|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 me 2007
|
KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063
|
***NÒT POU LAPRÈS***
KILÈS: |
Anplawye Lekòl Leta Miami-Dade County, elèv, paran, ak lidè kominotè |
KISA: |
Anbyans Kreyòl, yon konferans sou edikasyon an Kreyòl
|
|
Samdi 5 me 2007, 8:30 dimaten – 3è nan aprèmidi
|
KI KOTE: |
Lekòl Leta North Miami Beach Senior, 1247 N.E. 167 Street
|
POUKISA: |
Lekòl Leta Miami-Dade County – Biwo Edikasyon Espesyal ak Sèvis Sikolojik ansanm ak lòt depatman ak sipòtè pral prezante premye konferans anyèl sou edikasyon pou paran Ayisyen. Konferans sa a pral fèt konplètman an Kreyòl. Admisyon, dejne ak repa-midi ap gratis. Pral gen moun k ap fè egzibisyon tankou ajans, ak moun ki pibliye liv, k ap distribye enfòmasyon sou sèvis ak pwodui yo. Aktivite yo ap enkli rakonte istwa, raf ak amizman. Vini chèche enfòmasyon sou sistèm lekòl leta a e sou kantite pwogram ak sèvis li ofri timoun nan kominote nou an. |
GADRI POU TIMOUN GRATIS, sèlman pou jounen sa a, pou timoun ki deja anrejistre. Pou anrejistre, pou jwenn enfòmasyon, akomodasyon pou moun ki andikape ak entèprèt, silvouplè rele Yverose Midy-Placide nan 305-995-2719 oubyen yplacide@dadeschools.net.
###
FMN-07/117/RA/RL
Retournen sou Nòt pou laprès
|