POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 me 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

***NÒT POU LAPRÈS***

KILÈS:
Anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County, elèv, paran, ak lidè kominotè
KISA:
 

Egzibisyon Akademi Kreyòl ak Festival Entènasyonal

KILÈ:

 

Samdi 12 me 2007, 11:00 dimaten – 3:00 nan aprèmidi

KI KOTE:
Lekòl Elemantè Morningside, 6620 NE 5th Avenue, Miami, Florida 33138
nan PE Field & Friendship Circle
POUKISA:

Evènman sa a pral montre pèfòmans elèv Lekòl Elemantè nan Doub Lang yo, monte jwèt (rides), mizik, rakonte istwa, pentire figi (face painting), manje ak enfòmasyon sou sèvis kominotè.

Lekòl la ap ouvè pou elèv, paran, ak manm kominotè yo.  Se premye selebrasyon Akademi Kreyòl-Ayisyen ak Pwogram Lang nan Lekòl Leta Miami Dade County.  Li pral bay paran yo ak tout kominote yo opòtinite pou yo wè sa ki ap pase anndan Akademi Kreyòl-Ayisyen an, ansanm ak pwogram Doub Lang Lekòl Elemantè Morningside ki gen ladan tou Fransè ak Espayòl.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Sonya Ballard nan 786-356-3368.

 

###

FMN-07/118/RA/rl

Retournen sou Nòt pou laprès