TON-TON NWÈL Ak ASISTAN LI YO PRAL VIZITE SANT LEISURE CITY K-8, 20 DESANM


19 desanm 2001


Ton-Ton Nwèl ak Asistan li yo ap vini nan Sant Leisure City K-8 pa kamyon ponpye, jedi 20 desanm a 10 è dimaten. Lekòl la lokalize nan 14950 S.W. 288 St., Homestead.

Pastor Paul Forrey ak manm nan Sunset Congregational Church "adopte" lekòl elèv yo an 1992 apre Siklòn Andrew. Chak sezon fèt, pastè a ak manm kongregasyon an asire elèv yo, apwoksimativman 1,800, resevwa yon kado pandan Ton-Ton Nwèl ap vizite yo. Pentire desen nan figi, tire kont, rafrechisman, bon-bon, ji pral ranpli yon joune espesyal ki kab sèl eksperyans amizan plizyè nan timoun yo kab genyen.

Legliz la tou ofri elèv yo founiti klasik, donasyon pou inifòm lekòl ak asistans pou fanmi an nan moman bezwen.

Pou plis enfòmasyon, kontakte direktè lekòl la, Adrienne L. Wright, nan 305-247-5431 eks.#134.

###

01-AMC144/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases