NOU ENVITE PIBLIK LA NAN YON FOWÒM POU DISKITE KALIFIKASYON NOUVO SIPÈENTANDAN AN


3 fevriye 2004


Komite Seleksyon pou chwazi Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County a ap fè yon fowòm piblik lendi 9 fevriye a 6è pou 9è diswa nan oditoryòm Bilding Adimistrasyon an, 1450 NE Second Ave., Miami.

Komite a ap chèche ide nan men piblik la sou kalifikasyon yo dwe konsidere nan chwazi yon nouvo sipèentandan lekòl yo. Yo ankouraje endividi, menm jan ak reprezantatif nan òganizasyon kominotè yo, pou vin pataje sa yo panse sou desizyon enpòtan sa a.

Pou plis enfòmayon, silvouplè rele 305-995-1430.

###

04-MV/121/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases