2000-2001
Ouvèti Lekòl
Nòt Pou Laprès

Retounen nan Premye paj

TAB MATYÈ


Ouvèti Lekòl
DOSYE ELÈV

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


"Family Rights and Privacy Act" ki vle di Lwa sou Dwa Fanmi ak Vi Prive ansanm ak seksyon 228.093, Lwa Eta Florid, pwoteje ekzaktitid ak sekrè dosye lekòl elèv yo e garanti dwa paran osnon gadyen yon timoun pou l wè enfòmasyon ki lan dosye lekòl timoun nan.

Daprè lwa a, yo pa gen dwa livre dosye yon timoun bay okenn moun san konsantman paran an, gadyen an oubyen timoun nan ki elijib nan sans sa a, sof nan ka eksepsyon ki mansyone yo. Eksepsyon sa yo enkli ofisyèl lekòl yo ki gen yon enterè lejitim nan zafè edikasyon. Eksepsyon yo enkli tou ka kote tribinal voye manda konparisyon oswa pase lòd pou envestige dosye yon elèv. Pou asire respè lalwa, sistèm lekòl la pibliye enfòmasyon detaye ki di ki fason pou kenbe dosye elèv yo e nan ki kondisyon pou livre yo. Enfòmasyon sa yo nan Student Educational Records Manual la, School Board Rule 6GX13-5B-1.07.

Lekòl yo dwe chak ane avèti paran yo alekri, gadyen timoun yo oubyen elèv ki elijib yo sou dwa yo pou yo enspekte e revize dosye elèv yo gen lan lekòl yo. Elèv ki gen mwens pase 18 an, e ki vle wè dosye lekòl yo, dwe gen pèmisyon yon paran oubyen gadyen. Dwa paran yo vin transfere bay timoun yo lè timoun yo gen 18 an oubyen lè timoun yo nan yon enstitisyon kote y ap fè etid pòssegondè yo.

Elèv yo dwe kontakte biwo enskripsyon lekòl yo, si yo vle voye relvenòt yo bay inivèsite yo oubyen sèvis ki bay bousdetid.

###

00-J0153CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
SWEN SANTE

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County fè diferan kalite tès pou evalye sante elèv yo, sou sipèvizyon pèsonèl lekòl la oubyen pèsonèl ki bay swen sante.

Yo fè tès je chak ane pou elèv nan klas matènèl, jadendanfan, premye ane, katriyèm ane lekòl, nouvo elèv nan Florid ki nan rès nivo ane lekòl elemantè, setyèm ane e dizyèm ane. Yo fè tès pou zòrèy/tande chak ane pou elèv nan klas matènèl, jadendanfan, premye ane, dezyèm ane, katriyèm ane, nouvo elèv nan Florid ki nan rès nivo ane nan lekòl elemantè, nan setyèm ane, e dizyèm ane. Paran elèv ki pa pase nenpòt nan tès yo oubyen ki sanble li ka gen yon pwoblèm vizyon osnon yon pwoblèm tande, n ap konseye l pou al chèche swen medikal kay doktè yo.

Chak ane yo fè tès eskolyoz pou elèv ki lan 7yèm ane lekòl. Yo fè tès pou elèv 10yèm ane lekòl pou wè si yo pa gen tansyon.

Lè elèv yo gen maladi alontèm oubyen maladi kwonik oubyen andikap ki mande pou yo pran medikaman, pèsonèl lekòl la kab ede elèv yo, pou yo pran medikaman an alè, sitou lè moman pou timoun nan pran medikaman an pa kab ajiste pou l koresponn ak lè timoun nan lakay li.

Yon paran oubyen gadyen dwe siyen yon fòm konsantman epi yon doktè lisansye dwe siyen yon plan tretman ekri ki esplike nesesite medikaman an. Fòk yo ranpli fòm otorizasyon sa yo sèlman yon fwa pandan ane eskolè a. Lè gen yon chanjman medikaman, paran an osnon gadyen an ak doktè a dwe bay yon nouvo fòm otorizasyon yo.

Direktè a ap sere medikaman an yon kote anba kle. Pou plis enfòmasyon, kontakte Wilma Steiner, R.N., ki se sipèvizè pwogram sante nan sistèm lekòl la, lan 305-995-1235.

###

00-J0154RL

Anlè


Ouvèti Lekòl
PWOGRAM ÈD POU ETID INIVÈSITÈ

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Elèv segondè yo ak paran yo pi enfòme pase anvan sou opòtinite pou fè etid inivèsitè grasa Pwogram Èd Pou Etid Inivèsitè (College Assistance Program /CAP) Lekòl Leta Miami-Dade County a.

"CAP" ofri sèvis an plen-tan nan 29 (30 an 2000-2001) lekòl segondè e sèvis an demi-tan nan twa lekòl "magnet" (leman) e nèf sant edikasyon altènatif.

Konseye "CAP," nan chak lekòl segondè fè randevou pou konferans endividyèl ak elèv nan 11zyèm ak 12zyèm ane eskolè pou diskite plan yo aprè yo fini lekòl segondè. Konseye "CAP" yo ede elèv yo tou nan ranpli aplikasyon pou egzamen pou yo antre nan kolèj. Pou enskripsyon nan enstitisyon apre lekòl segondè, èd finansyèl, bousdetid. Yo pa inyore lòt elèv ki nan lekòl segondè yo. Konseye "CAP' yo visite klas elèv nan nevyèm ane ak dizyèm ane lekòl pou ankouraje yo kòmanse pansede kolèj.

"CAP" fè atelye pou enfòme paran yo sou bousdetid, e yo patwone an kolaborasyon M-DCPS e National Association for College Admission Counseling yon ekspozisyon kolèj anyèl. Randevou ekspozisyon pou ane 2000 la ap prezante plis pase 150 kolèj e inivèsite atravè peyi a e yo va anonse date evenman sa an otòn nan.

College Assistance Program of Dade County Inc., yon òganizasyon 501(c)(3) ki pap chèche pwofi, bay apeprè $ 425.000 pou ede elèv ki prepare pou yo antre nan inivèsite pou ane 1998-99 la. Chak prentan sipèentandan lekòl yo fè "Scholarship Saturday, ki yon seri evenman espòtif kominotè pou ede jwenn fon pou CAP ki gen ladann jwèt "softball", domino, boling, e kous/mache 5k. Yo fè CAP kado tout lajan yo antre nan evenman yo.

Pou plis enfòmasyon, elèv yo dwe kontakte konseye "CAP" ki nan lekòl yo a osnon rele biwo distri a pou "College Assistance Program," la, nan 305-995-1743.

###

00-J0155CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County egzèse otorite legal li genyen sou sistèm lekòl la, an konfòmite ak lwa Florid e ki detèmine regleman yo. Chak manm eli ofisyèl yo nan nèf (9) manm konsèy reprezante yon distri anpatikilye nan county an.

Komisyon Konsèy Lekòl yo, anjeneral, fè reyinyon yon fwa pa mwa lè mèkredi a 1:00 nan aprèmidi, lan premye etaj la lan oditoryòm Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl yo ki sitiye lan 1450 N.E. 2yèm Avni, Dat yo apwouve a afiche nan Citizen Information Center e sou sit Lekòl Leta Miami-Dade County sou Entenè http://dcps.dade.k12.fl.us/. Piblik la kapab patisipe lan reyinyon yo e li pase lan televizyon sou WLRN, kanal 17 ak lan radyo sou WLRN, bann FM 91.3.

Sitwayen ki enterese kapab adrese konsèy la sou sijè ki enskri lan ajanda a. Pou yo fè sa, yo dwe fè yon demann ekri bay "Citizen Information Center" vè 4:30 nan aprèmidi lan lendi anvan reyinyon an. Sitwayen yo ka adrese komisyon konsèy la sou sijè ki pa lan ajanda a, sèlman pandan odyans piblik yo ki fèt nan konklizyon reyinyon regilyè. Delè ak pwosedi pou enskri pou patisipe lan yon odyans piblik se menm ak sa nou fèk sot dekri la a pou reyinyon regilyè yo. Nenpòt moun lan piblik la ki gen pou pale e ki bezwen sèvis yon entèprèt panyòl osnon kreyòl, lè l ap pale devan Konsèy la, dwe fè demann nan nan menm lèt li mande pou l pale a.

Gen fòm yo lan tout biwo rejyon yo ak lan "Citizen Information Center," Sal 158, ki lan Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl yo. Nimewo faks la se 305-995-1151.

Biwo Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo sitiye lan Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl yo (School Board Administration Building). Yo kab kontakte manm Konsèy Lekòl yo lan 305-995-1334.

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County yo:
###

00-J0156CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
PWOSEDI NAN KA IJANS

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Elèv yo dwe gen nan dosye lekòl yo enfòmasyon ki di kiyès pou yo kontakte nan ka ijans. Sa va pèmèt yo avèti rapidman paran yo osnon lòt endividi yo te deziye sou kat ijans lan pou lè gen yon ijans konsènan pitit yo.

Paran yo dwe founi enfòmasyon sa yo sou kat dosye elèv la depi premye fwa yo t ap enskri timoun yo nan yon lekòl leta nan Miami-Dade; ansuit fò yo mete enfòmasyon yo ajou chak ane. Sepandan, li enpòtan pou paran yo met enfòmasyon yo ajou diran ane eskolè a si ta vin gen chanjman non, telefòn oubyen adrès.

Lè yon elèv gen yon ijans nan lekòl li osnon pandan yon aktivite lekòl la te otorize, responsab yo nan lekòl la dwe avèti youn nan paran yo imedyatman. Si ni manman ni papa pa la, yo dwe rele yon fanmi oubyen yon zanmi ki gen non li mansyone sou kat ijans lan. Si yo pa jwenn ni zanmi, ni fanmi epi maladi oubyen blesi timoun nan grav, yo dwe rele ekip sèvis sekouris ak/oubyen lapolis.

###

00-J0157CF

 

Anlè


Ouvèti Lekòl
ZÒN RESTRIKSYON VITÈS

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Gen yon limit vitès 15 mil alè pou tout motoris/chofè k ap kondi bò lekòl leta yo nan jou lekòl yo e nan lè ki fikse nan tablo siy yo.

Lè pou kondi a 15 mil alè a depann de lekòl yo. Chak lekòl gen dwa gen yon lè lejèman diferan pou aplikasyon restriksyon vitès la.

Pou sekirite timoun yo li enpòtan pou chofè yo li avèk prekosyon tablo limit vitès yo lè y ap pase nan zòn lekòl yo. Epi se yon vyolasyon règleman trafik la pou depase limit vitès yo enpoze nan zòn lekòl yo.

Timoun yo, bòkote pa yo, dwe veye machin k ap vini.

###

00-J0158CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
SANT ENFÒMASYON POU SITWAYEN

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Sant Enfòmasyon (Citizen Information Center), ki fè pati sistèm Lekòl Leta Miami-Dade County a, la pou reponn tout moun ki gen keksyon sou sistèm lekòl la.

Li tabli kò l nan sal 158 Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl la ki nan 1450 N.E. Second Ave. Sant lan founi piblik la dokiman, enfòmasyon jeneral ak ajanda pou reyinyon Konsèy Lekòl la.

Sant lan gen yon estaf disponib pou reponn keksyon ann anglè ak an panyòl. Y ap refere moun, ki bezwen enfòmasyon an kreyòl, bay lòt manm pèsonèl la ki pale kreyòl. Yo kapab kontakte Sant lan nan 305-995-1128 oubyen vizite l lendi jiska vandredi depi 8:00 dimaten jiska 4:30 nan aprèmidi.

Sit Lekòl Leta Miami-Dade County sou Entènèt, http://www..dade.k12.fl.us/, epitou li ofri yon varyete enfònmasyon sou sistèm lekòl la.

###

00-J0159CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
RÈGLEMAN NAN ABIMAN ELÈV YO

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County gen yon lis règleman sou abiman elèv. L ap veye aplikasyon règleman sa yo seryezman.

Lis règleman sa yo la pou anpeche aparans yon elèv kreye yon pwoblèm pou sante, sekirite, pwòpte lòt elèv oubyen yon pwoblèm pou anviwonman kote lòt timoun ap aprann. Règleman yo se pa pou kontwole longè cheve osnon kalite rad timoun yo mete.

Yo ka pran sanksyon kont elèv ki vyole règleman yo sèlman aprè yo te ba yo yon chans pou korije vyolasyon an e apre yon konferans paran-pwofesè.

Gen kèk lekòl ki resevwa apwobasyon Konsèy Lekòl la pou adopte kèk règleman sou abiman ki pi estrik ki entèdi moun vin lekòl ak rad tankou mayo, chemizèt, kòsaj san bretèl, chapo, ti filang rad, sapat jezikri e rad ki gen mesaj k ap fè piblisite pou tabak, alkòl, pònografi, dwòg, oubyen sèks.

Genyen tou plizyè lekòl ki adopte inifòm pou ankouraje elèv yo amelyore abitid etid yo e idantifye yo plis ak lekòl yo. Paran ki bezwen plis enfòmasyon sou règleman abiman lekòl la dwe kontakte direktè lekòl pitit yo a.

###

00-J0160CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
ABSANS ELÈV

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Elèv segondè (Middle School ak High School) ki gen 10 oubyen plis pase 10 absans san eskiz nan yon kou anyèl oubyen plis absans san eskiz nan yon trimes espesifye pandan ane eskolè a kouri ris pou yo wè administrasyon lekòl la kenbe nòt final yo malgre yo pase. Administrasyon an ap kenbe nòt yo pandan komite ki okipe zafè prezans elèv la ap revize tout absans yo.

Se sèlman absans ki gen eskiz ki akseptab. Maladi, randevou doktè, lanmò nan fanmi an, obsèvans yon fèt relijye oubyen yon evenman lekòl la patwone e apwouve l davans se sèl rezon valab pou yon elèv pa vin lekòl. Yo ankouraje paran yo pou yo rele lekòl la lè yo konnen yon elèv ap absan.

Elèv ki gen eskiz pou yo absan ap gen opòtinite pou fè travay yo te manke yo nan yon tan rezonab; elèv ki absan san eskiz ap pran yon nòt "F" pou travay yo te manke yo.

Epitou, yo ap remèt Depatman Lisans Machine nan Florid dosye prezans lekòl pou elèv laj apwopriye ki gen abitid fè woul (15 absans oubyen plis absans san eskiz nan yon kalandriye pou 90 jou) kote yo ap mete yon bar sou non yo, pou yo pa ka aplike pou lisans kondui. Si yon elèv ki abitye fè woul deja genyen yon lisans kondui, yo kab revoke lisans la. Yo ap avize moun sa a pa lapòs e tou pwosesis kòman pou li kab genyen lisans li ankò.

###

00-J0161CF

Anlè


Ouvèti lekòl
PARAN ELÈV YO DWE GEN DYALÒG AK PWOFESÈ YO SOUVAN

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Kenbe yon relasyon dirèk ak pwofesè yon timoun enpòtan anpil pou ede e amelyore edikasyon elèv la depi jadendanfan jiska finisman etid segondè l.

Paran yo dwe rankontre pwofesè pitit yo bonè nan kòmansman ane eskolè a, se kenbe kontak ak pwofesè yo diran tout ane eskolè a. Konferans paran ak pwofesè se meyè fason pou yon paran ret enfòme sou pwogrè yon timoun oubyen diskite sou nenpòt pwoblèm ki kab genyen.

Yo kab fasilman fikse yon konferans avèk èd direksyon an. Nan lekòl segondè yo, yo kab kontakte konseye a pou asistans ak konferans. Pou paran ki pa kab al nan lekòl pitit yo, voye yon nòt bay pwofesè timoun nan pou fikse yon randevou pou pale ak pwofesè a pa telefòn se yon lòt chwa.

###

00-J0162CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
PATISIPASYON SITWAYEN YO

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Kòmanse sou paran yo, biznis yo, lidè kominotè yo, gouvènman lokal, elèv kolèj ak elèv inivèsite, rive sou tigranmoun, patisipasyon sitwayen lan Lekòl Leta Miami-Dade County ofri tout moun yon opòtinite pou ede ofri elèv yo fè yon bèl eksperyans lekòl ki pi satisfezan.

Plis pase 30.000 sitwayen ak moun ki nan konpayi k ap fè volontè, konsakre ant inètan ak dezèdtan pa semèn pou anseye elèv, ede lan pwomnad lekòl yo òganize epi patisipe lan lòt aktivite lekòl yo fè. Nou ankouraje tigranmoun yo espesyalman pou yo pataje tan yo ak tijèn yo.

Volontè yo ofri sèvis yo lan plis pase 30 domèn ki genyen ladan moun elèv kab pwofite de eksperyans yo e elèv ka pran leson sou matyè yo, depi sou matematik, lekti, rive sou òdinatè (computer). Pou timoun ki bezwen yon zanmi granmoun, volontè "Listener" yo vin enpòtan anpil. Lan pwosesis la, yo ede tijèn yo devlope imajinasyon ak kreyativite yo, epi yo ede elèv yo devlope amoupwòp yo. Yo ofri pwogram sa a an espanyòl (Oyentes) tou. Yo pran pati nan pwogram Sipò pou Timoun ki ede yo gradye soti nan lekòl segondè e jenn bous pou kolèj. Pou plis enfòmasyon sou pwogram volontè ki resevwa prim nan Lekòl Leta Miami-Dade County silvouplè rele (305-995-1215).

Gen yon branch "Parent-Teacher Association/PTA" (Asosyasyon Paran ak Pwofesè) lan prèske chak lekòl leta lan Miami-Dade. Ak plis pase 53.000 manm, Konsèy PTA/PTSA Dade County a se twazyèm pi gwo asanble PTA lan peyi a. PTA a, ki patisipe lan plizyè aktivite lekòl yo, ede anpil. Nou ankouraje paran yo pou yo fè yo manm PTA a. Pou yo patisipe, paran yo ka telefone lekòl pitit yo oswa biwo PTA/PTSA a lan 305-995-1102.

Konsèy Konsiltatif Distri a ak "Feeder Pattern" yo ofri sitwayen yo yon opòtinite pou yo patisipe lan fòmasyon pwogram ak pwosedi lekòl yo. Pou w patisipe, kontakte "Office of Parent Participation" lan 305-995-1367.

Daprè plan Florid la sistèm eta a met sou pye pou pote amelyorasyon nan zafè lekòl ak edikasyon, "Educational Excellence School Advisory Councils (EESACs)" ki vle di Asanble Konsèy Edikasyonèl Lekòl Ekselan te tabli lan tout lekòl. Chak EESACs, ki konpoze de paran, elèv, administratè, reprezantan biznis/kominotè, te patisipe aktivman nan devlopman e siveye p lan anyèl pou Amelyorasyon Lekòl la (School Improvement Plan). Yo ankouraje tout sitwayen pou yo kontakte lekòl yo pou y aprann plis de EESACs.

Pwogram "Dade Partners," yo selebre nasyonalman, gen plis pase 3.000 biznis, òganizasyon sivik ak manm kominotè ki "adopte" lekòl ki lan katye yo. "Dade Partners" travay ansanm pou amelyore pwogrè elèv yo e anrichi pwogram edikasyonèl yo. Kèk nan òganizasyon "Dade Partners" yo sèvi lan tout Dade la kòm patnè tout distri eskolè a. Pou enfòmasyon sou "Dade Partners" rele 305-995-1215.

"Intergenerational Program," ki se Pwogram Tèt ansanm ant Diferan Jenerasyon, ofri tigranmoun yo opòtinite pou yo travay endividyèlman ak yon elèv. Atravè pwogram "Senior Mentor" la endividi ki depase laj 50 tan mache an pè ak yon timoun. Yon "Senior Mentor" travay ak yon elèv pou sis a dis semèn sou pwojè ki baze nan enterè yo pataje.

Pou plis enfòmasyon sou patisipasyon sitwayen nan lekòl leta yo, rele lekòl ki lan zòn ou an oubyen "Bureau of Community Services" lan 305-995-1215.

###

00-J0163CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
ENSKRIPSYON POU OTÒN

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County ap ouvri pòt li lendi 28 out pou kòmanse ane eskolè 2000-01 la.

Paran ki pa sèten ki lekòl pitit yo prale dwe telefone D"Division of Attendance Services, School Boundaries Department" Divizyon pou Sèvis Prezans nan Lekòl, Depatman Limit Zòn Lekòl nan nimewo 305-883-5651.

Byenke pa gen dat limit pou enskripsyon, yo ankouraje elèv yo enskri bonè pou evite reta nan pwosesis la, konsa y ap ka rantre lekòl depi jou ouvèti lekòl la.

Elèv k ap rantre nan klas "prekindergarten" dwe gen katran 1ye septanm osnon anvan 1ye septanm 2000.

Elèv k ap rantre nan "kindergarten" dwe gen senkan anvan osnon 1ye septanm. 2000.

Pou rantre nan premye ane (1st grade) elèv la dwe gen sizan anvan osnon 1ye septanm 2000, e fò li pase klas "kindergarten" nan.

Elèv ki fèk ap rantre nan sistèm lekòl leta Miami-Dade la dwe prezante dokiman sa yo: prèv laj, prèv dènye egzamen fizik ki enkli tès tibèkiloz (ki enkli analiz tès la ak swit e tretman apwopriye si tretman te nesesè) e yon sètifika vaksinasyon; epi de prèv adrès aktyèl sou fòm resi lwaye, deklarasyon ajans koutye osnon avoka ki konfime adrès la, e resi depo kouran, telefòn. Si paran an oubyen gadyen an pap ka bay prèv adrès li, y ap refere li nan biwo rejyon zòn nan. Epitou yo mande pou li ranpli yon fòm ki rele "Disclosure" devwale lè li ap fè Enskripsyon."

Elèv k ap sot nan lòt distri eskolè dwe prezante dènye kanè yo osnon lòt dosye dènye lekòl yo te ye a.

Elèv etranje yo ki enkli rezidan pèmanan ap suiv menm pwosedi ki pou natifnatal yo. Elèv k ap antre nan sistèm nan premye fwa, kit se elèv etranje, kit se elèv ki sot nan lòt eta, gen dwa enskri nan lekòl yo.

Pwojeksyon sou enskripsyon yo jou ouvèti a pa disponib, kwak yo espere enskripsyon pou ane eskolè jadendanfan pou rive 12 ane ap rive lan 361.000 nan mitan oktòb 1999 lan. Ane pase enskripsyon nan premye jou a te 308.249; chif dènye jou a te 351.568.

###

00-J0164CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
PATISIPASYON PARAN: EDE PITIT OU REYISI

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Patisipasyon paran se yon eleman enpòtan lan pwogrè oswa siksè timoun yo lan lekòl. Lekòl Leta Miami-Dade County sijere plizyè fason paran yo ka jwe yon wòl aktif lan edikasyon pitit yo.

Lè timoun yo nan laj adolesans yo, paran yo dwe genyen kominikasyon onèt avè yo. Timoun yo dwe yon patnè total lè y ap pale ak paran oswa pwofesè yo, lan yon desizyon akademik ki gen pou pran konsènan avni yo.

Sistèm lekòl Miami-Dade la gen yon Pwogram Edikasyon Paran (Parent Education Program) pou ede paran yo aprann sèvi ak anviwonman lakay yo pou ranfòse sa timoun yo aprann lan klas.

Pwogram nan fè anpil atelye ak reyinyon edikatif lan nenpòt lekòl primè ki lan Miami-Dade sou demand direktè lekòl la, soudirektè a oswa lòt administratè lekòl la. Nimewo Pwogram Edikasyon Paran an se 305-995-7646.

Atelye edikatif yo enkli yon sesyon sou teknik pou yon timoun etidye e fè devwa li epi li anseye paran yo tou ki jan pou yo ankouraje bon abitid etidye kay pitit yo. Atelye/reyinyon yo fèt ann anglè, an panyòl e an kreyòl pou montre paran yo ki jan pou yo kominike regilyèman ak pwofesè pitit yo. Yon lòt atelye anseye paran yo ki jan pou yo fè fas ak pwoblèm konpòtman tijèn yo.

Pwofesè yo tou ka planifye e fikse reyinyon oswa atelye edikatif pou paran elèv prekindègadenn ak pou paran elèv ki gen diferan andikap.

Materyèl enstriksyon ak kalandriye aktivite yo disponib lan reyinyon oswa atelye yo.

Lòt konsèy itil pou paran yo:

Onz lekòl leta ap teste yon nouvo konsèp ki ap bay paran yo yon plas sou kanpous la kote yo kab rele chè-mèt chè-mètrès e ki ap vin fè yo patisipe plis nan edikasyon pitit yo. Se yon bous ki soti nan Washington Mutual ki fonde li, sant resous paran yo genyen ladan òdinatè e kote ki konfòtab pou ankouraje paran pou pase plis tan nan lekòl la.

Enpe nan sant yo genyen ladan yon chanm pou egzamen medikal gratis, radyografi pou dan e konsèy pou sante mantal pou paran. Yo ofri tou literati, tep videyo epi atelye. Yo panse ouvè pou otòn nan, sant resous pou paran ki ap nan lekòl sa yo: Lekòl elemantè Arcola Lake, Broadmor, Van E. Blanton, Ben Franklin, Lakeview, Miami Park, West Little River, ak Westview; lekòl segondè (middle) Westview ak Madison; lekòl segondè Miami Central Senior High School.

###

00-J0165CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
ORÈ LEKÒL

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Pou prèske tout elèv, klòch lekòl yo pral sonnen menm lè diran ane eskolè 2000-2001 la, menm jan sa te fèt pou ane eskolè ki sot pase a.

Elèv matènèl jadendanfan yo (prekindergarten, kindergarten) ak elèv premyè ane yo (1st grade) ap vin lekòl 8:30 dimaten pou 2 zè nan aprèmidi. Elèv klas sa yo, dezyèm ane jiska sizyèm ane (Grades 2-6), ap gen klas de 8:30 dimaten jiska 3:00 nan aprèmidi. Lè mèkredi tout elèv primè yo ap lage a dezè nan aprèmidi.

Orè nan "middle school" yo pou klas sizyèm ane jiska nevyèm ane (Grades 6-9) ap 9:00 dimaten pou 3:40 nan aprèmidi. Lekòl segondè nevyèm ane jiska douzyèm ane (Grades 9-12) ap 7:30 dimaten jiska 2:30 nan aprèmidi.

Kèk lekòl primè, segondè "middle ak senior high school," kèk sant espesyal e kèk sant edikasyon altènatif ap fonksyone sou orè endividyèl pa yo. Paran yo dwe telefone lekòl pitit yo pou yo konn orè yo.

###

00-J0166CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
SÈVIS TRANSPÒTASYON

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County ap bay transpòtasyon pou plis pase 70,000 elèv pa jou pou ane eskolè sa a. L ap itilize 1,700 otobis sou anviwon 1,550 wout bis lekòl yo pase. Yo bay sèvis transpòtasyon an pou elèv ki abite lan yon distans de demil (2 miles) osnon plis de lekòl yo e pou elèv edikasyon eksepsyonèl yo.

Anvan lekòl ouvri 28 out, paran tout elèv ki kalifye pou transpòtasyon ap resevwa yon kat sant odinatè sistèm lekòl la. Kat la ap di ki kote pou elèv la tann otobis la, ki lè otobis la ap pase pran l e ki lè l ap depoze l.

Paran ki bezwen konnen si pitit yo kalifye pou jwenn transpòtasyon dwe kontakte lekòl pitit yo a pou enfòmasyon.

Elèv ak paran ki gen keksyon sou zafè transpòtasyon an kab telefone sèvis transpòtasyon sistèm lekòl la nan nimewo 305-995-7555, depi 23 out jiska8 septanm, ant 7:00 dimaten e 5:00 nan aprèmidi.

###

00-J0167CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
DAT ENPÒTAN NAN ANE ESKOLÈ 1998-99 LA

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Dat sa yo se dat enpòtan nan ane eskolè 2000-2001 la:

KONJE
Lendi 4 septanm - Fèt Travay
Vandredi 10 novanm - Fèt Veteran
Jedi 23 novanm - Fèt Aksyon de Gras (Thanksgiving)
Lendi 15 janvye - Obsèvasyon Fèt Dtè. Martin Luther King
Lendi 19 fevriye - Jou Pou Fèt Tout Prezidan
Lendi 28 me - Obsèvasyon Souvni Moun ki Mouri lan Lagè (Memorial Day)

JOU POU PWOFESÈ FÈ PLANIFIKASYON
Jedi 24 out
Vandredi 25 out
Lendi 9 oktòb
Vandredi 13 oktòb
Vandredi 3 novanm
Vandredi 26 janvye
Vandredi 30 mas
Vandredi 13 avril
Jedi 14 jen
Vandredi 15 jen
Lendi 6 jiyè

JOU VAKANS
Vandredi 24 novanm - jou aprè Aksyon de Gras
Mèkredi 20 desanm jiska madi 2 janvye - Vakans Ivè
Lendi 2 avril jiska vandredi 6 avril - Vakans Prentan
Mèkredi 4 jiyè

DAT Y AP BAY KANÈ*
1 novanm 1999
6 fevriye 2000
10 avril 2000
26 jen 2000
24 out 2000

*Y ap bay kanè nan dat sa yo oubyen aprè dat sa yo (Gen kèk lekòl ki ka bay kanè pi bonè).

###

00-J0168CF

Anlè

 


Ouvèti Lekòl
BIWO REJYON YO

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lè paran yo gen keksyon ak plent sou lekòl pitit yo ki pa rezoud nan lekòl yo, paran yo kab pote pwoblèm sa yo devan direktè rejyon lekòl pitit yo a. Si paran yo pa satisfè ak rezilta a, yo kab pote desizyon an ankò devan sipèentandan rejyon an.

Akozde dimansyon li, distri eskolè Miami-Dade County a sibdivize an sis (6) rejyon: Rejyon I a VI. Chak rejyon gen yon sipèentandan alatèt li ak yon estaf ki reskonsab pou founi sipò ak asistans pou paran, elèv ak pèsonèl lekòl yo.

Keksyon konsènan limitasyon zòn lekòl, regleman sou prezans ak transfè ap jwenn repons yo nan biwo rejyon yo. Men adrès ak telefòn biwo rejyon yo:

Rejyon I
733 East 57 Street
Hialeah, FL 33013
305-687-6565
Sipèentandan Rejyon an: Henry Ferrer
Direktè yo: Frederick Bertani, Olga Miyar, Carnell White

Rejyon II
1515-3 N. W. 167 St., #300
Miami, FL 33169
305-624-8802
Sipèentandan Rejyon an:  F. Craig Sturgeon
Direktè yo: Margarita Alemany-Moreno, Susan Renick-Blount, John Gilbert, Dr. Ruby Johnson

Rejyon III
1080 LaBaron Drive
Miami Springs, FL 33166
305-883-0403
Sipèentandan Rejyon an:  Robert L. Thomas
Direktè yo: Martha Boden, John Lengomin, Essie Pace, Willa Young

Rejyon IV
2201 S.W. Fourth Street
Miami, FL 33135
305-642-7555
Sipèentandan Rejyon an:  Dr. James W. Moye
Direktè yo: Lawrence Feldman, Julia Menendez, Dr. Ruby Poitier, George Suarez

Rejyon V
9040 S.W. 79 Avenue
Miami, FL 33156
305-595-7022
Sipèentandan Rejyon an:  Neyda G. Navarro
Direktè yo: Emilio Fox, Gwendolyn Hines, Clarence Jones Jr., Dr. Michael Wagner

Rejyon VI
30910 S.W. 157 Avenue
Homestead, FL 33033
305-246-5934
Sipèentandan Rejyon an: Dr. George M. Koonce Jr.
Direktè yo: Carolyn Bonner, Jean McCauley, Kenneth Rogers, Clemencia Waddell

 

Chak biwo rejyon sipèvize "senior high school" ak pwòp lekòl "feeder pattern" yo. Men lis "high school" yo ak nan rejyon yo ye:

Rejyon I
American Senior High
Barbara Goleman Senior High
Hialeah Senior High
Hialeah-Miami Lakes Senior High
Miami Carol City Senior High

Rejyon II
Dr. Michael M. Krop Senior High
Miami Beach Senior High
Miami Norland Senior High
North Miami Senior High
North Miami Beach Sr. High

Rejyon III
Design and Architecture Senior High
Miami Central Senior High
Miami Coral Park Senior High
Miami Northwestern Senior High
Miami Springs Senior High

Rejyon IV
Coral Gables Senior High
Maritime and Science Technology Senior High (MAST Academy)
Miami Edison Senior High
Miami Jackson Senior High
Miami Senior High
New World School of the Arts

Rejyon V
G. Holmes Braddock Senior High
Miami Killian Senior High
Miami Palmetto Senior High
South Miami Senior High
Southwest Miami Senior High

Rejyon VI
Coral Reef Senior High
Homestead Senior High
Miami Southridge Sr. High
Miami Sunset Senior High
South Dade Senior High
Felix Varela Senior High

###

00-J0169CF

Anlè


Ouvèti lekòl
SIVEYE ANVAN, APRE LEKÒL NAN LEKÒL PRIMÈ

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Ane sa a 202 lekòl primè leta nan Miami-Dade Count y ap ofri pwogram etid siveye apre lekòl nan jou lekòl yo. Ap gen pwogram etid siveye anvan lekòl nan 115 lekòl primè.

Pwogram apre lekòl yo fèt osito lekòl lage jiska 6 zè diswa. Pwogram anvan lekòl yo kòmanse apeprè inèdtan anvan klas.

Nan pwogram apre lekòl yo, yo bay timoun yo yon ti bagay pou yo pase nan bouch yo, tan pou yo fè devwa yo epi tan pou rekreyasyon ak aktivite. Pwogram anvan lekòl yo ofri timoun yo aktivite trankil ki sou siveyans.

Anmwayèn, pri pwogram etid siveye apre lekòl se $30 pa semèn e pwogram etid siveye anvan lekòl koute $15 pa semèn.

Se youn nan kat ajans nou pral site la yo ki ofri piblik la chak pwogram sa yo: lekòl kominotè "Miami-Dade County Public Schools" yo, "YMCA," "YWCA" oubyen "Family Christian Association of America" (FCAA).

Paran ki enterese dwe kontakte direksyon lekòl pitit yo pou yo konnen ki pwogram yo ofri. Ou ka gen plis enfòmasyon lè w rele "Office of School Age ChildCare Programs" ki fè pati sistèm lekòl leta a nan 305-995-1899.

Pou plis enfòmasyon toujou ou kab rele "YMCA" lan 305-357-4000, eks.126, ekstansyon 26, "YWCA" lan -305-377-9922 ak "Family Christian Association of America" lan 305-493-9113.

###

00-J0170CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
KONDISYON POU GRADYE

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Pou ane eskolè 2000-01 la Lekòl Leta Miami-Dade County egzije pou yon timoun gradye lan lekòl segondè (high school), li dwe pran vennkat (24) kredi anyèl depi 9yèm jiska 12yèm ane (Grade 9-12).

Egzijans pou elèv ki nan 9yèm ak 10yèm ane eskolè genyen ladan katran anglè/redaksyon (Language arts), twazan matematik, twazan syans, twazan syans sosyal, yon semès bònmanyè (life-management skills), yon ane pou edikasyon fizik (espò), yon semès atizay pratik, yon semès "performing fine arts" epi 8.5 kredi elèv la ka chwazi pran limenm. Pou elèv ki nan 11yèm ak 12 yèm ane eskolè egzijans la genyen ladan katran anglè/redaksyon (Language arts), twazan matematik, twazan syans, twazan syans sosyal, yon semès bònmanyè (life-management skills), yon ane espò, yon semès atizay pratik, yon semès "performing fine arts" epi nèf kredi elèv la ka chwazi pran limenm.

Chak elèv dwe fè yon pwojè kominotè anvan l gradye.

Pou yon elèv "high school" elijib pou resevwa diplòm regilye a, li dwe demontre li gen konesans debaz sou odinatè e pase egzamen "High School Competency Test" la (HSCT) oubyen resevwa nòt ki kalifye sou FCAT SSS pou 10yèm ane eskolè pou li pa bezwen pran egzamen HSCT a.

Elèv yo tou dwe kenbe yon mwayèn total ki pa pi ba pase 2.0 sou yon nechèl 4.0.

Pou plis enfòmasyon sou kondisyon oswa egzijans pou yon elèv gradye e kou espesifye ki obligatwa, elèv yo dwe kontakte konseye lekòl yo.

###

00-J0171CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
MANJE GRATIS E BON MACHE

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County konfòme l ak plan gouvènman federal la nan zafè ofri manje gratis e bonmache pou timoun ki gen difikilte pou peye manje yo sèvi nan pwogram "National School Lunch and School Breakfast" yo.

Chak lekòl ansanm ak "Department of Food and Nutrition" sistèm lekòl la gen kopi plan pwogram manje yo piblik la kab wè. Lekòl Leta Miami-Dade County ap kontinye règleman gouvènman federal la ki pèmèt yo apwouve elèv sètifika dirèk. Dispozisyon an di ke elèv fanmi yo resevwa koupon manje (food stamps) epi/oubyen asistans tanporè pou fanmi ki nan bezwen e ki gen yon nimewo sekirite sosyal lan dosye lekòl yo kab kalifye pou sètifikasyon dirèk. Elèv, yo apwouve pa sètifikasyon dirèk, pa oblije gen yon aplikasyon lan dosye yo.

Lekòl yo voye fòm aplikasyon kay tout moun ak yon lèt bay paran yo oubyen gadyen timoun yo. Pou aplike pou manje gratis oubyen bon mache, paran elèv ki pat jwenn apwobasyon pou sètifikasyon dirèk dwe ranpli aplikasyon yo e retounen yo bay lekòl la. Gen kopi adisyonèl nan direksyon tout lekòl yo.

Timoun k ap viv nan yon fanmi ki gen yon salè ki piti pase kritè salè ki fikse a osnon ki egal kritè salè a kapab kalifye pou manje gratis oubyen manje pou pri redui. Manje midi koute 40 santim pa jou, kidonk, $2 pa semèn; manje maten koute 30 santim pa jou osnon $1.50 pa semèn.

Remak: Pri nòmal manje lekòl yo se $1.25 pou manje midi, epi 60 santim pou manje maten nan lekòl primè (Elementary schools). Nan lekòl segondè (Middle ak High Schools) se $1.50 pou manje midi e 70 santim pou manje maten.

Pou plis enfòmasyon, rele "Department of Food and Nutrition" sistèm lekòl la lan nimewo 305-995-3230.

###

00-J0172CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
PWOGRAM ‘MAGNET’ LEKÒL YO CHWAZI YO

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County, ak 74 pwogram ki nan 65 andwa, gen youn nan pwogram "magnet" (leman) ki pi gwo e pi enteresan nan peyi a.

Pwogram "magnet" Miami-Dade yo jwenn anpil lwanj nan men edikatè atravè tout peyi a epitou U.S. News & World Report te ekri sou sa nan yon atik.

Yo rele pwogram nan "magnet" (leman) paske li atire elèv ki sot toupatou nan tout kote pou yo vin fè etid nan domèn espesyal, ki genyen ladan tèm Karyè e Pwofesyon, Kominikasyon e "Humanities", Pwogram Don, Edikasyon Entènasyonal, Matematik, Syans e Teknoloji, Montessori, e Ar Teyatral ak Ar Vizyèl.
Men yon lis, nou tache ak fèy sa a, ki gen tout lekòl ki ofri pwogram "magnet" yo ak adrès ak telefòn yo. Pou w genyen plis enfòmasyon ou kab rele biwo pou chwa lekòl nan 305-995-1922 oubyen ou kab vizite sit magnèt sou Entenèt nan http://choice.dade.k12.fl.us.

KARYÈ E PWOFESYON

Agriscience, Engineering & Environmental Studies
Coral Reef Senior High
10101 S.W. 152 Street, Miami, FL 33157
305-232-2044
Grades 9-12

Legal & Public Affairs
Coral Reef Senior High
10101 S.W. 152 Street, Miami, FL 33157
305-232-2044

Miami Carol City Sr. High
3422 N.W. 187 Street, Opa-Locka, FL 33056
305-621-5681
Grades 9-12

Miami Senior High
2450 S.W. 1 Street, Miami, FL 33135
305-649-9800
Grades 9-12

Aviation
Hialeah Senior High
251 E. 47 Street, Hialeah, FL 33013
305-822-1500
Grades 9-12

Homestead Senior High
2351 S.E. 12 Avenue, Homestead, FL 33035
305-245-7000
Grades 9-10

Maritime & Science Technology
Maritime & Science Technology Sr. High (MAST Academy)
3979 Rickenbacker Causeway, Key Biscayne, FL 33149
305-365-6278
Grades 9-12

Business and Finance
Coral Reef Senior High School
10101 S.W. 152 Street, Miami, FL 33157
305-232-2044
Grades 9-12

Miami Jackson Senior High
1751 N.W. 36 Street, Miami, FL 33142
305-634-2621
Grades 9-12

Southwest Miami Senior High
8855 S.W. 50 Terrace, Miami, FL 33165
305-274-0181
Grades 9-12

Medical Program
Coral Reef Senior High
10101 S.W. 152 Street, Miami, FL 33157
305-232-2044
Grades 9-12

Miami Edison Senior High
6161 N.W. 5 Court, Miami, FL 33127
305-751-7337
Grades 9-12

Miami Northwestern Sr.
1100 N.W. 71 Street, Miami, FL 33150
305-836-0991
Grades 9-12

Design & Architecture
Design & Architecture Senior High (DASH)
4001 N.E. 2 Avenue, Miami, FL 33137
305-573-7135
Grades 9-12

Science, Mathematics And Related Technology (SMART)
G. Holmes Braddock Sr. High
3601 S.W. 147 Avenue, Miami, FL 33185
305-225-9729
Grades 9-12

Teaching Profession
Miami Norland Senior High
1050 N.W. 195 Street, Miami, FL 33169
305-653-1416
Grades 9-12

Miami Senior High
2450 S.W. 1 Street, Miami, FL 33135
305-649-9800
Grades 9-12

Travel & Tourism
Homestead Senior High
2351 S.E. 12 Avenue, Homestead, FL 33035
305-245-7000
Grades 9-10

Miami Norland Senior High
1050 N.W. 195 Street, Miami, FL 33169
305-653-1416
Grades 9-12

Miami Springs Senior High
751 Dove Avenue, Miami Springs, FL 33166
305-885-3585
Grades 9-12

Engineering
Miami Coral Park Senior High
8865 S.W. 16 Street, Miami, FL 33165
305-226-6565
Grades 9-12

Mechanical Engineering & Commercial Architecture/Art
Miami Jackson Senior High
1751 N.W. 36 Street, Miami, FL 33142
305-634-2621
Grades 9-12

KOMINIKASYON AK "HUMANITIES"

Crestview Elementary
2201 N.W. 187 Street, Miami, FL 33056
305-624-1495
Grades K-5

Pine Lake Elementary
16700 S.W. 109 Avenue, Miami, FL 33157
305-233-7018
Grades K-5

Mays Middle
11700 S.W. 216 Street, Goulds, FL 33170
305-233-2300
Grades 6-8

Parkway Middle
2349 N.W. 175 Street, Opa-locka, FL 33055
305-624-9613
Grades 6-8

“MONTESSORI”

Joella Good Elementary
6350 N.W. 188 Terrace, Hialeah, FL 33015
305-625-2008
Grades Pre-K-5

Phyllis R. Miller Elementary
840 N.E. 87 Street, Miami, FL 33138
305-756-3800
Grades Pre-K-5

Pine Villa Elementary
21799 S.W. 117 Court, Goulds, FL 33170
305-258-5366
Grades Pre-K-5

Scott Lake Elementary
1160 N.W. 175 Street, Miami, FL 33169
305-624-1443
Grades Pre-K-5

PWOGRAM DON

Avocado Elementary
16969 S.W. 294 Street, Homestead, FL 33030
305-247-4942
Grades K-3

Caribbean Elementary
11990 S.W. 200 Street, Miami, FL 33177
305-233-7131
Grades 1-5

Everglades Elementary
8375 S.W. 16 Street, Miami, FL 33155
305-264-4154
Grades K-7

Ludlam Elementary
6639 S.W. 74 Street
South Miami, FL 33143
305-667-5551
Grades K-5

Naranja Elementary
13990 S.W. 264 Street, Naranja, FL 33032
305-258-3401
Grades 4-5

North Carol City Elementary
19010 N.W. 37 Avenue, Opa-locka, FL 33056
305-624-2615
Grades K-5

Olinda Elementary
5536 N.W. 21 Avenue, Miami, FL 33142
305-633-0308
Grades K-5

EDIKASYON ENTÈNASYONAL

Air Base Elementary (French & Spanish)
12829 S.W. 272 Street, Homestead, FL 33032
305-258-3676
Grades Pre-K-5

F. C. Martin Elementary (French & Spanish)
14250 Boggs Drive, Richmond Heights, FL 33176
305-238-3688
Grades 1-5

Morningside Elementary (French /Japanese/ Spanish)
6620 N.E. 5 Avenue, Miami, Florida 33138
305-758-6741
Grades 2-5

North Dade Center for Modern Languages (French & Spanish)
1840 N.W. 157 Street, Opa-locka, FL 33054
305-625-3885
Grades 1-5

Sunset Elementary (French/German/Spanish)
5120 S.W. 72 Street, South Miami, FL 33143
305-661-8527
Grades 1-5

Herbert A. Ammons Middle (French & Spanish)
17997 S. W. 142 Avenue, Miami, FL 33196
305-971-0158
Grades 6-7

George W. Carver Middle School (French/German/Spanish)
4901 Lincoln Drive, Coconut Grove, FL 33133
305-444-7388
Grades 6-8

North Dade Middle (French & Spanish)
1840 N.W. 157 Street, Opa-locka, FL 33054
305-624-8415
Grades 6-8

Ponce de Leon Middle (French/Italian/Spanish)
5801 Augusto Street, Coral Gables, FL 33146
305-661-1611
Grades 6-7

International Baccalaurate
Coral Gables Senior High
450 Bird Road, Coral Gables, FL 33146
305-443-4871
Grades 9-12

Coral Reef Senior High
10101 S.W. 152 Street, Miami, FL 33157
305-232-2044
Grades 9-11

North Miami Senior High
800 N.E. 137 Street, North Miami, FL 33161
305-891-6590
Grades 9-12

MATEMATIK, SYANS E TEKNOLOJI

Mathematics and Science
E. W. F. Stirrup Elementary
330 N.W. 97 Avenue, Miami, FL 33172
305-226-7001
Grades 4-5

Mathematics, Science & Technology
Lillie C. Evans Elementary
1895 N.W. 75 Street, Miami, FL 33147
305-691-4973
Grades 4-5

Medical, Environmental & Diversified Sciences
F. S. Tucker Elementary
3500 Douglas Road, Miami, FL 33131
305-567-3533
Grades K-5

Zoology, Mathematics, Science & Technology
Ethel F. Beckford/Richmond Elementary
16929 S.W. 104 Avenue, Miami, FL 33157
305-238-5194
Grades K-5

Medical & Allied Health Professions
Brownsville Middle
4899 N.W. 24 Avenue, Miami, FL 33142
305-633-1481
Grades 6-8

Aerospace Science and Mathematics
Rubén Darío Middle
350 N.W. 97 Avenue, Miami, FL 33172
305-226-0179
Grades 6-8

Aviation and Travel & Tourism
Homestead Middle
650 N.W. 2 Avenue, Homestead, FL 33030
305-247-4221
Grades 6-7

Computer Technology
Horace Mann Middle
8950 N.W. 2 Avenue, Miami, FL 33150
305-757-9537
Grades 6-8

Science and Zoology
Richmond Heights Middle
15015 S.W. 103 Avenue, Miami, FL 33176
305-238-2316
Grades 6-8

Biomedical & Environmental Sciences
North Miami Beach Sr. High
1247 N.E. 167 Street, North Miami Beach, FL 33162
305-949-8381
Grades 9-12

Computer Technology
Miami Central Senior High
1781 N.W. 95 Street, Miami, FL 33147
305-696-4161
Grades 9-12

Biomedical & Environmental Agriculture Technology
John F. Kennedy Middle
1075 N.E. 167 Street, North Miami Beach, FL 33162
305-757-9537
Grades 6-8

AR TEYATRAL E AR VIZYÈL

Perrine Elementary
8851 S.W 168 Street, Perrine, FL 33157
305-235-2442
Grades 4-5

R. R. Moton Elementary
18050 Homestead Avenue, Perrine, FL 33157
305-235-3612
Grades 1-2 Creative Arts
Grades 3-5 Expressive Arts

Charles R. Drew Elementary
1775 N.W. 60 Street, Miami, FL 33142
305-691-8021
Grades 4-5

Rainbow Park Elementary
15355 N.W. 19 Avenue, Opa-locka, FL 33054
305-688-4631
Grades 3-5

South Miami Elementary
6800 S.W. 60 Street, South Miami, FL 33143
305-667-8847
Grades 3-5

Allapattah Middle
1331 N.W. 46 Street, Miami, FL 33142
305-634-9787
Grades 6-8

Brownsville Middle
4899 N.W. 24 Avenue, Miami, FL 33142
305-633-1481
Grades 6-8

Charles R. Drew Middle
1801 N.W. 60 Street, Miami, FL 33142
305-633-6057
Grades 6-8

Mays Middle
11700 S.W. 216 Street, Goulds, FL 33170
305-233-2300
Grades 6-8

Norland Middle
1235 N.W. 192 Terrace, Miami, FL 33169
305-653-1210
Grades 6-8

South Miami Middle
6750 S.W. 60 Street, South Miami, FL 33143
305-661-3481
Grades 6-8

Southwood Middle
16301 S.W. 80 Avenue, Miami, FL 33157
305-251-5361
Grades 6-8

Coral Reef Senior High
10101 S.W. 152 Street, Miami, FL 33157
305-232-2044
Grades 9-11

Dr. Michael M. Krop Sr. High
1410 N.E. 215 Street, Miami, FL 33179
305-652-6808
Grades 9-12

Miami Northwestern Sr. High
1100 N.W. 71 Street, Miami, FL 33150
305-836-0991
Grades 9-12

New World School of the Arts
300 N.E. 2 Avenue, Miami, FL 33132
305-237-3135
Grades 9-12

Design and Architecture Senior High (DASH)
4001 N.E. 2 Avenue, Miami, FL 33137
305-573-7135
Grades 9-12

South Miami Senior High
6856 S.W. 53 Street, South Miami, FL 33155
305-666-5871
Grades 9-12

###

00-J0172CF

Anlè


Ouvèti lekòl
KLAS ‘PREKINDERGARTEN’

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Laplipa lekòl leta Miami-Dade County ap ofri pwogram matènèl “prekindergarten” pou timoun katran ki abite nan zòn lekòl yo, zòn patikilye sistèm lekòl la fikse.

Timoun ki nan pwogram "prekindergarten" yo ap jwenn opòtinite pou yo fè eksperyans pozitif k ap ranfòse pwosesis aprann nan e k ap poze baz pou yon edikasyon dirab.

Pandan kèk pwogram "prekindergarten" deja ranpli oubyen elèv sou lis datant, yon paran, ki enterese gen plis enfòmasyon sou pwogram "prekindergarten" pou pitit li, kab telefone lekòl leta ki nan zòn ni oubyen "Office of Early Childhood Programs" (Biwo Pwogram pou Timoun Piti) nan 305-995-7632.

Pou yon timoun kalifye pou l antre nan yon lekòl leta li dwe gen katran nan dat 1ye septanm 2000, osnon anvan dat la, e li dwe satisfè kritè kalifikasyon pou yon pwogram done. Kondisyon kalifikasyon yo disponib nan tout lekòl ki gen yon pwogram "prekindergarten."

Lekòl Leta nan Miami-Dade yo ofri tou pwogram pou timoun ki gen divès andikap. Paran timoun twa ak katran ki gen yon andikap kab ranje yo pou yo fè evalye pitit yo gratis nan rele 305-274-3501 ki se nimewo "Child Find." Aprè konfimasyon andikap ka yon timoun, ajans sistèm lekòl la rekòmande pou yo plase timoun nan nan yon pwogram "prekindergarten" ki apwopriye.

###

00-J0174CF

Anlè

 


Ouvèti Lekòl
EGZAMEN OFISYÈL

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Chak ane yo mezire siksè e pwogrè, elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County avèk èd plizyè egzamen ofisyèl distri, eta, e nasyonal.

An septanm 2000 elèv 2yèm jiska 11yèm ane eskolè ap pran "Scholastic Reading Inventory (SRI), yon egzamen ofisyèl ki bay chwa kòm repons e an me 2000 elèv nan 1mye jiska 11 ane eskolè ap pran li tou. Egzamen SRI la mezire siksè elèv yo nan nivo lekti e li ofri nòt "Lexile" ki ede pwofesè a chwazi materyo lekti k apwopriye pou elèv yo.

Egzamen "Stanford achievement Test, Nevyè Edisyon (AT-9)," se yon egzamen ki etabli siksè estanda nasyonal ki sèvi pou konpare pèfòmans elèv lokal nan priyorite etid espesifye ak pèfòmans elèv nan nasyon an. An mas 2001 yo ap administre SAT -9 la bay elèv dezyèm ane eskolè pou evalye nivo lekti yo e ladrès yo nan matematik. anplisdesa an avril 2001, yo administre egzamen SAT-9 Syans bay elèv nan 5yèm, 7yèm ak 9yèm ane eskolè.

An oktòb 2000 , yo ap evalye elèv uityèm ane eskolè yo lan yon pwogram evalyasyon ki rele "EXPLORE." "EXPLORE" evalye pwogrè akademik elèv yo lan anglè, matematik, lekti ak syans/rezonnman syantifik epi li ede elèv yo konprann diferan opòtinite yo genyen pou yo chwazi diferan pwofesyon.

Evalyasyon travay elèv yo fèt daprè dispozisyon "Florida Statewide Assessment Program" (Pwogram Evalyasyon lan Eta Florid) ki genladann plizyè egzamen. Kòmanse pou otòn 1999 la, y ap evalye tout elèv jadendanfan yo pandan premye twa semèn lekòl yo. Pwofesè yo pral sèvi ak enstriman ki pa fòmèl pou obsèvasyon an k ap baze sou "Florida's Expectations for School Readiness" sa yo atann de elèv ki prepare pou lekòl nan Florid pou detèmine si elèv yo prepare pou lekòl.

Yo ap bya konponan egzamen eta Florid la ki rele "Comprehensive Assessment Test (FCAT), Sunshine State Standards (SSS)" la an janvye 2001.

Egzamen FCAT/SSS mezire siksè estanda ki rele "Sunshine State Standards" nan lekti ak matematik nan nivo 3yèm jiska 10yèm ane eskolè. Yo mete posyon "FCAT Writing" (Redaksyon), yon egzamen pèfòmans sou ladrè ekri redaksyon , nan administre egzamen FCAT/SSS pou mwa janvye/fevriye 2001 ke yo bay elèv nan 4yèm, 8yèm ak 10yèm eskolè. Elèv nan nivo 3yèm ane jiska 10yèm tou genyen pou prann yon konponan egzamen ki rele Norm -Reference Test (NRT) pou FCAT nan mwa mas 2001 la ki ap ofri nòt an "percentile" (yon mezi ki divize an nèf pati) pou chak elèv. Nòt "percentile" sa a ap pèmèt konparezon siksè elèv ak pèfòmans nasyonal nan lekti ak matematik.

FCAT/SSS pou elèv 10yèm ane eskolè ap ranplase egzamen ki rele High School Competency Test (HSCT) kòm yon kritè pou resevwa yon diplòm regilye nan lekòl segondè (senior High) kòmanse ak elèv ki te antre nan 9yèm ane eskolè an otòn 1999 la. Elèv ki te kòmanse 9yèm ane eskolè an 1999 kab satisfè kritè pou resevwa diplòm regilye pou lekòl segondè lè yo pase toude posyon HSCT a oubyen nan jwenn siksè nan reyisi nòt nivo 3 sou FCAT/SSS nan lekti oubyen matematik pou yo kab kalifye pou yo pa pran youn oubyen toude posyon HSCT a.

Yo ap toujou administre egzamen eta HSCT a an octòb 2000 la bay nenpòt elèv 11yèm ane eskolè ki pat resevwa nòt nan nivo 3 oubyen pi wo nan 10y`em ane eskolè sou FCAT pou toude lekti ak matematik e nenpòt elèv 12yèm ane eskolè ki pa ko prann oubyen pase egzamen an. Egzamen HSCT a mezire konesans elèv yo nan kominikasyon ak matematik e ki fason konesans sa yo ka aplike lan reyalite lavi a. Tout elèv dwe pase toude pòsyon egzamen "HSCT" a pou yo elijib pou yo resevwa yon diplòm high regilye. Elèv ki pa pase ap genyen lòt opòtinite pou yo pran tès la ankò.

Elèv ki nan lekòl segondè gen chwa pou yo pran egzamen "Florida College Entry Level Placement Test ki pi koni nan non College Placement Test (CPT), kolèj Egzamen CPT a mezire konpetans debaz nan matematik e kominikasyon e li ofri enfòmasyon pou ede elèv yo jwenn konsèy e nan planifye karyè yo.
Elèv yo gen dwa chwazi pou yo patisipe lan pwogram evalyasyon nasyonal "College Board" ak "American College Testing Program" (ACT) ap ofri. Elèv 10yèm ane eskolè ka chwazi pran tès "PLAN" an novanm, 2000 lan, tès k ap ede yo aprè etid edikasyonèl segondè yo, epi planifye karyè yo. Y ap bay tès "Preliminary Scholastic Aptitude Test (PSAT) an oktòb 2000.

Elèv 10yèm ak 11yèm ane eskolè kab pran PSAT a kòm pratik anvan y al pran egzamen "Scholastic Assessment Test" la (SAT). Li tou se egzamen ki detèmine si w kalifye pou pwogram "National Merit Scholarship" la ki bay bous detid. Yon elèv gen dwa, si l vle, chwazi pran tès "SAT" a ak "ACT" a. Tès sa yo pèmèt elèv antre lan inivèsite e elèv yo ka pran tès sa yo pandan tout ane a daprè dat ki fikse yo. Elèv ki resevwa nòt ki kalifye nan CPT, ACT oubyen SAT fè pati kritè elijib pou diplòm ki endike prepare kolèj eandosman so "Florida Gold Seal la.

Yon lòt tès elèv ka pran volontèman se tès pou Elèv Avanse (Advanced Placement ) ki enskri pou pran kou inivèsitè pandan yo lan dènye ane etid segondè yo. Elèv ki fè bèl nòt lan tès Plasman Elèv Avanse yo kapab resevwa kredi ak plasman avanse lan inivèsite y ap pran kou a.

Yo fè elèv yo ak fanmi yo konnen rezilta tès yo lan yon tan rezonab. Se lekòl elèv yo ki voye rezilta tès distri a ak tès eta a lan adrès elèv yo. Elèv k ap pran "SAT" oswa "ACT" a ka mande pou yo voye nòt yo bay inivèsite yo chwazi yo. Paran, ki bezwen èd pou yo entèprete nòt pitit yo fè, ka kontakte pwofesè pitit yo oswa konseye lekòl yo pou esplikasyon.

###

00-J0175CF

Anlè

 


Ouvèti Lèkol
KÒD KONDUIT POU ELÈV

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Kòd Konduit pou Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County a vin pi fèm ak mezi sou zam mòtèl yo ta jwenn nan lekòl. Sa ede genyen e kenbe yon atmosfè sekirite lan lekòl yo kote travay edikasyon an ka fèt pozitivman e san kè sote.

Yon konsiderasyon enpòtan lan aplikasyon Kòd Konduit pou Elèv la se jwenn pi bon mezi disiplin ki kab pote elèv la amelyore osnon chanje konpòtman li. Se poutèt sa yo divize vyolasyon règleman Kòd Konduit la an sis (6) gwoup ak yon latriye mezi administratif yo ka rekòmande oswa egzije. Mezi sa yo depann de gravite zak endisiplin nan.

Pwofesè, konseye epi administratè yo eseye anpil teknik disiplin pwogresif oubyen teknik pou konseye e oryante anvan, pandan epi aprè yo pran mezi disiplinè fòmèl. Direktè a oswa pwofesè oswa toulède, sou baz pouvwa yo konfye yo, gen otorite pou yo pran lòt mezi disiplinè/sanksyon anplis, si nan opinyon yo, oswa nati move konpòtman osnon move zak endisiplin nan mande sa.

Diferans lan laj ak matirite se kritè ki pèmèt detèmine ki mezi disiplinè oswa sanksyon ki pou pran. Sepandan, pwosedi yo ki lan Kòd la aplikab pou tout elèv ki anba jiridiksyon Lekòl Leta Miami-Dade County. Kòd la anvigè pandan lè regilyè lekòl, pandan bis yo ap mennen elèv yo lekòl lan yon evènman lekòl la ap fè, men ki pa limite lan pwomnad ak lan aktivite espò lekòl la sèlman kote se administratè lekòl ki konsène yo ki gen jiridiksyon sou elèv yo.

Direktè yo gen otorite pou yo pran sanksyon kont yon elèv ki gen move konpòtman andeyò lekòl la depi zak elèv la gen yon move efè sou lòt elèv oswa sou fonksyonman nòmal lekòl la. Kalite vyolasyon yo enkli depi move konduit anjeneral k ap twouble lòd rive sou agresyon ak yon zam mòtèl.

Lekòl Leta Miami-Dade County te revize Kòd la pou l te egzije pou yo te met deyò lekòl la imedyatman yon elèv ki vin ak revolvè, ki menase moun ak zam mòtèl oubyen ki blese yon elèv oswa yon anplwaye lekòl la. Li mande tou pou elèv endisipline sa a ta resevwa pinisyon ki pi sevè lalwa pèmèt. Kòd la prevwa ke posesyon yon zam afe sou pwopriyete lekòl yo ka antrene pinisyon/sanksyon pou krim anplisde sispansyon, ekspilsyon oswa lòt mezi disiplinè lekòl ka pran.

Gen plizyè kalite mezi disiplinè yo ka pran kont yon konpòtman endisipline. Mezi sa yo enkli retni, transfè lan yon lekòl oswa yon pwogram espesyal, sispansyon, ekspilsyon.

Pwogram "work back" la bay elèv yo rekòmande pou ekspilsyon, yon chans pou yo travay pou yo retounen lan klas regilyè pi bonè anvan ekspirasyon tan maksimòm ekspilsyon an eta a fikse. Elèv yo dwe antre lan yon pwogram altènatif, akimile kredi, genyen bon dosye prezans epi kondui yo byen lan lekòl la. Pwogram "work back" la pa pou elèv ki gen akizasyon gwo krim sou tèt yo tankou agresyon ki fèt ak zam afe, zam mòtèl, ak posesyon zam lan lekòl.

