre nan yon lekòl leta li dwe gen katran nan dat 1ye septanm 2003, osnon anvan dat la, e li dwe satisfè kritè kalifikasyon pou yon pwogram done. Kondisyon kalifikasyon yo disponib nan tout lekòl ki gen yon pwogram "prekindergarten."
Lekòl Leta nan Miami-Dade yo ofri tou pwogram pou timoun ki gen divès andikap. Paran timoun twa ak katran ki gen yon andikap kab ranje yo pou yo fè evalye pitit yo gratis nan rele 305-274-3501 ki se nimewo "Child Find." Aprè konfimasyon andikap ka yon timoun, ajans sistèm lekòl la rekòmande pou yo plase timoun nan nan yon pwogram "prekindergarten" ki apwopriye.
###
03-MV162/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
RADYO LEKÒL SOU
ZOND LA POU OFRI KOMINOTE AYISYEN AN NOUVÈL SOU EDIKASYON
18 jiyè 2003
Radyo Lekòl, yon pwogram nouvèl sou edikasyon nan lang
kreyòl Ayisyen nan Lekòl Leta Miami-Dade County de
lendi jiska madi a 8:05 diswa sou WLRN-FM 91.3.
Pou plis enfòmasyon rele Carline Faustin, animatè
pwogram nan nan 305-995-2192.
03-MV163/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
LIY POU REPÒTE
KRIM
18 jiyè 2003
Nan yon efò pou ede elèv Lekòl Leta Miami-Dade
County santi yo pi alèz nan repòte krim lekòl,
yo ankouraje yo pou rele 1-877-7BE-BRAVE, yon liy ki ouvè 24
sou 24 pou pèmèt elèv yo repòte
aktyèl krim ki fèt oubyen krim ki antisipe sou
lekòl anonimman. Se yon anpwlaye byen prepare k ap reponn liy
gratis pou repòte krim e dokimante enfòmasyon yo
repòte a pou asire lapolis lekòl oubyen lòt
ajans apwopriye ki ranfòse lalwa kab reponn byen vit. Nan menm
fason an Pwogram pou Sipann Krim distri a ki pèmèt
piblik la pou konpoze nimewo 305-471-TIPS, pou devwale
enfòmasyon pandan yo rete anonim. Moun ki bay
enfòmasyon kab elijib pou resevwa prim lajan.
Moun ki bezwen asistans ki pa yon ijans kab kontakte 305-757-COPS,
yon nimewo 24 sou 24 "rele pou sèvis."
03-MV164/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
ORÈ LEKÒL
18 jiyè 2003
Pou prèske tout elèv, klòch lekòl yo pral
sonnen menm lè diran ane eskolè 2003-2004 la, menm jan
sa te fèt pou ane eskolè ki sot pase a.
Elèv matènèl jadendanfan yo (prekindergarten,
kindergarten) ak elèv premyè ane yo (1st grade) ap vin
lekòl 8:30 dimaten pou 2 zè nan aprèmidi.
Elèv klas dezyèm ane jiska sizyèm ane (Grades
2-6), ap gen klas de 8:30 dimaten jiska 3:00 nan aprèmidi.
Lè mèkredi tout elèv primè yo ap lage a
2è nan aprèmidi.
Orè nan "middle school" yo pou klas sizyèm ane jiska
nevyèm ane (Grades 6-9) ap 9:00 dimaten pou 3:40 nan
aprèmidi. Lekòl segondè nevyèm ane jiska
douzyèm ane (Grades 9-12) ap 7:30 dimaten jiska 2:30 nan
aprèmidi.
Kèk lekòl primè, segondè "middle ak
senior high school," menmjan ak kèk klas jadendanfan jisrive
8yèm espesyal e kèk sant edikasyon altènatif ap
fonksyone sou orè endividyèl pa yo. Paran yo dwe
telefone lekòl pitit yo pou yo konn orè yo.
