POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 22 me 2006

KONTAKTE: Carline Faustin
Lekòl Leta Miami-Dade County
305-995-1188

PWOGRAM SÈVIS MANJE ETE NAN M-DCPS

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County pral patwone Pwogram Sèvis Manje Ete pou Timoun ki nan yon kantite lekòl ki elijib pandan lekòl ete a k ap kòmanse 21 jen 2006 pou 20 jiyè 2006.  Plizyè lekòl ka gen sesyon pi long.

Pwogram nan sanble menmjan ak Pwogram Nasyonal Repa-Midi nan Lekòl.  Li ofri repa nourisan ki balanse pou timoun san gade sou ras, koulè, sèks, enfimite, laj oubyen nasyonalite dorijin, pandan ete a.  Tout timoun 18 tan oubyen pi jèn elijib pou repa-midi e/oubyen dejene gratis.  Pap gen okenn diskriminasyon nan aktivite sèvis manje yo.

Yo apwouve pwogram yo pou zòn jewografik ki nan bezwen yo, oubyen nan lekòl kote mwatye nan kantite timoun kalifye pou manje gratis oubyen nan pri redui pandan ane lekòl la.  Pou plis detay e dat fonksyonman yo, silvouplè kontakte lekòl ki nan zòn ou rete a.

###

06-LJG/232/TEL/sd 

Retournen sou Nòt pou laprès