ANONS LIV POU MWA DESANM NAN


4 desanm 2001


Jodi a Lekòl Leta Miami-Dade County anonse Liv Pou Mwa Desanm, an konjonksyon ak kanpay ANNIK LI "JUST READ" sistèm lekòl la pou ankourage lekti.

Espesyalis medya pou lekti nan distri lekòl la rekòmande, seleksyon sa yo pou amelyore ladrès lekti nan plizyè nivo lekti e ide pou paran ak timoun yo pou yo li ansanm. Seleksyon pou desanm nan se:

TÈM POU DESANM NAN - BYOGRAFI AK REZIME PASE YON MOUN

Jadendanfan jiska 2yèm Ane

One Man Show by Frank Asch

Ane Eskolè 3 jiska 5yèm Ane

Boy by Roald Dahl

Lekòl Segondè (Middle)

Guts: The True Stories Behind Hatchet and the Brian Books by Gary Paulsen

Lekòl Segondè (High)/Adilt

The Color of Water: A Black Man’s Tribute to His White Mother by James McBride

Seleksyon Pou Plizyè Lang

Perro y gato by Ricardo Alcántara (Espayòl, K-2)

Liv pou Mwa, ak JUST READ fè pati plan Konpreyansif pou Lekti Komisyon Konsèy Lekòl la mete sou pye pou 1998 pou asire tout timoun ka li nan nivo klas yo lè yo rive nan 3yèm ane eskolè.

Siksè resan tankou distri a gen ogmantasyon 10-pwen nan nòt twazyèm ane pousantaj mwayèn nan konpreyansyon lekti pou egzamen Stanford Achievement Test, ki motive Komisyon Konsèy la pou agrandi plan an pou yon lòt ane.

Nou kab wè Liv pou Mwa Desanm nan, menmjan ak konsèy sou lekti pou elèv ak paran, sou paj entènèt nou an ki [www.dade.k12.fl.us/inst/inst/lms/index.htm]. Seleksyon lekti pou mwa yo disponib nan bibliyotèk lekòl yo.
Pou plis enfòmasyon, rele Dr. Alicia G Moreyra, Direktè, Administratè, Divizyon pou "Language Arts/Reading" nan 305-995-1913; Christine Master, Administratè Direktè, Divizyon pou "Library and Media Services, nan 305-995-2249; oubyen Lourdes Rovira, Administratè Direktè, Divizyon pou "Bilingual Education and World languages," nan 305-995-1945.

###

01-AMC092/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases