|
LEKÒL SEGONDÈ HOWARD D. MCMILLAN AP RESEVWA PRIM MIAMI – Lekòl Mwayen Howard D. McMillan (H.D. McMillan Middle School) se youn nan sis enstitisyon ak biznis atravè Eta Florid la ki pral resevwa prim ki trè rechèche yo rele “Governor’s Sterling Award.” Gouvènè Florid la, Charlie Crist, Lt. Gouvènè Jeff Kottkamp ak Florida Sterling Council te anonse yo te resamman chwazi Lekòl Mwayen H.D. McMillan. Gouvènè Crist te di: “Mwen santi m onore pou m konplimante ak rekonèt Moun ki Resevwa prim “Governor’s Sterling Award” ane 2007 la. Yo rekonèt pwosesis ki anplas pou resevwa prim sa a kòm youn nan metòd ki pi konpreyansif pou kèlkeswa òganizasyon ki vle amelyore pèfòmans pou rive jwenn ekselans.” Prim “Governor’s Sterling Award” la rekonèt òganizasyon ak biznis nan Florid ki te pèfòme nan yon nivo siperyè nan fason yo dirije ak fonksyone. Chak gayan te sibi yon egzamen ak evalyasyon an pwofondè ki te enkli yon ekip egzaminatè ekspè ki te fè yon revizyon sou plas sou sistèm direksyon ak rezilta pèfòmans òganizasyonèl òganizasyon an. Lekòl Mwayen H.D. McMillan ki sitiye nan Sidwès Miami-Dade, se premye lekòl mwayen ki jwenn yon prim “Governor’s Sterling Award” depi li te debite 15 zan desa. Lekòl la te fè bonjan pwogrè nan lekti, redaksyon, ak matematik pandan twa dènye lane yo, ki pèmèt lekòl la te resevwa yon nòt “A” pou pèfòmans li an 2006. Direktè Winston A. Whyte te di “Se premye fwa yo rekonèt Lekòl H.D. McMillan kòm yon lekòl segondè nan Florid ki ap resevwa “Governor’s Sterling Award,” la kòm yon prim dewot kalite ak prestij, e li pale anpil sou kalite travay di, devosyon, ak angajman elèv, paran, pwofesè ak anplwaye, genyen nan pwomouvwa yon enstriksyon ki ekselan. Mwen santi m onore pou m Direktris yon lekòl ki distenge konsa.” Bankè pou “Governor’s Sterling Award” la ap fèt nan JW Marriott Orlando Grande Lakes 1ye jen 2007. ### 07-FHM/124/QT/rl |