|
CATHERINE CONKLING-WAGNER, SE PWOFESÈ PWOFESÈ YO SA MANDE… KOURAJ M-DCPS Ap Selebre Semèn Apresyasyon Pwofesè, 7-11 Me Chak ane, Catherine Conkling-Wagner kòmanse klas “AP Advanced Placement” (Kou Avanse) ak Disètasyon li nan Lekòl Segondè Miami Killian ak objektif pou l kreye yon kominote moun kap aprann. Li kreye ak ekspètiz yon kantite aktivite enstriktif nan leson Lekti/Redaksyon li desine ak prekosyon, Conkling-Wagner itilize teyat, sinema, mizik ak karikati politik pou kreye yon anbyans nan klas ki rich ak aksyon e sansasyon. Yo te onore li nan kòmansman ane a kòm moun ki pran dezyèm plas Pwofesè de Lane nan Miami-Dade. Semèn 7-11 me 2007 se Semèn Apresyasyon Pwofesè, e Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) pral selebre Conkling-Wagner ak plis pase 21,000 pwofesè li yo avèk postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj), ki prezante tout Finalis Pwofesè de Lane yo. Conkling-Wagner soti nan yon long liy pwofesè e li gen 17 tan depi l ap anseye, tout nan ane sa yo lekòl kote li te gradye a, Lekòl Segondè Killian. Li fè salklas li tounen yon andwa pozitif kote elèv santi yo apresye efò pou yo e aprann pou siveye sou pwòp siksè yo. Menmlè li mete espwa li sou patisipasyon paran pou motive elèv li yo, oubyen planifye opòtinite pou fè atelye pou anplwaye, Conkling-Wagner vin tounen yon pwofesè total pou pwofesè yo. Rudy Crew Sipèentandan M-DCPS la te di “Mwen ankouraje nou chak pou remèsye pwofesè yo pou diferans y ap fè chak jou.” ### Postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj) prezante pwofesè de Lane Joan Sharperson, nan Lekòl Elemantè Joella C. Good; Catherine Conkling-Wagner ki pran dezyèm plas, nan Lekòl Segondè Miami Killian; Finalis Laurence Axtell, Lekòl Segondè Miami Northwestern; Finalis Susan Green, Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop; Finalis Meghan Hauptli, MAST Academy; Finalis Richard Ingraham, Jr., Sant Edikasyon South Dade. Postè a disponib sou Entènèt nan http://www2.dadeschools.net/features/itTakes.pdf. 07-FMN/129/HD/sd |