POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 2 me 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

SEMÈN APRESYASYON PWOFESÈ 7-11 ME 2007

MIAMI – Yo rekonèt nan tout peyi a semèn 7-11 me 2007 kòm “Teacher Appreciation Week.”  (Semèn Apresyasyon Pwofesè.)  Lekòl Leta Miami-Dade County pral selebre plis pase 21,000 pwofesè li yo avèk postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj), ki prezante Pwofesè de Lane M-DCPS Joan Sharperson, Catherine Conkling-Wagner ki pran dezyèm plas, ak Finalis: Laurence Axtell, Susan Green, Meghan Hauptli, ak Richard Ingraham, Jr.

Nan reyinyon mwa davril Komisyon Konsèy Lekòl la, Vis-Chèmann Martin Karp te entwodui yon rezolisyon ki sipòte Semèn Apresyasyon Pwofesè a.  Doktè Karp, ki se yon ansyen pwofesè lekòl elemantè, konnen nan plamen ki enpak pozitif pwofesè gen sou elèv yo.  Doktè Karp te di “Yon pwofesè se yon modèl e yon enspirasyon pou elèv.  Nou dwe asire nou apresye pi gwo byen nou genyen e rakonte tout bèl istwa yo.” 

Rudy Crew Sipèentandan M-DCPS la di “Sa mande kouraj pou yon moun pwofesè.  Mwen vrèman bay angajman yo valè pou asire y ap bay elèv nou yo edikasyon yo bezwen e merite pou yo fè siksè nan mond reyèl la.  Mwen ankouraje nou chak pou pran yon moman pou remèsye pwofesè yo pou diferans y ap fè chak jou.”

An 1984, PTA “Parent Teacher Association” (Asosyasyon Paran Pwofesè) Nasyonal la etabli premye semèn mwa me a kòm Semèn Apresyasyon Pwofesè, pou onore fanm ak gason vanyan ki kite pasyon ak ladrès yo kondui yo pou edike timoun Amerika yo.       

# # #

07-FMN/125/QT/sd

Retournen sou Nòt pou laprès