03-MV165/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
TRANSPÒTASYON
LEKÒL
18 jiyè 2003
Lekòl Leta Miami-Dade County ap bay transpòtasyon pou
plis pase 72,000 elèv pa jou pou ane eskolè sa a. L ap
itilize 1,700 otobis sou anviwon 1,500 wout bis lekòl yo pase.
Yo bay sèvis transpòtasyon an pou elèv ki abite
lan yon distans de demil (2 miles) osnon plis de lekòl yo e
pou elèv edikasyon eksepsyonèl yo.
Anvan lekòl ouvri 25 out, paran tout elèv ki kalifye
pou transpòtasyon ap resevwa yon kat sant odinatè
sistèm lekòl la. Kat la ap di ki kote pou elèv
la tann otobis la, ki lè otobis la ap pase pran li e ki
lè l ap depoze l.
Paran ki bezwen konnen si pitit yo kalifye pou jwenn
transpòtasyon dwe kontakte lekòl pitit yo a pou
enfòmasyon.
Elèv ak paran ki gen kesyon sou zafè
transpòtasyon kab telefone sèvis transpòtasyon
sistèm lekòl la nan nimewo 305-995-7555, depi 18 out
jiska 5 septanm, ant 7:00 dimaten e 5:00 nan
aprèmidi.
03-MV166/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
EGZAMEN OFISYÈL
18 jiyè 2003
Chak ane yo mezire siksè e pwogrè, elèv nan
Lekòl Leta Miami-Dade County avèk èd
plizyè egzamen ofisyèl distri, eta, e nasyonal.
Evalyasyon Ditristri ap administre gen ladan:
An prentan 2004 elèv nan 1mye jiska 11yèm ane
eskolè ap pran "Scholastic Reading Inventory (SRI), yon
egzamen ofisyèl ki bay chwa kòm repons. Egzamen SRI la
mezire siksè elèv yo nan nivo lekti e li ofri
nòt "Lexile" ki ede pwofesè a chwazi materyo lekti k
apwopriye pou elèv yo.
Egzamen "Stanford Achievement Test, se yon egzamen ki etabli
siksè estanda nasyonal ki sèvi pou konpare
pèfòmans elèv lokal nan priyorite etid espesifye
ak pèfòmans elèv nan peyi a. An mas 2004 yo ap
administre SAT -9 la bay elèv dezyèm ane eskolè
pou evalye nivo lekti yo e ladrès yo nan matematik.
Evalyasyon pèfòmans elèv yo fèt
daprè dispozisyon "Florida Statewide Assessment Program"
(Pwogram Evalyasyon lan Eta Florid) ki gen ladann evalyasyon sa
yo:
Yo evalye preparasyon tou elèv jadendanfan pou lekòl
diran 45 jou lekòl ki fè pati Sistèm Depistaj
Inifòm pou Preparasyon Lekòl eta ke nou konnen
kòm "School Readiness Uniform Screening System (SRUSS)."
Evalyasyon an mezire fason pale, langaj, panse matematikal, devlopman
fizik e ladrès vizyèl e manipalasyon objè
elèv la.
Egzamen FCAT Redaksyon an evalye abilite elèv pou
òganize e klèman eksprime ide yo atravè ekri. Yo
ap bay elèv katriyèm, uityèm e dizyèm ane
eskolè konponan egzamen eta FCAT lanan mwa fevriye 2004.
Egzamen FCAT "Sunshine State Standards (SSS)" ki mezire siksè
estanda ki rele "SSS"nan lekti ak matematik. Yo bay egzamen FCAT SSS
la an mas 2004 pou mezire ladrès lekti ak matematik nan nivo
3yèm jiska 10yèm ane eskolè.
Elèv dwe resevwa yon nòt pase sou FCAT 10yèm ane
eskolè pou satisfè kritè pou elèv
segondè pou yo resevwa yon diplòm estanda nan
gradyasyon yo. Elèv ki pa resevwa yon nòt pase nan
toude pòsyon lekti ak matematik nan pòsyon FCAT SSS pou
elèv dizyèm ane ap genyen opòtinite
adisyonèl pou pase egzamen an lè yo nan onzyèm e
lòt nivo pi wo, an oktòb 2003 ak an mas 2004 lè
yo bay egzamen an. Elèv nan 5yèm, 8yèm ak
10yèm yo tou genyen p òsyon sanys FCAT la an mas 2004.
