POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 me 2007

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

KLIB “CHESS” (ECHÈK) SANT K-8 EVERGLADES
BRIYE NAN TOUNWA NASYONAL

MIAMI – Gen moun ki kab rele li chans yon moun ki fèk ap kòmanse, men Klib Echèk Sant K-8 Everglades la te fè gwo pwen nan premye ane li, ki fè li resevwa yon envitasyon pou l al nan konpetisyon nan Tounwa Nasyonal Federasyon Echèk nan Etazini nan Nashville, Tennessee, 11 a 13 me.

Pandan match nasyonal yo, ekip la te fè konpetisyon ak 2,100 elèv ki soti nan plis pase 400 lekòl.  Ekip la te fini an 28yèm nan kategori K-3 a, e yo te bay chak moun sètifika ak yon twofe pou ekip la.  Se te sèl ekip nan kategori elve sa a ki te soti nan Florid.  Elèv Sant K-8 Everglades yo te jwenn envitasyon an apre yo te fini an sizyèm nan tounwa Florida Scholastic Super State Tournament ki te fèt deja ane sa a.

###

07-FMN-133/QT/rl

Retournen sou Nòt pou laprès