|
MEGHAN HAUPTLI, ANKOURAJE PASYON POU FÈ LEKTI POU TOUT LAVI Meghan Hauptli pote mond la bay elèv li yo nan MAST Academy chak jou akoz eksperyans li genyen kote li te rete e aprann nan andwa tankou Cameroon, West Africa; Dijon, France; ak Kumamoto, Japon. Tout kalite konesans sa yo motive, ranfòse e angaje elèv 9yèm ane eskolè nan klas Anglè li yo vin tounen moun ki ap aprann pou tout lavi. Semèn 7-11 me 2007 se Semèn Apresyasyon Pwofesè, e Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) pral selebre Green ak plis pase 21,000 pwofesè li yo avèk postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj), ki prezante tout Finalis Pwofesè de Lane yo. Kòm yon pwofesè Anglè, Hauptli toujou ap fè pwomosyon pou alfabetizasyon e transmèt pasyon li genyen pou literati, ki ankouraje elèv li yo fè lekti e savoure liv ak kontantman. Li kreye dewa ki siyifikan pou elèv yo nan enkòpore kanpay ekri lèt ak pèfòmans dramatik nan travay klas yo. Rudy Crew Sipèentandan M-DCPS la te di “Mwen ankouraje nou chak pou remèsye pwofesè yo pou diferans y ap fè chak jou.” ### Postè “It Takes… Courage” (Sa Mande… Kouraj) prezante pwofesè de Lane Joan Sharperson, nan Lekòl Elemantè Joella C. Good; Catherine Conkling-Wagner ki pran dezyèm plas, nan Lekòl Segondè Miami Killian; Finalis Laurence Axtell, Lekòl Segondè Miami Northwestern; Finalis Susan Green, Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop; Finalis Meghan Hauptli, MAST Academy; Finalis Richard Ingraham, Jr., Sant Edikasyon South Dade. Postè a disponib sou Entènèt nan http://www2.dadeschools.net/features/itTakes.pdf. 07-FMN/134/HD/sd |