POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 5 me 2006

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

PWOJÈ (SERVICE-LEARNING) “APRANN PANDAN Y AP RANN SÈVIS”
SOULIYEN ANGAJMAN ELÈV POU KOMINOTE YO

MIAMI – Akoz yo chaje yo ak defi pou yo aplike sa yo aprann nan klas pou yo ede rezoud pwoblèm oubyen pou yo reponn a yon bezwen kominotè yo idantifye, elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade ale pi lwen nan sa yo te sipoze fè e yo fè eksperyans kisa sa siyifi pou yo se sitwayen konsène nan kominote yo.

Nan yon seremoni semèn pase, yo te onore elèv ak lekòl yo ki te patisipe nan pwojè paske yo te fè travay yo byen.  Yo te bay chak lekòl distri rejyon yo prim pou pwojè eksepsyonèl.

Men lis gayan pou chak rejyon:

REJYON I: Sant Edikasyonèl Miami Lakes
Pwojè: Pwojè Aprann Pandan Y ap Rann Sèvis Istwa Oral Entèjenerasyonèl

Elèv nan klas Istwa Amerikèn e Gouvènman Ameriken Msye. John Moffi yo te patisipe nan yon pwojè istwa oral avèk veteran 2yèm Gè Mondyal yo.  Jèn istoryen yo te fè rechèch sou epòk 2yèm Gè Mondyal la e entèvyou veteran nan “Pigran Jenerasyon” an pou yo ka ede yo prezève eritaj yo.

REJYON II: Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop
Pwojè: Tribinal Elèv

Elèv nan klas Etid Lwa Konpreyansif Madan Connie Higgins yo met deyò pou chèche metòd ki ka redui kantite e prevni konpòtman dezòdone k ap ogmante nan lekòl yo.  Fiti avoka ak jij sa yo te devlope yon tribinal elèv, ki se yon altènatif volontè pou pwosesis konvansyonèl yon elèv dwe pase lè yo vyole regleman lekòl la.

Elèv ki te admèt yo koupab pou yon ofans te parèt devan yon jiri ki te fòme avèk kamarad yo.  Lòt elèv te fè volontè pou asime wòl avoka defans/pwosekitè, uisye, anplwaye tribinal, repòtè tribinal, ofisye pwobasyon ak jiri.   Tribinal elèv yo, apre yo fin tande tout evidans yo pou yo ka pran yon vèdik/jijman san patipri e ki rezonab, bay ofandè yo sanksyon yo.  Sanksyon yo gen ladan sèvis kominotè, medyasyon, devwa jiri, pran leson, e/oubyen ekskiz vèbal oubyen alekri.

Pwojè a ede pou redui konpòtman dezòdone e ankouraje yon dezi pou elèv yo amelyore tèt yo.  Li nouri tou yon atitid pozitif anvè lekòl e lalwa. 

REJYON III: Lekòl Segondè William H. Turner Technical Arts
Pwojè: HERITAJ: Achiv Istwa Oral Turner Tech

Chak ane elèv yo itilize ladrès teknik yo aprann nan Akademi Teknoloji Divètisman Endistriyèl la pou kaptire istwa lokal e onore sitwayen pyonye kominote yo.  Entèvyou elèv, dokimantasyon, kopi e repwodui memwa rezidan Miami, pou toude, fanmi moun yo entèvyou yo e pou bibliyotèk lekòl la.  Fiti savan yo ka itilize kaset yo tepe pou apwofondi konpreyansyon yo sou kòman evènman yo fòme lavi nou nan kominote nou an.

REJYON IV: Lekòl Elemantè Miami Shores
Pwojè: Siveye ak Prekosyon

Klas senkyèm ane eskolè Madan Julie Bride la idantifye preparasyon pou siklòn kòm inisyatif teren debaz yo.  Elèv yo jenere yon resansman pou vwazen yo kote yo mande yo ki kalite asistans yo bezwen pou ede yo prepare pou yon siklòn.  Yo ofri pou fè volontè tou pou asiste granmoun nan katye yo.

Yo ekri lèt voye bay ofisyèl gouvènman lokal yo pou mande sipò pou pwojè a e aprann fonksyonman gouvènman lokal la.  Yo aprann tou yo se faktè enpòtan nan pwosesis pou devlope fason pou ede gouvènman yo a reponn a bezwen yo. 

REJYON V: Lekòl Segondè Miami Douglas MacArthur
Pwojè: Pèsepsyon Ekolye

Elèv ki nan Pwogram etid Aprann Pandan Y ap Rann Sèvis Aprann Ar Vizyèl nan estidyo ArtSouth ki lokalize nan Homestead.  Jèn atis yo fè efò pou restore fyète kilti ki reprezante imigran travayè jaden yo ak fanmi yo nan South Dade nan kreye e ekspoze bèl objèdar.

Atis nan MacArthur South ak pwofesè yo, Madan Janis Klein Young ak Msye. Steve Alterman, vwayaje al nan ArtSouth pou etidye e pratike eritaj ar tradisyonèl Laten ak Karibeyen k ap disparèt la avèk atis nan zòn nan.  Elèv yo te ankadre tout objèdar yo te fè e yo te itilize yo pou leve aparans figi katye yo ki deprime. 

Atis yo tou te itilize ladrès yo te fèk dekouvri pou eveye lavi granmoun yo, ki nan kay moun retrete yo, timoun ki andikape sevèman e adilt ki nan sant rezidansyèl, timoun andikape fizik pwofon e timoun travayè nomad yo pa gen ase rechèch sou yo ki ale nan pwogram swen apre lekòl.

###

06-LJG/217/TEL/SD

Nòt Editè a: Foto chak gwoup gayan yo ap disponib lè yo mande yo.

Retournen sou Nòt pou laprès