POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 8 me 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

FWA PWOFESÈ 2007 AP ANPLWAYE 1,500 PWOFESÈ

Lekòl Leta Miami-Dade County ap prezante Fwa Anyèl Pwofesè (TeacherFAIR) 11 ak 12 me, nan bi pou li anplwaye omwen 1,500 pwofesè pou ane lekòl 2007-2008 la.  Fwa a ap fèt vandredi 11 me, 9è dimaten pou 1è nan aprèmidi ak samdi 12 me, 9è dimaten pou midi nan Sant Kovens Florida International University, Biscayne Bay Campus, 3000 N.E. 151st Street.

Fwa a fèt pou entèvyouve pwofesè ak pou anplwaye kandida yo seleksyone yo sou plas.  Moun ki vle kandida dwe genyen bachelye yo avèk yon mwayèn jeneral 2.5 (cumulative grade point average) nan domèn etid yo e yo dwe elijib pou sètifika eta Florid la.  Genyen travay enstriksyonèl ak travay ki pa enstriksyonèl ki disponib nan matyè sa yo: Lekòl Elemantè K-6, Anglè, Edikasyon Elèv Eksepsyonèl, Konseye Gidans, Matematik, Lekti, Syans, Patolojis Lapawòl, ak plis toujou.

Yo ankouraje moun ki vle kandida pou yo anrejistre davans.  Pou plis enfòmasyon ak pou anrejistre sou entènèt vizite teacherfair.dadeschools.net oubyen rele nan 305-995 FAIR (3247).

###

07-FMN/130/QT/rl

Retournen sou Nòt pou laprès