Kòd la pale sou dwa ak responsablite elèv ki gen pou wè ak dwa pou elèv aprann; prezans; dosye elèv; nòt; libète pou pale, pou eksprime w, pou reyini epi pou fè jounal/piblikasyon. Li pale tou sou dwa paran yo ki dwe asire yo pitit yo jwenn bon opòtinite pou edikasyon yo.

Elèv osnon paran ki gen pwoblèm pou yo entèprete Kòd la dwe mande direktè lekòl la esplikasyon. Anplis, si w pa jwenn satisfaksyon lan lekòl la, ou kab pale ak biwo rejyon an epi lòt etap ankò se lan nivo distri a.

###

00-J0176CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
ORÈ POU ORYANTASYON NOUVO PWOFESÈ

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


"Lafanmi" Lekòl Leta Miami-Dade County ap di plis pase 1.500 nouvo pwofesè nan Miami kòmannyo kontan wè yo e l ap prepare yo pou yo fè yon tranzisyon dous, soti lan etid inivèsitè tonbe lan ansèyman, pandan semèn Oryantasyon pou Nouvo Pwofesè an. Akoz shif pou nouvo pwofesè a si tèlman elve, premye twa jou oryantasyon an, ki ap 17, 18 ak 19 out ap fèt nan de diferan lokasyon Radison Mart Centre, 711 N.W. 72nd Ave. ak nan G. Holmes Braddock Senior High School, nan 3601 S.W. 147 th Ave.

Dat 17 out la ap genyen ladan yon Repa Midi pou Nouvo Pwofesè, a 12:30 nan paremidi, nan rdisson nan. Se plizyè biznis lokal k ap patwone repa midi sa a. Kòm pati oryantasyon nan e nouvo edikatè yo pral patisipe nan sesyon preparasyon entansif e y ap ofri yo tan pou yo familyarize yo ak anbyans lekòl la e salklas yo nan dat 22 ak 23 out.

Pou plis enfòmasyon, rele Stephen L. Wolfe, Pwofesè Direktè Bureau of Community Services, nan 305-995-1215.

###

00-J0177CF

Anlè

 


Ouvèti Lekòl
LEKÒL ‘CHARTER’

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Pandan ane eskolè1999-00 la, Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County, apwouve kontra pou kat lekòl "charter" (an kontra) depli; twa prepare pou ouvè an otòn sa a, youn prepare pou ouvè nan ane lekòl 2001-2002: ASPIRA South Youth Leadership Academy, 14112 S.W. 288 St., Leisure City; Pinecrest Preparatory Academy, S.W. 124 Ave. and 40 St.; Rosa Parks Community School/Overtown, 900 N.W. 7 Ave. and 103 St., Hialeah Gardens Language Immersion Charter School, N.W, 88 Ave., and 103 St., Hialeah Gardens (k ap ouvè an otòn 2001 nan).

Lekòl Miami Shores Barry University/Connected Learning Center Charter School te renouvle kontra li pou yon lòt 15 zan ankò yo ap ogmante sou kapsite pou enskri 200 elèv depli nan ane eskolè 6yèm jiska 8yèm ane pou ane lekòl 2000-2001. Lekòl "Liberty City Charter School, premye lekòl "charter" (an kontra) nan Florid ap rantre nan senkyèm ane fonksyon pandan ane lekòl 2000-2001 e l ap ogmante kapasite pou enskri 280 elèv depli nan ane eskolè Jadendanfan jiska 6yèm ane.

Te genyen senk lekòl "Charter" ki te ouvè pandan 1999-2000 e yo ap rantre nan dezyèm ane depi y ap fonkyone pandan ane sa a; ASPIRA Youth Leadership Center, nan 13300 Memorial Highway, North Miami; Doral Academy, nan 7700 N.W. 98 St. Hialeah Gaden,* Rosa Parks Community School, nan 255 N.E. 2 Dr., Homestead., Ryder Elementary Charter School, 8360 N.W. 33 St., ak Techworld Public Charter School, nan 7630 Biscayne Blvd., Miami.

Senk lekòl "charter" louvri depi otòn pou tou ane eskolè 1998-1999 la e yo pral rantre nan dezyèm ane operasyon pandan ane skolè 2000-2001. Coral Reef Montessori Charter School, nan 19000 S.W. 112 Ave., Miami; Florida International Academy, nan 13250 N.W. 28 Ave., Opa-Locka. Mater Center School nan 7700 N.W .98 St., Hialeah Gardens; Spiral Tech Elementary Charter School, nan 12400 S.W. 72 St., Miami; e Youth Co-op Charter School, ki nan Hialeah Gardens tou, nan 12051 W. Okeechobee Rd., Hialeah Gardens.

Lekòl an "charter' yo fè pati pwogram edikasyon leta eta a e yo sou patwonay Komisyon Konsèy distri lokal la. Pou plis enfòmasyon, rele sistèm lekòl Division of Schools of Choice nan 305-995-1922.

* Ap tann apwoval Komisyon Kosèy Lekòl la pou modifye lokasyon lekòl la ki espesifye nan akò kontra pou Lekòl "Charter."

###

00-J0179CF

Anlè

 


Ouvèti Lekòl
PWOGRAM LEKTI AK KONPREYANSYON AP KÒMANSE TWAZYÈM ANE L

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Janvye 1998, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County pase youn nan pwogram lekti ak konpreyansyon nan peyi a pou elèv jadendanfan rive sou 12yèm ane eskolè.

Se anplwaye ak asistans nan "Ad Hoc Reading Committee" Komite Pou Amelyore Lekti ki te devlope l ey ap kontinye l pou otòn nan.

Kritè pou estrateji pwogram nan genyen ladann konponan sa yo:

Eleman kle pwogram nan se devlopman pwofesyonèl entansif pou pwofesè yo nan tout nivo ak e yon apwoch estrikti enstriksyon lekti. Yo ofri yon sèk sistematik sipò konsamtre kote yon lidè nan lekti nan chak lekòl e "feeder pattern"( lekòl nan menm katye) ak espesyalis Edikasyonèl nan e yon anplwaye nan distri a senkwonize efektif egzekisyon lpan an. Anplidesa, yo ap mete plis ranfòsman sou lekti atravè tout materyèl nan kourikouloum k ap remakab e espektasyon yo defini byen klèman nan tout nivo ane eskolè.

Se yon lide ki sipòte pa yon gran varyete òganizasyon kominotè, enstitisyon edikasyon ak ajans lokal, inisyatif lekti a tou sipòte konsèp "Greater Miami Chamber of Commerce" "Yon Kominote Yon Bi" kote misyon an se pou agrandi kad devlopman ekonomi kominote a atravè preparasyon pou gen plis travayè ki alfabetize. Sistèm lekòl la pwomote inisyativ la atravè kanpay "JUST READ".

Pou Plis enfòmasyon kontakte Barbar Silver 305-995-1907

###

00-J0180CF

Anlè

 


Ouvèti Lekòl
BIWO AVOKA ETA PWOGRAM ENTÈVANSYON KONT WOUL (TIP)

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) e Biwo Avoka Eta Miami-Dade County se patnè nan pwogram entèvansyon inovatif pou woul (TIP).

TIP konsantre nan redui krim jivenil nan Miami-Dade County epitou fè elèv yo ale lekòl nan yon baz ki konsistan. TIP mete entèvansyon bonè ak pwosekitè ki ranfòse lwa edikasyon nan Florid pafòs ansanm. Entèvansyon bonè ede elimine movèz aksyon ki asosye ak fè woul trè souvan e ki pwouve kriyèl nan detèmine siksè nan pwogram nan.

Yo te lanse pwogram nan an 1994 kòm yon esè nan kat lekòl elemantè. Ane pase yo te agrandi l nan tout lekòl elemantè nan lekòl leta Miami-Dade County, e nan 13 lekòl segondè (middle), yon lekòl segondè (high school), e li genyen siksè nan redui woul e vyolasyon kòd konduit M-DCPS, konsa tou li amelyore siksè akademik, pami prèske 90 pousan timoun yo te vize nan pwogram nan.

Paran e/oubyen gadyen elèv ki nan lekòl ki patisipe nan TIP ap resevwa yon lèt an otòn nan pou avize responsablite yo pou asire prezans pitit yo lekòl regilyèman e obeyi lwa eta a. TIP se pigwo efò kolaboratif Biwo Avoka Miami-Dade e M-DCPS te antreprann. E se li sèl nan kalite sa a ki egziste nan Florid la.

Pou plis enfòmasyon, rele Depatman Pwogram Espesyal, Telefòn pou Enfòmasyon pou Pwogrm Entèvasyon Kont Woul, nan 305-995-2755.

###

00-J0181CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
LEKÒL KOMINOTÈ OFRI OPÒTINITE EDIKAS
YONÈL NAN YON PRI OU KAB PEYE

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County genyen 68 kote pou lekòl kominotè ki ofri klas nan prèske tout sijè-- depi kòmanse nan yoga pou rive nan fèmanje pou rive nan lang etranje e fotografi -- swa yo gratis oubyen yo nan yon pri moun nan kab peye. Yo ofri pi fò kou nan apremidi oubyen nan nan aswè.

Pliske 92.000 moun pran avantaj sou opòtinite edikasyonèl sa a, e si yon gwoup vle aprann yon nouvo ladrès, Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè aranjman pou yo genyen klas la nan lekòl ki nan katye a.

Lekòl kominotè ofri klas pou nan tout laj, nan tout nivo ladrès, e moun kab pale tout lang. Ladrès travay kab amelyore kay elèv ki enskri nan klas tape oubyen klas òdinatè. Enpe nan kou yo kab menm sèvi pou kredi kolèj. Pou plis enfòmasyon sou avantaj ki genyen nan lekòl kominotè, rele "Bureau of Community Services", nan 305-995-1242.

###

00-J0182CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
LIY POU REPÒTE KRIM 1-888-432-2424

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Nan yon efò pou ede elèv Lekòl Leta Miami-Dade County santi yo pi alèz nan repòte krim lekòl, yo etabli liy telefòn pou repòte krim --1-888-432-2424. Liy pou repòte krim sa a ouvè 24 sou 24 pou pèmèt elèv yo repòte aktyèl krim ki fèt oubyen krim ki antisipe sou lekòl anoniman.

Lè elèv yo rele liy gratis pou repòte krim, yon anpwlaye byen prepare pou sa ap reponn pou ede yo e l ap dokimante enfòmasyon yo repòte a pou asire lapolis lekòl oubyen ajans ki ranfòse lalwa kab reponn byen vit. Elèv yo kab rele nimewo gratis la nan nenpòt telefòn san yo pap chaje yo.

Pou plis enfòmasyon silvouplè rele Depatman Polis Lekòl Leta Miami-Dade County nan 305-757-0514.

