### 04-MV/076/CF

FWA KOLÈJ NASYONAL AP VINI NAN MIAMI, DIMANCH 22
FEVRIYE
17 fevriye 2004
Plizyè Milye elèv ak paran nan Sid Florid ap
rankontre reprezantatif k ap soti nan plis pase 150
kolèj ak inivèsite pou vini nan Fwa
Kolèj Nasyonal 2004 la nan Miami k ap kòmanse
a midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 22 fevriye
nan Radison Mart Plaza Hotel, 777 N.W. 72 Ave.
Elèv, paran ak lòt moun envite nan fwa gratis
sa a.
Evènman an ap pèmèt elèv ak
lòt moun pou vin rankontre ak reprezantatif
kolèj yo e jwenn repons pou kesyon yo. Sesyon
enfòmasyon sou èd finansyèl planifye
pou kolèj, ak demand egzamen pou admisyon ap
disponib.
Konseye ak sant òdinatè ap pèmèt
elèv yo gen aksè sou sondaj karyè ki
enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon
kolèj, admisyon ak bous.
Se "The National Association for College Admission
Counseling (NACAC)" ak Lekòl Leta Miami-Dade ki
patwone evènman an. Manm Komisyon Konsèy
Perla Tabares Hantman se Ko-Chè komite lokal Fwa
Kolèj Nasyonal la. Chak ane NACAC a patwone fwa nan
prèske 40 vil atravè peyi a ki atire plis pase
400,000 elèv ak paran.
Pou plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn pou
Fwa Kolèj nan 305-955-1739 oubyen vizite
studentcareerservices.dadeschools.net
oubyen www.nacac.com.