### 02-AMC193CF

KOMISYON LEKÒL LA PRAL REVIZE PWOGRAM EDIKASYON
POU SÈVI
PLIZYÈ LANG E VOTE SOU PLAN POU NOUVO AKSYON
14 fevriye 2002
Jodi a komisyon lekòl la pral konsidere yon plan pou
agrandi edikasyon pou sèvi plizyè lang nan
Lekòl Leta Miami-Dade County.
Plan pou twa zan an ke yon task fòs
lòm-dafè e lidè nan edikasyon, mete sou
pye, rekòmande pou bay elèv yo plis
opòtinite pou yo pale plizyè lang e alfabetize
nan plizyè lang.
Se Chèmann Manm Komisyon Konsèy Perla Tabares
Hantman ki te pwopoze task fòs sa a e komisyon
lekòl yo apwouve li an out la.
"Travayè ki pale plizyè lan e ki alfabetize
nan lang sa yo se yon priyorite pou kominote biznis nou an,"
Hantman te di. "Bezwen sa a ap kontinye pou bay distri a
jarèt nan angajman yo pou ofri bonjan kalite
edikasyon nan lang.
Komisyon an tou pral resevwa yon rapò sou
pwogrè distri lekòl la nan edikasyon sou
plizyè lang depi nan plan yo te adopte anvan an
1998.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Lourdes C. Rovira,
Direktè Administratif pou Division of Bilingual
Education and World Languages nan 305-995-1945.