Norm -Reference Test (NRT) FCAT la fè konparezon siksè
elèv ak pèfòmans nasyonal nan lekti ak
matematik. Yo administre FCAT NRT a pou lekti ak matematik bay
elèv nan 10yèm ane eskolè nan mas diran ane 2004
a.
"Florida College Entry Level Placement Test ki pi koni nan non
College Placement Test (CPT), kolèj Egzamen CPT a mezire
konpetans debaz nan matematik e kominikasyon e li ofri
enfòmasyon pou ede elèv yo jwenn konsèy e nan
planifye karyè yo. Elèv nan lekòl segondè
ki enterese ap gen opòtinite pou pran egzamen CPT a nan
kolèj kominotè yo an oktòb oubyen novanm 2003.
Nòt ki akseptab fè pati kritè elijibilite pou
prepare pou dipòm kolèj e so andòsman "Florida
Gold Seal"la.
Elèv yo gen dwa chwazi pou yo patisipe lan pwogram evalyasyon
nasyonal "College Board" ak "ACT" Inc. a :
Yo ap administre PSAT "College Board ofri a bay elèv
10yèm ak elèv nan11 yèm ane eskolè ki
enterese an oktòb 2003 an. Nan eseye pou ranfòse
preparasyon pou kolèj e sipòte plis kou elèktif
nan niwo wo pami elèv nan lekòl sekondè (high
school) nan Florid, eta Florid la fòme yon panè ak
"College Board". Patnè nan Florid la ankouraje tout
elèv pou patisipe nan PSAT nan peye frè egzamen
elèv 10yèm yo.
PSAT ofri pratik anvan y al pran egzamen "Scholastic Assessment Test"
la (SAT). Li tou se egzamen ki detèmine si w kalifye pou
pwogram "National Merit Scholarship" la ki bay bous detid.
Yo ap administre PLAN ACT Inc. ofi a bay elèv 10yèm ane
eskolè ki enterese an novanm 2003. Distri a peyè
frzè egzamen an pou elèv yo. PLAN ede elèv nan
edikasyon apre lekòl segondè ak planifye karè e
prepare elèv yo pou evalyasyon ACT a.
SAT "College Board" e ACT a yo ofri atravè ACT Inc. la se yon
egzamen k òm yon opsyon pou antre nan kolèj kote
elèv yo ka pran tès sa yo pandan tout ane a
daprè dat ki fikse yo. Elèv ki resevwa nòt ki
kalifye fè pati kritè elijib pou diplòm ki
endike prepare pou kolèj e andosman so "Florida Gold Seal la.
Yo fè elèv yo ak fanmi yo konnen rezilta tès yo
lan yon tan rezonab. Se lekòl elèv yo ki voye rezilta
pwogram egzamen distri a ak egzamen eta a lakay ak elèv la.
Paran, ki bezwen èd pou yo entèprete nòt pitit
yo fè, ka kontakte pwofesè pitit yo oswa konseye
lekòl yo. Elèv k ap pran "SAT" oswa "ACT" la ka mande
pou yo voye nòt yo bay inivèsite yo chwazi yo.
03-MV167/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
ABSANS ELÈV
18 jiyè 2003
Elèv segondè (Middle School ak High School) ki gen 10
oubyen plis pase absans san eskiz nan yon kou anyèl oubyen
plis pase senk absans san eskiz nan yon trimes espesifye pandan ane
eskolè a kouri ris pou yo wè administrasyon
lekòl la kenbe nòt final yo malgre yo pase e/oubyen yon
komite ki okipe zafè prezans elèv la ap revize tout
absans yo.
Se sèlman absans ki gen eskiz ki akseptab. Maladi, randevou
doktè, lanmò nan fanmi an, obsèvans yon
fèt relijye oubyen yon evenman lekòl la patwone e
apwouve l davans se sèl rezon valab pou yon elèv pa vin
lekòl. Yo ankouraje paran yo pou yo rele lekòl la
lè yo konnen yon elèv ap absan.
Elèv ki gen eskiz pou yo absan ap gen opòtinite pou
fè travay yo te manke yo nan yon tan rezonab; elèv ki
absan san eskiz ap pran yon nòt "F" pou travay yo te manke
yo.
Epitou, yo ap remèt Depatman Lisans Machine nan Florid dosye
prezans lekòl pou elèv laj apwopriye ki gen abitid
fè woul (15 absans oubyen plis absans san eskiz nan yon
kalandriye pou 90 jou) kote yo ap mete yon bar sou non yo, pou yo pa
ka aplike pou lisans kondui. Si yon elèv ki abitye fè
woul deja genyen yon lisans kondui, yo kab sispann lisans la. Yo ap
avize moun sa a pa lapòs e tou pwosesis kòman pou li
kab genyen lisans li ankò.
03-MV170/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
KÒD KONDUIT POU
ELÈV
18 jiyè 2003
Kòd Konduit pou Elèv Lekòl Leta Miami-Dade
County, ranfòse ak yon mezi sevè sou zam
mòtèl, pou ede ofri e kenbe yon anbyans enstriktif ki
an sekirite e pozitif.
Yon konsiderasyon enpòtan lan aplikasyon Kòd Konduit
pou Elèv la se idantifye aksyon disiplinè apwopriy ki
kab pote elèv la amelyore osnon chanje konpòtman li. Se
poutèt sa yo divize vyolasyon règleman Kòd
Konduit la an sis (6) gwoup ak yon latriye mezi administratif yo ka
rekòmande oswa egzije. Mezi sa yo depann de gravite zak
endisiplin nan.
Pwofesè, konseye epi administratè yo eseye anpil teknik
disiplin pwogresif oubyen teknik pou konseye e oryante anvan, pandan
epi aprè yo pran mezi disiplinè fòmèl.
Direktè a oswa pwofesè oswa toulède, sou baz
pouvwa yo konfye yo, gen otorite pou yo pran lòt mezi
disiplinè/sanksyon anplis, si nan opinyon yo, oswa nati move
konpòtman osnon move zak endisiplin nan mande sa.
Diferans lan laj ak matirite se kritè ki pèmèt
detèmine ki mezi disiplinè oswa sanksyon ki pou pran.
Sepandan, pwosedi yo ki lan Kòd la aplikab pou tout
elèv ki anba jiridiksyon Lekòl Leta Miami-Dade County.
Kòd la anvigè pandan lè regilyè
lekòl, pandan bis yo ap mennen elèv yo lekòl lan
yon evènman lekòl la ap fè, men ki pa limite lan
pwomnad ak lan aktivite espò lekòl la sèlman
kote se administratè lekòl ki konsène yo ki gen
jiridiksyon sou elèv yo.
Direktè yo gen otorite pou yo pran sanksyon kont yon
elèv ki gen move konpòtman andeyò lekòl
la depi zak elèv la gen yon move efè sou lòt
elèv oswa sou fonksyonman nòmal lekòl la. Kalite
vyolasyon yo enkli depi move konduit anjeneral k ap twouble
lòd rive sou agresyon (ak yon zam mòtèl).
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te revize
Kòd la pou l te egzije pou yo te met deyò lekòl
la imedyatman yon elèv ki vin ak revolvè, ki menase
moun ak bonm oubyen ki fè yon move rapò oubyen ki blese
yon pwofesè oswa yon anplwaye lekòl la. Li mande tou
pou elèv endisipline sa a ta resevwa pinisyon ki pi
sevè lalwa pèmèt. Kòd la prevwa posesyon
yon zam afe sou pwopriyete lekòl yo ka antrene
pinisyon/sanksyon pou krim anplisde sispansyon, ekspilsyon oswa
lòt mezi disiplinè lekòl ka pran.
