|
MIAMI-DADE PAMI DIS PREMYE DISTRI LEKÒL YO MIAMI – Elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County ki pèfòme pi ba yo montre gwo amelyorasyon nan lekti, avèk 62 pousan k ap fè pwofi nan aprann ane sa a, daprè Depatman Edikasyon Florid la. Yo te nome Miami-Dade County pami dis premye konte kote elèv ki pèfome pi ba yo fè pwogrè siyifyan nan lekti. Lekòl Leta Miami-Dade County gen youn nan plan pi konpreyansif pou lekti nan peyi a pou tout elèv jadendanfan rive nan 12 ane eskolè. Li enkòpore demand pwogram federal Okenn Timoun Pap Ret Dèyè (NCLB) ak Annik Li, Florid! yo. Pami eleman plan an genyen de zè konsekitif chak jou sou enstriksyon lekti ar langaj pou elèv nan jadendanfan rive nan 5yèm ane eskolè ak ankadreman enstriksyonèl pou ane eskolè 6 a 12. Anplisdesa, yo ofri entèvansyon entansif lè yo bezwen nan tout nivo ane eskolè yo pou akselere siksè nan lekti. Pou Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid (FCAT) 2004-2005 la, mwayèn nòt pou lekti monte pou sis nan sèt elèv. # # # 06-LJG/004/RL |