|
NÒT REDAKSYON FCAT MIAMI-DADE YO MONTE MIAMI – Elèv nan Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS) te ogmante nòt redaksyon yo anpil nan Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT) (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid), daprè rezilta Depatman Edikasyon Florida la te bay mèkredi yo. Doktè Rudolph F. Crew, Sipèentandan Lekòl yo te di: “San nou pa twò egzajere, nou trè optimis rezilta sa yo ap pote yon mouvman pozitif nan tout lekòl nou yo, espesyalman sa ki te ap lite ane dènye yo.” Nòt kat lekòl ki te gen gwo pwoblèm yo te ogmante; Lekòl Segondè Miami Edison Senior te ogmante 15 pwen pousantaj, Lekòl Segondè Miami Central te ogmante 10 pwen pousantaj, Lekòl Segondè Miami Jackson te ogmante uit pwen pousantaj, ak Lekòl Elemantè Natan B. Young te fè yon gwo kout monte pou rive nan 31 pwen pousantaj. Depi 2004, nòt elèv nan katriyèm ane eskolè yo te ogmante senk pwen, de 77 a 82. Nòt elèv nan uityèm ane eskolè yo te monte 13 pwen de 71 a 84. Nòt elèv nan dizyèm ane eskolè yo te desann toupiti de 79 pwen an 2004 pou 77 pwen an 2007, sepandan, nòt ane 2007 la ogmante 3 pwen de 74 pwen elèv dizyèm ane eskolè yo te fè an 2006. Lekòl Zòn pou Amelyorasyon nan Distri a te fè yon bonjan amelyorasyon tou depi ane 2004. Nòt elèv nan katriyèm ane eskolè yo te ogmante 10 pwen, de 69 a 79. Nòt elèv nan uityèm ane eskolè yo te monte 18 pwen de 60 a 78. Nòt elèv nan dizyèm ane eskolè yo de desann toupiti de 74 pwen an 2004 pou 70 pwen an 2007, sepandan, nòt 2007 la ogmante sis pwen de 64 pwen elèv dizyèm ane eskolè yo te fè an 2006. Pou premye fwa, elèv M-DCPS yo te fè mwayèn yo nan tout nivo ane eskolè yo te teste sou pòsyon ekri a nan egzamen redaksyon an. Ogmantasyon nan pousantaj nòt 3.5 oubyen piwo nan posyon redaksyon elèv M-DCPS yo te satisfè oubyen yo te depase nòt eta a nan touletwa ane eskolè yo te teste yo. ### 07-FMN/119/QT/rl |