|
JOAN SHARPERSON, YON PWOFESÈ DE LANE KI GEN ENSPIRASYON SA MANDE… KOURAJ M-DCPS Ap Selebre Semèn Apresyasyon Pwofesè, 7-11 Me Sa mande kouraj pou w se yon pwofesè ki enspire, pou motive, pou sousye epi plis toujou, pou mete ansèyman aksesib pou tout elèv. Joan Sharperson, ki gen 18 tan depi l ap anseye, se pwofesè sa a. Nan kòmansman ane a, yo te onore l kòm pwofesè de Lane Miami-Dade County. Semèn 7-11 me 2007 se Semèn Apresyasyon Pwofesè, e Lekòl Leta Miami-Dade County pral selebre Sharperson ak plis pase 21,000 pwofesè li yo avèk postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj), ki prezante tout Finalis Pwofesè de Lane yo. Kòm pwofesè katriyèm ane matematik ak syans nan Lekòl Elemantè Joella Good, Sharperson itilize yon tout kalite resous pou fè eksperyans enstriksyon pratik e fè li yo elèv li yo travay ak sèvo yo. Li ankouraje yon anviwonman nan salklas ki ede elèv panse kritik, e yo vin okipe, e kenbe yo angaje. Menmlè l ap fè eksperyans syans oubyen jwèt matematik, li kapte atansyon tout elèv yo. Rudy Crew, Sipèentandan M-DCPS la, te di “Mwen ankouraje nou chak pou remèsye pwofesè yo pou diferans y ap fè chak jou.” ### Postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj) prezante pwofesè de Lane Joan Sharperson, nan Lekòl Elemantè Joella C. Good; Catherine Conkling-Wagner ki pran dezyèm plas, nan Lekòl Segondè Miami Killian; Finalis Laurence Axtell, Lekòl Segondè Miami Northwestern; Finalis Susan Green, Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop; Finalis Meghan Hauptli, MAST Academy; Finalis Richard Ingraham, Jr., Sant Edikasyon South Dade. Postè a disponib sou Entènèt nan http://www2.dadeschools.net/features/itTakes.pdf. 07-FMN/128/HD/sd |