Gen plizyè kalite mezi disiplinè yo ka pran kont yon
konpòtman endisipline. Mezi sa yo enkli retni, transfè
lan yon lekòl oswa yon pwogram espesyal, sispansyon,
ekspilsyon.
Pwogram "work back" la bay elèv yo rekòmande pou
ekspilsyon,eksepte si vyolasyon an tonbe nan gwoup 6 vyolasyon, yon
chans pou yo travay pou yo retounen lan klas regilyè pi
bonè anvan ekspirasyon tan maksimòm ekspilsyon an eta a
fikse. Elèv yo dwe antre lan yon pwogram altènatif,
akimile kredi, genyen bon dosye prezans epi kondui yo byen lan
lekòl la. Pwogram "work back" la pa pou elèv ki gen
akizasyon gwo krim sou tèt yo tankou agresyon ki fèt ak
zam afe, zam mòtèl, ak posesyon zam lan
lekòl.
Kòd la pale sou dwa ak responsablite elèv ki gen pou
wè ak dwa pou elèv aprann; prezans; dosye elèv;
nòt; libète pou pale, pou eksprime w, pou reyini epi
pou fè jounal/piblikasyon. Li pale tou sou dwa paran yo ki dwe
asire yo pitit yo jwenn bon opòtinite pou edikasyon yo.
Elèv osnon paran ki gen pwoblèm pou yo entèprete
Kòd la dwe mande direktè lekòl la esplikasyon.
Anplis, si w pa jwenn satisfaksyon lan lekòl la, ou kab pale
ak biwo rejyon e pakonsekan "Office of Alternative Education and
Dropout Prevention Programs" distri a.
03-MV171/CF
Top
Ouvèti
Lekòl
WLRN RADYO E TELEVIZYON
PIBLIK POU SÈVI KOMINOTE SID FLORID LA
18 jiyè 2003
WLRN-Televizyon Chanèl 17 e Televizyon Dijital Chanèl
20, Sistèm Radyo Piblik (PBS) ki afilye e tou WLRN-FM 91.3 yon
Radyo Piblik Nasyonal "(NPR)" afilye, lisansye anba Komisyon
Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, pou ofri
sèvis edikasyonèl, ak amizman pou kominote Sid Florid
la.
Yo rekonèt WLRN Televizyon Piblik kòm premye estasyon
nan Prepare pou Aprann "Ready to Learn (RTL)" mete ansanm ak pwogram
televizyon pou timoun "PBS" ak yon varyete efò pou sèvi
kominote a pou ede timoun devlope ladrès pou aprann. RTL vize
fanmi ekonomikman ba pou ofri yo atelye kominotè gratis ak
resous pou paran, pwofesè e moun ki ofri swen pou timoun.
WLRN-FM, se nimewo estasyon NPR nimewo en nan Florid, ki sèvi
yon odyans depase 300,000 moun pa semèn kòmanse nan
Palm Beach pou rive Key West, li ofri pwogram tankou "Morning
Edition, All Things Considered, A Prairie Home Companion and Car
Talk." Li ofri tou youn nan pi gwo Sèvis Lekti Sou Radyo - 24
sou 24, 7 jou pa semèn pou kominote nan Sid Florid la ki pa
wè byen.
Anplisdesa, WLRN fonksyone e pwograme 20 chanèl Sèvis
Televizyon Enstrisyonèl Fiks, ki ofri elèv yo ak
pwofesè yo yon latriye chwa videyo. Yo genyen ladan yo
Chanèl NASA; Chanèl Edikasyon Florid; ak Chwa
Pwofesè yo, yon sèvis videyo-sou-demand ki
pèmèt pwofesè yo gen aksè nan lè
ki konvenyan pou yo, pa telefòn oubyen sou
Entènèt, 660 tit videyo edikasyonèl ak
materyèl pou preparasyon pwofesè ke yo chanje chak mwa.
Pou plis enfòmasyon, rele 305-995-1717.
03-MV176/CF