POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 9 me 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

LEKÒL ELEMANTÈ FLAMINGO
PRAN VÒL AK NASA

MIAMI – Lekòl Elemantè Flamingo se youn nan sèlman 25 lekòl nan peyi a yo chwazi kòm yon “NASA Explorer School (NES)” (Lekòl Eksplorè NASA.)  Pwogram NES la se yon inisyativ estratejik pou twazan ki pwomouvwa ak sipòte enkòporasyon kourikoulòm NASA ak pwogram yo nan kou syans, teknoloji, ak matematik pou elèv ki nan 4-9 ane eskolè. Lekòl Flamingo sititye nan 701 East 33 Street nan Hialeah.

Objektif pwojè NES la se pou:

  • Ogmante enterè elèv, konesans sou karyè yo, ak patisipasyon yo nan matematik, syans, teknoloji ak jewografi.
  • Ogmante abilite elèv pou aplike konsèp ak ladrès yo nan matematik, syans, teknoloji, ak jewografi nan fason ki fè sans.
  • Ogmante patisipasyon aktif ak devlopman pwofesyonèl edikatè yo nan syans.
  • Ogmante asistans akademik ak teknoloji edikatè yo itilize nan lekòl ki gen gwo popilasyon elèv ki manke jwenn sèvis yo.
  • Ogmante patisipasyon fanmi yo nan enstriksyon timoun yo.

NES vize popilasyon ki manke jwenn sèvis yo nan diferan lokasyon jewografik.  NES mete ansanm edikatè, administratè, elèv, ak fanmi yo nan soutni angajman yo nan pwogram edikasyonèl NASA yo.  Lekòl ki nan pwojè a elijib pou resevwa jiska $17,500 pandan peryòd twazan an pou ede yo entegre ekipman teknoloji ki sipòte angajman elèv nan syans ak matematik.

###

07-FMN/132/QT/rl

Retournen sou Nòt pou laprès