POU DIFIZE IMEDYATMAN
21 mas 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

* * * AVI MEDYA * * *

M-DCPS AP PREZANTE OLENPYAD AK FESTIVAL ANYÈL DISTRI A NAN “SECME” SYANS, TEKNOLOJI AK JENI

KIYÈS:
Plis pase 1000 patisipan ki konpoze ak elèv, paran, pwofesè ak patnè inivèsitè e plis pase 50 lekòl elemantè e segondè
KISA:

M-DCPS pral prezante  evènman anyèl Festival ak Olonpyad “SECME” Syans, Teknoloji, Jeni, ak Matematik.  Aktivite Fesiival la ak 10 evènman Olonpyad la pral ekspoze elèv nan lekòl elemantè, mwayen ak segondè  ki angaje nan jeni, matematik, e defi nan syans, nan yon anviwonman espò ki pozitif, konpetitif.  Yo pral egzibe e jije redaksyon, travay atis e banyè ki kominike entèpretasyon elèv pou tèm ane sa a ki se, SECME: Lanse Tapi pou Pwochèn Jenerasyon Eskplorè yo. Olenpyad la se yon konpilasyon pwojè ki fèt gras a patisipasyon elèv, paran ak pwofesè nan Seminè desen jeni lè samdi.

KILÈ:

Samdi 24 mas, ant 9è dimaten a 1:30 nan apèrmidi

KI KOTE:

Lekòl Segondè American
18350 NW 67 Avenue

POU KISA:
M-DCPS ap kontinye angaje elèv nan konpetisyon syans ak jeni kòm yon mwayen pou akonpli refòm edikasyonèl nan syans. “SECME” ofri elèv yo yon metòd altènatif, pratik pou fè eksperyans mond reyèl la nan matematik ak syans. Bi SECME a se pou ankouraje elèv, espesyalman pou minorite yo pousuiv degre aprè lekòl segondè nan jeni, matematik, syans, ak teknoloji nan mete yo an kontak ak enjenyè ki ede yo konprann enpòtans matematik ak syans nan ekonomi global la.

###

07-FMN/101/LP/ra

 

Retournen sou Nòt pou laprès