|
YO CHWAZI SIPÈENTANDAN RUDY CREW KÒM Jodi a Minority Development & Empowerment, Inc. anonse li te chwazi Rudy Crew, Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County, pou resevwa prim “2007 Individual Spirit of Excellence Award” li a. Doktè Rudolph Moise te nonmen Doktè Crew, yon lidè biznis ak kominotè lokal. Moise te di “Doktè Crew toujou ap konbat pou amelyore opòtinite edikasyonèl ki avanse siksè timoun nan Kominote Karayibeyen an, e li te amelyore dyalòg avèk fanmi elèv sa yo anpil. Kòm yon lidè edikasyonèl, Doktè Crew demontre kouraj sa mande pou fè chwa ki difisil pou mete an fonksyon chanjman nesesè pou reyalize vizyon edikasyon ekselan pou tout elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County.” Doktè Crew te di “li se yon vrè onè pou Kominote Ayisyen ak Karayibeyen an rekonèt mwen. Prim “Spirit of Excellence Award” la se rezilta yon travay dekip. Soti nan pwofesè lekòl yo rive nan administratè distri yo, nou rete devan ak nan mitan sa nou bezwen bay tout elèv nou yo pou yo kab antre nan mond ki gen opòtinite san limit sa yo.” Yo ap rekonèt Doktè Crew pandan yon resepsyon pou Selebrasyon Fèt Drapo Ayisyen an ki ap fèt nan Parker Playhouse nan Fort Lauderdale vandredi 18 me. ### 07-FMN/135/CH/rl |