###

00-J0183CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
OU BEZWEN ÈD AVÈK DEVWA?
ANNIK RELE "DIAL-A-TEACHER"

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Pou jèn yo ak paran yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County, èd avèk devwa tou pre menm jan ak yon telefòn, yon "mouse" konpitè, oubyen yon televizyon.

"Dial-A-Teacher" nan nimewo 305-995-1600, ofri èd avèk devwa pa telefòn nan men pwofesè ki sètifye apati de 5:30 rive 8:30 diswa, lendi rive jedi. N ap jwenn èd nan lang espayòl oubyen kreyòl.

Pou rantre an kominikasyon avèk "web site" "Dial-A-Teacher" a, ale nan www.dial-a-teacher.com. Elèv ak paran ka voye devwa ak kesyon yo mande souvan yo nan "database".

Pwogram Dial-A-Teacher pwodui tou yon pwogram televizyon entè-aktif vivan de 5è a 6è diswa, lendi rive jedi. Pwogram nan liste nan orè kab lokal televizyon.

Se "Office of Workforce Developement Education" an kolaborasyon avèk "United Teacher of Dade" ki pwodui Pwogram "Dial-A-Teacher". Pou plis enfòmasyon, kontakte John C. Moffi nan 305-995-1822.

###

00-J0184RL

Anlè


Ouvèti Lekòl
VAKSEN ETA A MANDE POU ELÈV
JANDENDANFAN E SETYÈM ANE ESKOLÈ
BEZWEN ANVAN YO ANTRE LEKÒL

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Timoun ki prepare pou antre nan jadendanfan e setyèm ane eskolè pou ane lekòl 1999 -2000 bezwen pou yo pran vaksen apwopriye oubyen yo pap kab antre nan lekòl.

Sa se katriyè m ane pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv k ap antre nan setyèm ane eskolè resevwa yon dezyèm dòz vaksen pou sawonpyon, vaksen epatit B ki yon seri (twa dòz), e yon vaksen boustè pou tetanòs-dipterya anvan yo antre lekòl. Yo mande pou elèv ki nan uityèm, nevyèm ak dizyèm ane yo pran vaksen sa yo tou.

Tout timoun ki ap antre nan jadendanfan, premye ak dezyèm ane eskolè dwe pran yon seri vaksen epatit B anplisde vaksen sa yo te deja mande pou yo pran pou dipterya, koklich, tetanòs, polyo, sawonpyon, malmounton, e "rubella".

Timoun kab ale lekòl si yo nan pwosesis pou yo pran seri epatit B e yo genyen yon fòm medikal tanporè ki eskize yo ki klase nan dosye lekòl la. Se sèl Sètifika Depatman Sante pou Vaksen, fòm DOH 680, yo kab aksepte kòm verifikasyon yo anrèg pou vaksen.

Nou ankouraje paran pou kontakte doktè prive yo pou mete yon randevou pou timoun ki afekte daprè demand pou vaksen lekòl. Pifò vaksen yo mande yo kouvri anba regleman asirans sante.

Timoun paran yo pa ka peye pou vaksen yo kab resevwa vaksen anba pwogram "Vaccines For Children," ki ofri vaksen gratis pou 4.000 moun apwosimativman ki ofri swen sante prive nan prèske 1.850 sant nan Florid. Adisyonèlman yo ofri vaksen yo gratis nan tout sant depatman sante nan county an.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Pwogram Vaksen Espesyal nan Depatman pou Sante nan 305 376-1976 oubyen Lekòl Leta Miami-Dade County Depatman Pwogram Sante Konpreyansif nan 305-895- 1235.

###

00-J0186CF

Anlè


Ouvèti Lekòl
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
OFRI KLAS EDIKASYON ADILT E PWOFESYONÈL

KONTAK: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County ofri plis pase 100 pwogram nan edikasyon adilt e pwofesyonèl. Plis pase 60,000 elèv patisipe nan klas lajounen e le swa nan 27 lokasyon atravè konte a.

Pwogram yo ofri yo genyen ladan agribiznis, biznis teknoloji, syans fanmi e syans konsomatè, syans sante, pwomosyon, sèvis piblik, edikasyon pwofesyonèl epi yon nouvo "Virtual School District" Distri Lekòl Vityèl ki ofri edikasyon adilt sou konpitè. Pwogram Alfabetizasyon Debaz pou Adilt ki ofri enstriksyon ki chita sou evalyasyon endividyèl sou nivo ladrès yo genyen ak abilite yo nan chak sijè. Klas anglè pou moun ki pale lòt lang (ESOL) ede elèv ak ladrès langaj enpòtan pou chak jou. Epitou, elèv kab chwazi pou yo genyen diplòm "high school" atravè pwogram pou fini lekòl segondè (high school) epi kou preparasyon GED.

Klas yo ap kòmanse 28 out. Pou enfòmasyon sou kou yo, kontakte "Ed Works" Edikasyon pou Travay nan nimewo 305-995-2500, oubyen vizite paj "Edworks" la nan, www.edworks.org.

###

00-J0187/RL

Anlè


Ouvèti Lekòl
LEKÒL LETA SÈVIS TOTAL OFRI SÈVIS SANTE E SEVIS IMEN

KONTAK: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Yo deziye vensèt Lekòl Leta Miami-Dade kòm lekòl sèvis total. Yo entegre edikasyon, medikal e/oubyen sèvis sosyal e imen sou teren lekòl oubyen nan lokasyon ki aksesib pou satisfè plizyè bezwen timoun ak fanmi yo.

Inisyatif Komisyon Lekòl Sèvis Total Miami-Dade vize pou ofri ensantif pou lekòl, distri lekòl e pou ajans sèvis sante e imen eta a, lokal piblik e prive pou yo devlope relasyon kolaboratif k ap amelyore aksè sèvis pou timoun ak fanmi yo. Epitou, inisyatif la vize pou koòdone sèvis yo ofri, elimine duplikasyon sèvis ki pa nesesè atravè ajans yo, e sipòte pèfòmans timoun yo nan lekòl.

Pou plis enfòmasyon, kontakte biwo Doktè Fred Rodgers, Administratif Direktè pou Fonksyon Lekòl, nan 305-995-7656.

###

00-J0188/RL

Anlè


Ouvèti Lekòl
NOUVO PWOGRAM MATEMATIK AK
SYANS KÒMANSE FAZ PREMYE ANE

KONTAK: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


An mas 2000, Komisyon Lekòl Miami-Dade County pase yon plan konpreyansif pou matematik ak syans pou motive elèv pou vin enterese nan sijè sa yo e pou amelyore pèfòmans akademik. Faz nouvo plan an ap dire plis pase twa zan kòmanse otòn sa a e l ap bay elèv yo konesans sou matematik ak syans ki nesesè pou siksè nan edikasyon apre lekòl segondè e kòm anplwaye nan mache travay la.

Devlopman plan an ak ogmantasyon sou demand akademik la vini nan reponn yon pwojeksyon Miami-Dade Chamber of Commerce fè ki prevwa 120,000 travay nan domèn matematik, syans ak teknoloji ap rete ouvè paske anplwaye lekòl yo pa prepare.

Bi pwogram nan e demand lan genyen ladan konponan sa yo:

Sa ki kle pou siksè nouvo inisyatif la se yon apwòch strikti pou amelyore kapasite pwofesè pou anseye matematik ak syans pou transfòme pratik ansèyman pou vize sou yon konsèp enfòmasyon e rezoud pwoblèm.

Depi 1994, sistèm lekòl la ap travay pou amelyore siksè elèv nan syans ak matematik anba Pwogram Sistemik Iben (USP) ki resevwa fon anba Fondasyon Syans Nasyonal, ki vize ranfòsman kontni akademik e enstriktif e an menmtan reyisi nan enskri nan kou pou fi kòm gason ak diferan etnisite e jwenn rezilta nan pèfòmans. Yo konstamman ap enplemante yon kourikouloum ki baze sou estanda pou satisfè bezwen elèv yo e bi pwogram nan.

Pwogram nan ranfòse kontni akademik e amelyore enstriksyon. Anplisdesa, li ogmante siksè elèv sou egzamen estanda nan matematik, li ogmante enskripsyon nan nivo kou nan matematik e syans, li ogmante nonb elèv ki gradye e li ogmante patisipasyon paran ak patisipasyon kominote a.

Patnè kominotè yo, ki gen ladan inivèsite lekòl yo, bibliyotèk, gouvènman minisipalite pou ede konekte enstriksyon matematik ak syans nan sitiyasyon lavi reyèl e karyè. Anplisdesa, yo ap deziye pwogram yo ak University of Miami ak Florida International University pou pwodui 350 pwofesè matematik ak syans nan lekòl segondè diran 5 kan k ap vini an.

An me yo te eli Sipèentandan Lekòl Roger C. Cuevas kòm asistan chè "co-chairperson" pou Pwogram Sistemik Iben Koralisyon Sipèentandan pou solidifye wòl lidè distri yo nan amelyore edikasyon matematik ak syans.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Doktè Joseph P. Burke, Direktè USI, Matematik ak Syans, nan 305-995-2341.

###

00-J0190/RL

Anlè


Ouvèti Lekòl
SÈVIS KONPREYANSIF POU ELÈV
PWOGRAM POU SATISFÈ BEZWEN ELÈV

KONTAK: Carline Faustin
305-995-2192

26 jiyè 2000


Lekòl Leta Miami-Dade County ofri elèv li yo ak fanmi yo plizyè sèvis. Divizyon Sèvis Elèv mete yon ekip pwofesyonèl ansanm pou adrese bezwen pèsonèl, sosyal, edikasyonèl epi devlopman karyè pou tout elèv ki enskri nan klas pre-Matènèl jisrive nan edikasyon adilt. Konseye, sikològ, travayè sosyal, pwogram Konsèy pou Asistans Kolèj, espesyalis lè genyen yon kriz, espesyalis pou plasman pwofesyonèl, espesyalis pou entèvansyon kont elèv k ap fè woul, konsèy espesyal "TRUST"(Konseye kont itilizasyon dwòg) ap ofri konsèy akademik, evalyasyon konduit, planifikasyon karyè apre lekòl segondè, manajman nan kriz, konsèy, atelye pou paran, prevansyon ak entèvansyon kont itilizasyon dwòg.

Bonjan bi pwogram nan se pou elèv yo gradye ak ladrès nesesè pou yo kab dirije tèt yo, pran desizyon pou lavi reyèl e kontribye ak siksè nan sosyete a.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-7338 oubyen vizite paj "web" nan, www.dade.k12.fl.us/stservices.

###

00-J0206/RL

Anlè


Retounen nan paj Premye