|
SUSAN R. GREEN: ANKOURAJE ELÈV YO POU YO PATISIPE SA MANDE… KOURAJ M-DCPS Ap Selebre Semèn Apresyasyon Pwofesè, 7-11 Me Menmsi y ap etidye yon forè inonde nan Amazon oubyen y ap obsève abitid manje “grizzly bears” (lou gri) nan Alaska, edikatè Susan Green entegre eksperyans lavi reyèl nan anviwonman klas syans 11yèm – 12yèm ane eskolè nan Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop pou edike elèv li yo sou enpòtans anviwonman nou an ak mezi nou bezwen pran pou prezève li. Semèn 7-11 me 2007 se Semèn Apresyasyon Pwofesè, e Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) pral selebre Green ak plis pase 21,000 pwofesè li yo avèk postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj), ki prezante tout Finalis Pwofesè de Lane yo. Green se yon edikatè veteran pou 30 tan ak yon finalis pou Pwofesè de Lane, li dedye tèt li pou li pwodui sitwayen angaje ki apresye anviwonman an. Akozde efò li, elèv Krop yo te bati e mentni yon ekosistèm basen, yon rezèvwa pou elve bèt nan dlo, yon jaden papiyon ak yon jaden vejetab sou kanpous lekòl la. Green literalman pote mond lan bay elèv li yo. Rudy Crew Sipèentandan M-DCPS la te di “Mwen ankouraje nou chak pou remèsye pwofesè yo pou diferans y ap fè chak jou.” ### Postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj) prezante pwofesè de Lane Joan Sharperson, nan Lekòl Elemantè Joella C. Good; Catherine Conkling-Wagner ki pran dezyèm plas, nan Lekòl Segondè Miami Killian; Finalis Laurence Axtell, Lekòl Segondè Miami Northwestern; Finalis Susan Green, Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop; Finalis Meghan Hauptli, MAST Academy; Finalis Richard Ingraham, Jr., Sant Edikasyon South Dade. Postè a disponib sou Entènèt nan http://www2.dadeschools.net/features/itTakes.pdf. 07-FMN/131/HD/sd |