M-DCPS OFRI PWOGRAM POU KONEKTE AK TIMOUN POU ADRESE FAKTÈ KI GEN RISKYO


7 janvye 2004


Lekòl Leta Miami-Dade County ap pran pati nan konekte ak timoun, nan pwogram edikasyon pou ladrès karaktè lavi. Kèk 30 elèv elemantè, segondè (middle and high schools) ap patisipe.

Se Wachovia Bank ak WFOR Channel 4 ki pwatwone pwogram nan. Prezantasyon espesyal sou televizyon ki koresponn ap pase sou zond WFOR. Sijè yo ap genyen ladan obèsite, enfliyans negatif kondisip, e prevansyon pou vyolans.

Sipèentandan Lekòl yo Merrett R. Stierheim te di, Karaktè edikasyon jwe yon wòl enpòtan nan ede elèv nou yo vin pi pwodiktif nan sosyete a." Li ajoute, li ede yo konnen sa ki mal e sa ki bon e kòman pou reponn a diferan chwa ki poze nan lavi konplike kounye a."

Kourikouloum nan, ki relate ak Estanda Eta (Sunshine) etabli a, ap enplemante pi ta nan mwa janvye a ak nan kòmansman fevriye a.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Paula Swope, espesyalis edikasyon nan Divizyon pou Sèvis Karyè, nan 305-955-1452.

###

04-MV/104/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases