POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 me 2005

CKONTAKTE: John Schuster
Lekòl Leta Miami-Dade County
(305) 995-1126

PARAN, TIMOUN, YON PA PLI PRÈ POU JWENN SIKSÈ PANDAN
PLAN POU AKADEMI PARAN AN AP AVANSE POU PI DEVAN

MIAMI –– Lekòl Leta Miami-Dade County apwouve jodi a yon gwo plan pou ede paran ak fanmi yo sipòte e nouri edikasyon pitit yo.

Nan objektif pou ede paran yo jwe yon wòl aktif nan edikasyon pitit yo, Akademi Paran an se yon patnè anbisye, kote tout kominote pral vize agrandi konesans ak ladrès paran yo pou yo kab an retou bay pitit yo boustè akademik e siksè nan lavi yo.  Yo pral divize kou Akademi yo nan twa kategori:

  • Kou Debaz yo: se pou ede paran yo avanse ladrès ak konesans yo pou gide edikasyon pitit yo avèk efikasite
  • Kou pou Devlopman yo: se pou ede paran yo ogmante kapasite pou ede tèt pa yo e, konsa, yo kab ede pitit yo
  • Kou pou Sètifikasyon yo: se pou ede paran yo elaji ladrès pou jwenn travay e posiblite pou travay nan pran pwogram oubyen fòmasyon pou yo kab sètifye

Rapò Sipèentandan Rudolph F. “Rudy” Crew sou Bati Fiti a Yon Paran Alafwa: Yon Rapò sou Patnè, Pwosesis ak Pwogrè, detaye plan an kounye a epitou travay ki pral gen pou fèt nan mwa k ap vini yo pou asire Akademi a ouvè nan kòmansman ane lekòl la ann out.

Premye ane Akademi Paran yo, ki se yon kòmansman pou siksè avni an, ap vin gen lavi atravè planifikasyon ak angajman pi plis pase 100 moun ki gen enterè, kòmanse sou paran rive sou manm biznis kominote a e sitwayen ki konsène.  Li gen ladan tou patnè avèk sèt kolèj ak inivèsite, 11 òganizasyon kominotè e twa gouvènman konte/lakomin.  Yo pral ofri kou, resous ak lòt opòtinite nan plis pase 80 lokasyon, ki gen ladan bibliyotèk piblik, kanpous kolèj ak inivèsite e kan pou travayè fèm migratè.  Genyen plan tou pou ofri gadri, transpòtasyon e asistans finansye pou materyo, founiti  ak pwogram pou sètifikasyon.

# # #

05-LJG/183/RL

Retournen sou Nòt pou laprès