KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA AP RANKONTRE 8 SEPTANM


7 septanm 2004

Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè reyinyon regilyE mansèyl yo mèkredi 8 septanm a 1è nan aprèmidi nan oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la (SBAB), 1450 N.E. Second Avenue.

Pami sa ki pral diskite s:

  • Yon Plan Andwa Edikasyonèl pou Senk Ane ki ap triple nonb estasyon elèv ki pou fini nan ane eskolè 2005-2006, ki ap kòmanse a 5,845 pou rive 15,000 elèv. Adisyonèlman plan an mande yon reòganizasyon andwa distri a e depatman konstriksyon an pou ogmante efikasite e pwomote responsablite.

  • Adopsyon yon bidjè $4.79 bilyon anyèl pou premye fwa. Adisyonèlman komisyon konsèy la ap diskite amandman bidjè pwopoze a ki ap prezève rezèv $40 milyon kondisyonèl distri ae kreye yon rezèv pou itilize pou ogmante salè.

Reyinyon an ap sou zond Televizyon WLRN Chanèl 17 e Estasyon Radyo WLRN 91.3 FM. Li ap fè yon kanpe a 5:01 nan aprèmidi pou orè Odyans Piblik sou Bidjè a. Nou kab wè ajanda reyinyon an sou paj Entènèt distri lekòl la, ki se www.dadeschools.net, oubyen Sant Enfòmasyon Sitwayen distr a nan chanm 158, nan SBAB a. Pou plis enfòmasyon, rele Biwo Relasyon Piblik distri a nan 305-995-1126.

###

04-LJG/028/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases